Back to Haitian Creole Bible online homepage (Contents Page of Online Bible)

 

Hebrews 7

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12] [13]

HEB 7:1 ¶ Mèlkisedèk sa a, se te wa peyi Salèm, yon prèt ki t'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. Lè Abraram t'ap tounen lakay li, apre li te fin kraze kèk wa nan yon batay, Mèlkisedèk vin kontre l', li ba l' benediksyon.
HEB 7:2 Lè sa a, Abraram separe ba li yon dizyèm nan tou sa li te pran. Non Mèlkisedèk la gen de sans. Nan yon premye sans, li vle di Wa ki bay jistis la. Men, akòz li te wa peyi Salèm, li gen yon dezyèm sans. Li vle di tou Wa ki bay kè poze a.
HEB 7:3 Mèlkisedèk sa a, nou pa konn ni papa l', ni manman l', ni okenn nan zansèt li yo. Yo pa di ki bò l' te fèt, ni ki bò l' mouri. Li tankou Pitit Bondye a, li rete prèt pou tout tan.
HEB 7:4 Nou tou wè ki kalite grannèg nonm sa a te ye, pou granpapa nou, Abraram, te ba li yon dizyèm nan tou sa l' te pran nan batay la.
HEB 7:5 Dapre lalwa Moyiz, se nan ras Levi ase yo chwazi moun ki pou sèvi prèt. Prèt sa yo resevwa lòd pou yo mande pèp la yon dizyèm sou tout bagay, sa vle di, yo mande moun ki sitwayen menm peyi ak yo pou bay yon dizyèm nan tou sa yo genyen. Men, yo tout se pitit pitit Abraram yo ye.
HEB 7:6 Mèlkisedèk menm pa t' moun ras Levi. Men malgre sa, Abraram te ba li yon dizyèm nan tou sa li te pran. Sa ki pi rèd ankò, Mèlkisedèk bay moun ki te resevwa pwomès Bondye a benediksyon.
HEB 7:7 Moun ki bay benediksyon pi gran pase moun ki resevwa benediksyon. Sa se vre.
HEB 7:8 Nan ka prèt ras Levi yo, ofrann yon dizyèm lan se pou moun ki gen pou mouri. Men, nan ka Mèlkisedèk la, ladim lan se pou yon moun ki vivan, jan sa ekri nan Liv la.
HEB 7:9 Gen plis ankò: nou ka di lè Abraram te bay ofrann dizyèm lan, Levi te peye l' tou, li menm Levi ki gen pitit pitit li yo k'ap resevwa ofrann dizyèm lan koulye a.
HEB 7:10 Paske, nan yon sans, Levi ki pa t' ankò fèt te nan ren granpapa l', Abraram, lè Mèlkisedèk te vin kontre l' la.
HEB 7:11 ¶ Se sou baz travay prèt ras Levi yo Bondye te bay pèp Izrayèl la lalwa Moyiz la. Si travay prèt ras Levi yo te yon travay ki te bon nèt, pa ta gen nesesite menm pou yon lòt prèt ki menm jan ak Mèlkisedèk men ki pa menm jan ak Arawon ta vini.
HEB 7:12 Lè yo chanje travay prèt la, se pou yo chanje lalwa a tou.
HEB 7:13 Men, nan tout pawòl sa yo, se sou Seyè a y'ap pale. Men li menm, li soti nan yon lòt branch fanmi, ki pa janm gen pesonn ladan l' ki te konn fè sèvis prèt yo devan lòtèl la.
HEB 7:14 Sa se bagay tout moun konnen, Jezi te fèt nan branch fanmi Jida. Moyiz pa t' janm bay non sa a lè li t'ap pale sou prèt yo.
HEB 7:15 Bon, men yon lòt pwen k'ap eklèsi keksyon an plis toujou. Nou wè se yon lòt prèt ki tankou Mèlkisedèk ki vin la a.
HEB 7:16 Yo pa t' fè l' prèt dapre regleman lèzòm: men, se akòz pouvwa lavi ki p'ap janm fini an kifè yo fè l' prèt.
HEB 7:17 Men sa ki ekri nan Liv la: Ou prèt pou tout tan menm jan ak Mèlkisedèk.
HEB 7:18 Konsa, yo mete ansyen regleman an sou kote, paske li fèb, li pa t' kapab sèvi anyen ankò.
HEB 7:19 Lalwa Moyiz la pa t' kapab rann anyen bon nèt sou tout pwen. Men, koulye a, yo ban nou yon pi bèl espwa, kifè nou ka pwoche bò kot Bondye.
HEB 7:20 Gen yon lòt bagay ankò: Se sèman Bondye te fè a. Bondye te fè lòt yo prèt san l' pa t' fè sèman.
HEB 7:21 Men pou Jezi, Bondye te fè sèman lè li t'ap mete l' prèt, paske li te di: Bondye fè sèman. L'ap toujou kenbe pawòl li: Ou prèt pou tout tan.
HEB 7:22 Konsa, avèk Jezi sa ban nou yon garanti, nou gen yon lòt kontra ak Bondye ki pi bon lontan pase premye a.
HEB 7:23 Gen yon lòt diferans ankò: Te gen anpil prèt nan lòt kategori a, paske se tout tan yo t'ap mouri. Yon sèl pa t' ka kenbe travay la nèt ale.
HEB 7:24 Men, Jezi li menm toujou vivan, li pa janm bezwen renmèt travay prèt la bay okenn lòt moun pou fè l' nan plas li.
HEB 7:25 Se poutèt sa, depi koulye a, epi pou tout tan, li ka delivre tout moun, l'ap fè yo pwoche bò kot Bondye paske li menm li toujou vivan, l'ap lapriyè Bondye pou yo.
HEB 7:26 Konsa, Jezi se granprèt nou te bezwen an. Li bon nèt, li pa janm fè okenn bagay ki mal, ni okenn peche. Yo mete l' apa, yo wete l' nan mitan moun k'ap fè peche yo. Bondye leve l', li mete l' pi wo pase syèl la.
HEB 7:27 Li pa tankou lòt granprèt yo. Li pa bezwen ap ofri chak jou yon bann bèt pou yo touye pou peche pa l' yo anvan, epi pou peche pèp la apre sa. Li pa nan sa li menm. Li fè yon sèl ofrann fini ak sa lè li te ofri tèt li a.
HEB 7:28 Dapre lalwa Moyiz la, se moun ki poko bon nèt yo te mete sèvi granprèt. Men, dapre pawòl sèman Bondye a, pawòl ki vin lontan apre lalwa a, moun Bondye mete granprèt la, se Pitit li a ki te vin bon nèt sou tout pwen pou tout tan.

