Back to Haitian Creole Bible online homepage (Contents Page of Online Bible)

 

Haggai 2

[1] [2]

HAG 2:1 ¶ Jou ki make venteyenyèm jou nan setyèm mwa nan menm lanne a, Seyè a bay pwofèt Aje yon lòt mesaj ankò.
HAG 2:2 Li di li konsa: -Pale ak Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, gouvènè peyi Jida a, ak Jozye, granprèt la, pitit gason Jozadak la, ansanm ak pèp ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a. W'a di yo:
HAG 2:3 Eske gen yonn nan nou ki chonje jan tanp lan te bèl nan tan lontan? Ki jan nou wè l' koulye a? Nou pa wè li pa vo anyen?
HAG 2:4 Men koulye a, kouraj, Zowobabèl! Se Seyè a menm k'ap pale avè ou. Kouraj, Jozye, granprèt la, pitit Jozadak la! Kouraj, nou tout ki rete nan peyi a! Se Seyè a menm k'ap pale ak nou! Mete men nan travay la, paske mwen la avèk nou! Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa!
HAG 2:5 Lè nou t'ap soti kite peyi Lejip la, mwen te pwomèt mwen t'ap toujou la avèk nou. Enben! M' la nan mitan nou. Nou pa bezwen pè.
HAG 2:6 Paske men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: Anvan lontan, mwen pral souke syèl la ak latè a, lanmè a ak tè yo.
HAG 2:7 Mwen pral souke tout nasyon yo. Yo pral pote tout richès yo isit la, yo pral plen kay sa a ak bèl bagay. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.
HAG 2:8 Se pou mwen tout lò ak tout ajan sou latè ye. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.
HAG 2:9 Kay sa a ap pi bèl lontan pase premye a. Se isit la menm m'ap bay tout moun kè poze. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa!
HAG 2:10 ¶ Jou ki te make vennkatriyèm jou nan nevyèm mwa nan dezyèm lanne rèy wa Dariyis la, Seyè ki gen tout pouvwa a bay pwofèt Aje yon lòt mesaj ankò. Li di l' konsa:
HAG 2:11 -Al mande prèt yo sa lalwa di sou sa.
HAG 2:12 Si yon moun pran yon moso vyann yo mete apa pou Bondye, li vlope l' nan ke rad li. Lèfini, li kite rad la touche yon pen, osinon yon manje kwit, osinon yon veso ki gen diven osinon ki gen lwil, ou nenpòt ki kalite manje, èske sa ap mete manje a apa pou Bondye tou pou sa? Lè Aje mande prèt yo sa, yo reponn li: -Non!
HAG 2:13 Lèfini, Aje mande yo: -Lè yon moun pa nan kondisyon pou l' sèvi Bondye paske li te manyen yon kadav, lèfini si li manyen yonn nan kalite manje sa yo, èske sa ap fè manje yo pa bon pou sa pou moun ki nan kondisyon pou sèvi Bondye? Prèt yo reponn li: -Wi!
HAG 2:14 Lè sa a, Aje di yo konsa: -Men sa Seyè a di. Se menm bagay la tou pou pèp nasyon sa a ansanm ak tou sa y'ap fè a. Sa yo ofri ban mwen an pa bon, paske yo pa nan kondisyon pou yo sèvi Bondye.
HAG 2:15 Men sa Seyè a di ankò: -Depi jòdi a, kalkile byen sou sa ki rive nou. Anvan nou te konmanse rebati kay ki apa pou Seyè a,
HAG 2:16 ki jan sa te ye pou nou? Nou te al fè rekòt nan yon jaden ble, nou te konprann nou t'ap jwenn vin barik, se dis ase nou jwenn. N' al chache diven nan yon barik depo, nou te konprann nou t'ap jwenn senkant galon, se vin galon ase nou jwenn.
HAG 2:17 Mwen voye lawouy ak lagrèl gate tou sa nou te plante ak men nou. Mwen fè yo kanni. Men, nou yonn pa tounen vin jwenn mwen. Se Seyè a ki di sa.
HAG 2:18 Men jòdi a, vennkatryèm jou nan nevyèm mwa a, jou nou te fini ak fondasyon tanp lan, kalkile byen sou sa ki pral rive nou la a!
HAG 2:19 Ata grenn pou plante pa gen ankò nan depo nou yo. Ni pye rezen nou yo, ni pye fig frans nou yo, ni pye grenad nou yo, ni pye oliv nou yo pa donnen ankò. Men, depi jounen jòdi a, mwen pral beni nou.
HAG 2:20 ¶ Menm jou sa a, ki te vennkatriyèm jou nan mwa a, Seyè a bay Aje yon dezyèm mesaj. Li di l' konsa:
HAG 2:21 -Pale ak Zowobabèl, gouvènè peyi Jida a, di l' pou mwen: Mwen pral souke syèl la ak latè a.
HAG 2:22 Mwen pral jete wa k'ap gouvènen yo, mwen pral detwi pouvwa nasyon yo. Mwen pral chavire cha lagè yo ansanm ak moun ki sou yo. Tout chwal yo pral mouri. Pou moun ki te sou chwal yo menm, yonn pral touye lòt ak nepe yo.
HAG 2:23 Jou sa a, m'ap pran ou, ou menm Zowobabèl, sèvitè m' lan, pitit gason Chealtyèl la, m'ap ba ou pouvwa pou gouvènen nan non mwen, paske se ou menm mwen chwazi pou sa. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa

 


Search the online bible

Back to Jesus Work Ministry main home page

Back to Jesus Work Ministry home for spiritual warfare and Christian deliverance ministry

Back to Jesus Work Ministry home for resources on Christian living

Christian deliverance and Spiritual warfare book 1

Christian deliverance and Spiritual warfare book 2

Christian deliverance and Spiritual warfare book 3

Christian deliverance and Spiritual warfare book 4

Spiritual warfare and Christian deliverance ministry classics

Other spiritual warfare and Christian deliverance resources on Jesus Work Ministry

Christian deliverance and spiritual warfare audio sermons (free Christian MP3 audio downloads)

Read online Bible - Haitian Creole Bible online. Free online bible on SpiritualWarfare.JesusWork.org -An evangelical online ministry website of Jesus Work Ministry revealing biblical truth and recent errors on spiritual warfare and deliverance ministry principles. Wrong spiritual warfare is harmful when practiced. Avoid the snare of end-time false doctrine and its sad consequences. Free deliverance and spiritual warfare books, spiritual warfare sermons, spiritual warfare audio sermons (free Christian mp3 downloads) and other resources reveal what is bible based and false Christian spiritual warfare and Christian deliverance. Spiritual growth and Christian living resources on spiritual warfare and Christian deliverance ministry principles.

Essential resources for fellow evangelicals whether in Pentecostalism, charismatic movement, Baptist, Presbyterian, AG, AME, non-denominations, Christian fundamentalists, moderates and liberals. Non-evangelicals and non-Christians most welcome. The Truth that brings true freedom knows no boundaries. Learn to distinguish between biblical and non-scripture based spiritual warfare, spiritual warfare prayers, deliverance prayers and other areas of deliverance ministry (deliverence ministry) such as casting out demons, binding demons, dealing with territorial spirits, breaking generational curses, etc.

Plus learn the truth on our spiritual armor (spiritual armour), spiritual weapons of warfare, prayer and fasting, the sword of the spirit, pleading the blood of Jesus, spiritual battles, fighting spiritual warfare, familiar spirits, spiritual authority, demonic attacks, demonic possession cases, demonic influence, casting out demons, demonic deliverance, spiritual healing, healing the wounded spirit, biblical financial freedom etc. Solving the confusion on what is spiritual warfare, deliverance ministry and bringing healing to victims of false doctrine practiced by some “deliverance ministries.” Ultimately revealing Christ, and his truth that came to set captives free from deception, spiritual bondage, the curse of the law and so on. “If you hold to my teaching, you are really my disciples. Then you will know the truth, and the truth will set you free,” Jn 8:31-32. “So if the Son sets you free, you will be free indeed,” Jn 8:36.