Back to Haitian Creole Bible online homepage (Contents Page of Online Bible)

 

Esther 5

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10]

ESTHER 5:1 ¶ Sou twazyèm jou a, Estè mete rad larenn li sou li, li ale, li kanpe nan lakou anndan palè a, devan salon wa a. Wa a te chita sou fòtèy li anndan salon an anfas pòt pou antre a.
ESTHER 5:2 Lè wa a wè larenn Estè kanpe deyò a, sa te fè kè l' kontan, li lonje baton an lò ki te nan men l' lan ba li. Estè antre, li manyen pwent baton an.
ESTHER 5:3 Wa a mande l': -Sa ki genyen, larenn Estè? Sa ou bezwen? Ou te mèt mande m' mwatye nan peyi a, m'ap ba ou li.
ESTHER 5:4 Estè reponn li: -Si sa fè wa a plezi, mwen ta renmen wa a vini ansanm ak Aman nan yon ti fèt m'ap fè pou li lakay mwen aswè a.
ESTHER 5:5 Lamenm wa a di: -Kouri vit al chache Aman pou n' al kay Estè ki envite nou. Se konsa, wa a ale nan ti fèt Estè te fè pou li a ansanm ak Aman.
ESTHER 5:6 Pandan yo t'ap bwè diven, wa a mande Estè konsa: -Di m' sa ou vle, m'ap ba ou li. Ou te mèt mande m' mwatye nan peyi a, m'ap ba ou li.
ESTHER 5:7 Estè reponn, li di konsa: -Sa m' bezwen...? Sa m' ta mande ou...?
ESTHER 5:8 Si wa a kontan avè m', si se plezi li pou li ban m' sa m' vle a, pou li fè sa m'a mande l' fè a. mwen ta renmen wa a ansanm ak Aman vini denmen lakay mwen pou yon lòt ti fèt m'ap fè pou li ansanm ak Aman. Lè sa a, m'a di monwa sa m' bezwen.
ESTHER 5:9 ¶ Jou sa a, lè Aman soti nan fèt la, li te kontan, li t'ap ri ak tout moun. Men, lè li rive bò pòtay palè a, li wè Madoche pa menm fè yon rimay leve lè l'ap pase. Li move anpil sou Madoche,
ESTHER 5:10 men li pa kite moun wè sa, epi li al lakay li. Lèfini, li fè chache zanmi l' yo, epi li mande madanm li Zerès pou li vini tou.
ESTHER 5:11 Aman konmanse pale devan yo, li di yo jan li rich, jan li gen lajan, konbe pitit gason li genyen, jan wa a te moute l' grad, li te mete l' chèf anwo tout lòt chèf ak tout lòt moun k'ap sèvi nan gouvenman an.
ESTHER 5:12 Lèfini, li di: -Sa ki pi rèd, larenn Estè fè fèt pou wa a, kilès ou kwè li envite? Mwen menm ase, pèsonn ankò! Men li envite m' pou denmen ankò!
ESTHER 5:13 Men, tou sa pa di m' anyen, toutotan m'a wè jwif yo rele Madoche a chita nan papòt palè wa a.
ESTHER 5:14 Lè sa a, Zerès, madanm li, ak tout zanmi l' yo di l' konsa: -Poukisa ou pa fè yo kanpe yon poto swasannkenz pye wotè nan lakou lakay ou? Denmen maten, w'a mande wa a pou yo pann Madoche nan poto a. Apre sa, wa va ale nan fèt la ak kè kontan. Aman wè se te yon bon lide yo te ba li la a. Li fè kanpe yon poto swasannkenz pye wotè nan lakou lakay li.

 


Search the online bible

Back to Jesus Work Ministry main home page

Back to Jesus Work Ministry home for spiritual warfare and Christian deliverance ministry

Back to Jesus Work Ministry home for resources on Christian living

Christian deliverance and Spiritual warfare book 1

Christian deliverance and Spiritual warfare book 2

Christian deliverance and Spiritual warfare book 3

Christian deliverance and Spiritual warfare book 4

Spiritual warfare and Christian deliverance ministry classics

Other spiritual warfare and Christian deliverance resources on Jesus Work Ministry

Christian deliverance and spiritual warfare audio sermons (free Christian MP3 audio downloads)

Read online Bible - Haitian Creole Bible online. Free online bible on SpiritualWarfare.JesusWork.org -An evangelical online ministry website of Jesus Work Ministry revealing biblical truth and recent errors on spiritual warfare and deliverance ministry principles. Wrong spiritual warfare is harmful when practiced. Avoid the snare of end-time false doctrine and its sad consequences. Free deliverance and spiritual warfare books, spiritual warfare sermons, spiritual warfare audio sermons (free Christian mp3 downloads) and other resources reveal what is bible based and false Christian spiritual warfare and Christian deliverance. Spiritual growth and Christian living resources on spiritual warfare and Christian deliverance ministry principles.

Essential resources for fellow evangelicals whether in Pentecostalism, charismatic movement, Baptist, Presbyterian, AG, AME, non-denominations, Christian fundamentalists, moderates and liberals. Non-evangelicals and non-Christians most welcome. The Truth that brings true freedom knows no boundaries. Learn to distinguish between biblical and non-scripture based spiritual warfare, spiritual warfare prayers, deliverance prayers and other areas of deliverance ministry (deliverence ministry) such as casting out demons, binding demons, dealing with territorial spirits, breaking generational curses, etc.

Plus learn the truth on our spiritual armor (spiritual armour), spiritual weapons of warfare, prayer and fasting, the sword of the spirit, pleading the blood of Jesus, spiritual battles, fighting spiritual warfare, familiar spirits, spiritual authority, demonic attacks, demonic possession cases, demonic influence, casting out demons, demonic deliverance, spiritual healing, healing the wounded spirit, biblical financial freedom etc. Solving the confusion on what is spiritual warfare, deliverance ministry and bringing healing to victims of false doctrine practiced by some “deliverance ministries.” Ultimately revealing Christ, and his truth that came to set captives free from deception, spiritual bondage, the curse of the law and so on. “If you hold to my teaching, you are really my disciples. Then you will know the truth, and the truth will set you free,” Jn 8:31-32. “So if the Son sets you free, you will be free indeed,” Jn 8:36.