Back to Haitian Creole Bible online homepage (Contents Page of Online Bible)

 

1 Kings 10

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12] [13] [14] [15] [16] [17] [18] [19] [20] [21] [22]

1KINGS 10:1 ¶ Larenn peyi Saba tande pale ki kalite moun Salomon te ye ak jan sa te sèvi yon lwanj pou Seyè a. Li vwayaje pou lavil Jerizalèm pou l' sonde konesans Salomon avèk kèk keksyon difisil.
1KINGS 10:2 Se konsa, li rive lavil Jerizalèm avèk yon pakèt moun ak anpil chamo chaje fèy santi bon, bèl pyè koute chè ak kantite lò. Lè li rive devan Salomon, li mande l' tout kalite keksyon li te fè lide mande l'.
1KINGS 10:3 Salomon menm reponn tout keksyon l' yo. pa t' gen anyen ki te twò difisil ni pou li reponn ni pou li esplike.
1KINGS 10:4 Larenn peyi Saba a wè jan Salomon te gen anpil bon konprann. Li wè palè li te bati a.
1KINGS 10:5 Li wè kalite manje yo te sèvi sou tab li ak kay li te fè bati pou chèf li yo, jan li te òganize moun k'ap travay nan palè a, rad inifòm yo te genyen, domestik ki t'ap sèvi l' bweson, ak bèt li te ofri pou boule nèt pou Seyè a nan Tanp lan. Lè li wè tou sa, li pèdi lapawòl tèlman li te sezi.
1KINGS 10:6 Li di wa Salomon konsa: -Sa m' te tande nan peyi m' sou ou ak sou bon konprann ou an, se te vre!
1KINGS 10:7 Men, mwen pa t' vle kwè toutotan mwen pa t' vini wè ak je pa mwen. Men, sa m' te tande a se pa mwatye sa m' wè a. Bon konprann ou ak richès ou pi plis pase sa yo te di m' lan.
1KINGS 10:8 Ala bèl chans madanm ou yo genyen! Ala bèl chans moun k'ap travay avè ou yo genyen! Yo toujou la devan ou ap tande pawòl bon konprann k'ap soti nan bouch ou!
1KINGS 10:9 Lwanj pou Seyè a, Bondye ou la! Li moutre jan li kontan avè ou. Li mete ou wa peyi Izrayèl la. Li menm ki renmen peyi Izrayèl la pou tout tan, li mete ou wa pou ou ka kenbe peyi a nan lòd, nan bon chemen san patipri.
1KINGS 10:10 Larenn lan fè wa a kado senk tòn lò ak kantite fèy santi bon ak anpil pyè koute chè. Wa a pa janm resevwa nan lavi li kantite fèy santi bon larenn Saba te ba li lè sa a.
1KINGS 10:11 Batiman Iram yo ki te al chache lò nan peyi Ofi, te pote soti nan menm peyi sa a yon gwo kantite bwa koray ak anpil bèl pyè koute chè.
1KINGS 10:12 Salomon sèvi ak bwa koray la pou fè balistrad nan tanp lan ak nan palè a. Li fè gita ak bandjo pou mizisyen yo ak bwa sa a tou. Se te pi bon kalite bwa koray yo te janm fè antre nan peyi Izrayèl. Depi lè sa a yo pa janm wè sa ankò.
1KINGS 10:13 Wa Salomon te bay larenn peyi Saba a tou sa li te mande l', san konte lòt kado li menm, wa Salomon, li te vle ba li. Apre sa, larenn lan tounen nan peyi Saba ansanm ak tout moun ki te avè l' yo.
1KINGS 10:14 ¶ Chak lanne wa Salomon te resevwa vennsenk tòn lò,
1KINGS 10:15 san konte lajan li resevwa nan men moun k'ap fè trafik, nan men moun k'ap fè komès, nan men wa peyi Arabi yo ak nan men gouvènè pèp Izrayèl yo.
1KINGS 10:16 Salomon te fè fè desan (200) gwo plak pwotèj an fè. Lèfini, li fè kouvri yo chak ak yon kouch lò ki peze kenz liv.
1KINGS 10:17 Li fè fè tou twasan ti plak pwotèj an fè, li fè kouvri yo chak ak yon kouch lò ki peze kat liv. Li mete tout plak pwotèj sa yo nan Salon Rakbwa peyi Liban an.
1KINGS 10:18 Li fè fè yon gwo fotèy ak kòn elefan. Li fè kouvri l' ak pi bon kalite lò ki genyen.
1KINGS 10:19 Pou rive bò fotèy la, se pou ou te moute sis mach eskalye. Dèyè fotèy la te gen pòtre yon gwo tèt towo. Sou kote manch yo sou chak bò, te gen pòtre yon lyon.
1KINGS 10:20 Te gen douz lyon sou macheskalye yo, de sou chak mach, nan de pwent yo. Pa t' gen ankenn lòt peyi ki te gen fotèy pou w'a parèy ak fotèy sa a.
1KINGS 10:21 Tout gode wa Salomon te sèvi pou l' bwè te fèt an lò. Tout bagay ki te sèvi nan Salon Rakbwa peyi Liban an te fèt ak bon lò. Yo pa t' sèvi ak ajan menm, paske nan tan Salomon ajan pa t' vo anyen.
1KINGS 10:22 Li te gen kantite batiman pa l' ki t'ap vwayaje toupatou sou lanmè ansanm ak batiman Iram yo. Chak twazan, batiman yo tounen, yo pote lò, ajan, kòn elefan, pan ak makak.
1KINGS 10:23 Wa Salomon te pi rich pase tout lòt wa yo, li te gen plis bon konprann pase yo tout.
1KINGS 10:24 Tout moun toupatou te vle vin wè l' pou tande pawòl bon konprann Bondye te mete nan bouch li.
1KINGS 10:25 Chak moun ki te vini te pote kado pou li: bagay fèt an ajan ak an lò, rad, zam, fèy santi bon, chwal ak milèt. Chak lanne se te konsa.
1KINGS 10:26 Salomon te sanble mil katsan (1.400) cha lagè ak douzmil (12.000) chwal pou sòlda kavalye yo. Li mete yon pòsyon ladan yo nan lavil li te fè bati tout espre pou yo. Rès yo, li mete yo bò kote l' lavil Jerizalèm.
1KINGS 10:27 Pandan tout rèy wa a, ajan te tankou wòch lavil Jerizalèm. Bwa sèd menm, ou te jwenn sa an kantite tankou pye sikomò nan rakbwa ki nan plenn peyi Jida yo.
1KINGS 10:28 Chwal Salomon yo te soti nan peyi Lejip ak nan peyi Silisi. Wa a te gen moun pa l' ki te konn al achte chwal yo pou li la.
1KINGS 10:29 Chak cha lagè achte nan peyi Lejip te koute sisan (600) pyès ajan, chak chwal te koute sansenkant (150) pyès ajan. Se menm moun sa yo ki te konn al achte chwal pou revann wa peyi Et yo ak wa peyi Siri yo.