 


Search the online bible

Back to Jesus Work Ministry main home page

Back to Jesus Work Ministry home for spiritual warfare and Christian deliverance ministry

Back to Jesus Work Ministry home for resources on Christian living

Christian deliverance and Spiritual warfare book 1

Christian deliverance and Spiritual warfare book 2

Christian deliverance and Spiritual warfare book 3

Christian deliverance and Spiritual warfare book 4

Spiritual warfare and Christian deliverance ministry classics

Other spiritual warfare and Christian deliverance resources on Jesus Work Ministry

Christian deliverance and spiritual warfare audio sermons (free Christian MP3 audio downloads)

Read online Bible - Haitian Creole Bible online. Free online bible on SpiritualWarfare.JesusWork.org -An evangelical online ministry website of Jesus Work Ministry revealing biblical truth and recent errors on spiritual warfare and deliverance ministry principles. Wrong spiritual warfare is harmful when practiced. Avoid the snare of end-time false doctrine and its sad consequences. Free deliverance and spiritual warfare books, spiritual warfare sermons, spiritual warfare audio sermons (free Christian mp3 downloads) and other resources reveal what is bible based and false Christian spiritual warfare and Christian deliverance. Spiritual growth and Christian living resources on spiritual warfare and Christian deliverance ministry principles.

Essential resources for fellow evangelicals whether in Pentecostalism, charismatic movement, Baptist, Presbyterian, AG, AME, non-denominations, Christian fundamentalists, moderates and liberals. Non-evangelicals and non-Christians most welcome. The Truth that brings true freedom knows no boundaries. Learn to distinguish between biblical and non-scripture based spiritual warfare, spiritual warfare prayers, deliverance prayers and other areas of deliverance ministry (deliverence ministry) such as casting out demons, binding demons, dealing with territorial spirits, breaking generational curses, etc.

Plus learn the truth on our spiritual armor (spiritual armour), spiritual weapons of warfare, prayer and fasting, the sword of the spirit, pleading the blood of Jesus, spiritual battles, fighting spiritual warfare, familiar spirits, spiritual authority, demonic attacks, demonic possession cases, demonic influence, casting out demons, demonic deliverance, spiritual healing, healing the wounded spirit, biblical financial freedom etc. Solving the confusion on what is spiritual warfare, deliverance ministry and bringing healing to victims of false doctrine practiced by some “deliverance ministries.” Ultimately revealing Christ, and his truth that came to set captives free from deception, spiritual bondage, the curse of the law and so on. “If you hold to my teaching, you are really my disciples. Then you will know the truth, and the truth will set you free,” Jn 8:31-32. “So if the Son sets you free, you will be free indeed,” Jn 8:36.