Back to Haitian Creole Bible online homepage (Contents Page of Online Bible)

 

Ecclesiastes 8

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12]

ECCLES 8:1 ¶ Se moun ki gen bon konprann ki konnen jan pou l' bay esplikasyon. Lè yon moun gen bon konprann, sa fè kè l' kontan, tout pli nan fwon l' disparèt.
ECCLES 8:2 Se pou ou fè sa wa a bay lòd fè a, poutèt sèman ou te fè devan Bondye a.
ECCLES 8:3 Pa prese wete kò ou devan li, pa pèsiste nan move pant lan, paske li ka fè ou sa li vle.
ECCLES 8:4 Lè wa a pale, se fini. Pa gen moun ki pou mande l' poukisa l'ap fè sa l'ap fè a.
ECCLES 8:5 Moun ki fè sa yo ba li lòd fè a pa nan pwoblèm. Yo p'ap fè l' anyen. Yon nonm ki gen bon konprann konnen ki jan ak kilè pou l' fè sa li gen pou l' fè a.
ECCLES 8:6 ¶ Chak bagay gen jan pou yo fè l' ak lè pou yo fè l'. Se la tout tèt chaje a ye.
ECCLES 8:7 Pesonn pa konnen sa ki pral rive. Epi pa gen pesonn ki ka di nou sa ki pral rive.
ECCLES 8:8 Pesonn pa mèt lavi l'. Lè jou a rive pou l' mouri, fòk li mouri. Pesonn pa ka ranvwaye jou lanmò li. Nou pa ka kouri pou batay sa a. Ata mechanste mechan yo pa ka sove yo.
ECCLES 8:9 ¶ Mwen wè tou sa, lè m' t'ap kalkile sou sa k'ap pase sou latè. Moun ap dominen sou moun pou fè yo soufri.
ECCLES 8:10 Wi. Mwen wè yo antere mechan yo, yo kouche kadav yo anba tè. Mwen wè moun ki mache dwat yo pa menm jwenn kote pou moun antere yo. Tout moun nan lavil la bliye sa yo te fè. Tou sa ankò pa vo anyen, sa p'ap sèvi anyen.
ECCLES 8:11 Se paske yo pran twòp tan pou yo pini moun ki fè mal yo ki fè moun toujou anvi fè sa ki mal.
ECCLES 8:12 Yon moun k'ap fè sa ki mal gen dwa fè san (100) krim, yonn sou lòt, epi l'ap toujou mache sou moun. Men, mwen konnen yo di tou: Si ou gen krentif pou Bondye, w'ap viv ak kè kontan, paske ou respekte Bondye.
ECCLES 8:13 Men se pa menm bagay la pou mechan an. L'ap malere, lavi li tankou yon lonbraj. L'ap mouri bonè, paske li pa gen krentif pou Bondye.
ECCLES 8:14 ¶ Men tou sa se pawòl anlè. Gade sa k'ap pase sou latè: Gen moun ki mache dwat ki resevwa pinisyon mechan yo. Gen mechan ki resevwa rekonpans moun ki mache dwat yo. Mwen di tou sa pa vo anyen.
ECCLES 8:15 Se konsa mwen mache di se pou tout moun jwi lavi yo, paske sèl plezi yon nonm gen nan lavi a se manje, se bwè, se pran plezi. Se sa ase li ka fè pandan l'ap travay di nan lavi Bondye ba l' pou l' viv sou latè a.
ECCLES 8:16 Chak fwa mwen pran desizyon pou m' chache konprann, chak fwa mwen pran kalkile sa k'ap pase sou latè, mwen wè ou te mèt pa janm dòmi lajounen kou lannwit,
ECCLES 8:17 ou p'ap janm ka konprann travay Bondye sou latè. Ou mèt fè sa ou vle, ou p'ap janm ka rive jwenn sa w'ap chache a. Moun ki gen bon konprann kwè yo konnen. Men yo pa konnen plis pase yon lòt.

 


Search the online bible

Back to Jesus Work Ministry main home page

Back to Jesus Work Ministry home for spiritual warfare and Christian deliverance ministry

Back to Jesus Work Ministry home for resources on Christian living

Christian deliverance and Spiritual warfare book 1

Christian deliverance and Spiritual warfare book 2

Christian deliverance and Spiritual warfare book 3

Christian deliverance and Spiritual warfare book 4

Spiritual warfare and Christian deliverance ministry classics

Other spiritual warfare and Christian deliverance resources on Jesus Work Ministry

Christian deliverance and spiritual warfare audio sermons (free Christian MP3 audio downloads)

Read online Bible - Haitian Creole Bible online. Free online bible on SpiritualWarfare.JesusWork.org -An evangelical online ministry website of Jesus Work Ministry revealing biblical truth and recent errors on spiritual warfare and deliverance ministry principles. Wrong spiritual warfare is harmful when practiced. Avoid the snare of end-time false doctrine and its sad consequences. Free deliverance and spiritual warfare books, spiritual warfare sermons, spiritual warfare audio sermons (free Christian mp3 downloads) and other resources reveal what is bible based and false Christian spiritual warfare and Christian deliverance. Spiritual growth and Christian living resources on spiritual warfare and Christian deliverance ministry principles.

Essential resources for fellow evangelicals whether in Pentecostalism, charismatic movement, Baptist, Presbyterian, AG, AME, non-denominations, Christian fundamentalists, moderates and liberals. Non-evangelicals and non-Christians most welcome. The Truth that brings true freedom knows no boundaries. Learn to distinguish between biblical and non-scripture based spiritual warfare, spiritual warfare prayers, deliverance prayers and other areas of deliverance ministry (deliverence ministry) such as casting out demons, binding demons, dealing with territorial spirits, breaking generational curses, etc.

Plus learn the truth on our spiritual armor (spiritual armour), spiritual weapons of warfare, prayer and fasting, the sword of the spirit, pleading the blood of Jesus, spiritual battles, fighting spiritual warfare, familiar spirits, spiritual authority, demonic attacks, demonic possession cases, demonic influence, casting out demons, demonic deliverance, spiritual healing, healing the wounded spirit, biblical financial freedom etc. Solving the confusion on what is spiritual warfare, deliverance ministry and bringing healing to victims of false doctrine practiced by some “deliverance ministries.” Ultimately revealing Christ, and his truth that came to set captives free from deception, spiritual bondage, the curse of the law and so on. “If you hold to my teaching, you are really my disciples. Then you will know the truth, and the truth will set you free,” Jn 8:31-32. “So if the Son sets you free, you will be free indeed,” Jn 8:36.