 


Search the online bible

Back to Jesus Work Ministry main home page

Back to Jesus Work Ministry home for spiritual warfare and Christian deliverance ministry

Back to Jesus Work Ministry home for resources on Christian living

Christian deliverance and Spiritual warfare book 1

Christian deliverance and Spiritual warfare book 2

Christian deliverance and Spiritual warfare book 3

Christian deliverance and Spiritual warfare book 4

Spiritual warfare and Christian deliverance ministry classics

Other spiritual warfare and Christian deliverance resources on Jesus Work Ministry

Christian deliverance and spiritual warfare audio sermons (free Christian MP3 audio downloads)

Read online Bible - Haitian Creole Bible online. Free online bible on SpiritualWarfare.JesusWork.org -An evangelical online ministry website of Jesus Work Ministry revealing biblical truth and recent errors on spiritual warfare and deliverance ministry principles. Wrong spiritual warfare is harmful when practiced. Avoid the snare of end-time false doctrine and its sad consequences. Free deliverance and spiritual warfare books, spiritual warfare sermons, spiritual warfare audio sermons (free Christian mp3 downloads) and other resources reveal what is bible based and false Christian spiritual warfare and Christian deliverance. Spiritual growth and Christian living resources on spiritual warfare and Christian deliverance ministry principles.

Essential resources for fellow evangelicals whether in Pentecostalism, charismatic movement, Baptist, Presbyterian, AG, AME, non-denominations, Christian fundamentalists, moderates and liberals. Non-evangelicals and non-Christians most welcome. The Truth that brings true freedom knows no boundaries. Learn to distinguish between biblical and non-scripture based spiritual warfare, spiritual warfare prayers, deliverance prayers and other areas of deliverance ministry (deliverence ministry) such as casting out demons, binding demons, dealing with territorial spirits, breaking generational curses, etc.

Plus learn the truth on our spiritual armor (spiritual armour), spiritual weapons of warfare, prayer and fasting, the sword of the spirit, pleading the blood of Jesus, spiritual battles, fighting spiritual warfare, familiar spirits, spiritual authority, demonic attacks, demonic possession cases, demonic influence, casting out demons, demonic deliverance, spiritual healing, healing the wounded spirit, biblical financial freedom etc. Solving the confusion on what is spiritual warfare, deliverance ministry and bringing healing to victims of false doctrine practiced by some “deliverance ministries.” Ultimately revealing Christ, and his truth that came to set captives free from deception, spiritual bondage, the curse of the law and so on. “If you hold to my teaching, you are really my disciples. Then you will know the truth, and the truth will set you free,” Jn 8:31-32. “So if the Son sets you free, you will be free indeed,” Jn 8:36.