Back to Haitian Creole Bible online homepage (Contents Page of Online Bible)

 

Hosea 4

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12] [13] [14]

HOS 4:1 ¶ Seyè a gen yon pwose l'ap mennen ak moun k'ap viv nan peyi a. Nou menm, pitit Izrayèl yo, koute sa Seyè a ap di: -Nan peyi a, bonjou moun pa laverite. Yo pa gen bon kè ankò. Pa gen moun ki konn Bondye ankò nan peyi a.
HOS 4:2 Se fè sèman pou gremesi, se bay manti. Se touye moun, se vòlò, se fè adiltè. Y'ap kraze gason, se krim sou krim.
HOS 4:3 Se poutèt sa, peyi a pral nan lapenn. Tout moun nan peyi a pral deperi. Tout zannimo nan savann, tout zwazo k'ap vole nan syèl, tout pwason nan lanmè pral mouri.
HOS 4:4 Seyè a di: Piga pesonn louvri bouch yo di yon mo! Piga pesonn kritike anyen! Se nou menm prèt yo, m'ap akize koulye a.
HOS 4:5 Gwo lajounen, n'ap fè sa nou pa t' dwe fè. Lannwit menm, ata pwofèt yo ap fè tankou nou. Se fini m'ap fini ak pèp la ki tankou yon manman sitirèz pou nou.
HOS 4:6 ¶ Pèp mwen an ap fini, paske li pa konnen mwen. Prèt yo voye tou sa mwen te moutre yo jete. Se konsa, mwen menm tou, mwen p'ap rekonèt yo pou prèt mwen ankò. Yo voye tou sa mwen menm, Bondye yo a, mwen te moutre yo a jete. Mwen menm tou, m'ap voye pitit yo jete.
HOS 4:7 Plis nou gen prèt, se plis n'ap fè sa ki mal devan je m'. Se poutèt sa, kote pou yo ta respekte nou an, se la y'ap fè nou wont.
HOS 4:8 Plis pèp la plonje nan fè peche, se plis n'ap vin pi rich. Se konsa nou ta renmen wè pèp la fè peche plis toujou.
HOS 4:9 Sa k'ap rive pèp la, se sa k'ap rive nou tou, nou menm prèt yo. M'ap regle nou pou tout move mès nou yo. M'ap fè nou peye tou sa nou fè ki mal.
HOS 4:10 N'a manje sa ki pou nou nan bèt nou ofri yo, men n'a rete grangou toujou. N'ap fè sèvis pou zidòl yo pretann di k'ap bay pitit, men n'a rete san fè pitit. Tou sa, paske nou vire do bay Seyè a pou nou kouri dèyè lòt bondye.
HOS 4:11 Seyè a di: -Nan sèvi lòt bondye, fanm, diven ak bweson fè pèp la pèdi tèt li.
HOS 4:12 ¶ Se yon moso bwa y' al mande sa pou yo fè! Se yon bout bwa ki pou di yo sa yo bezwen konnen! Yo tankou yon fanm marye ki lage kò l' nan fè jennès, yo pèdi tèt yo. Y'ap kouri dèyè lòt bondye, y'ap twonpe Seyè a!
HOS 4:13 Yo moute sou tèt mòn yo al ofri bèt pou touye. Y' al boule lansan sou ti mòn yo, anba pye bwadchenn, anba pye sikren ak pye mapou, kote ki gen bon lonbraj! Se poutèt sa, pitit fi yo ap lage kò yo nan jennès, bèlfi yo ap fè adiltè.
HOS 4:14 Non. Mwen p'ap pini ni pitit fi nou yo, ni bèlfi nou yo pou sa y'ap fè a, paske se nou menm gason k'ap fèmen kò nou apa ak medam k'ap fè jennès nan tanp yo. Nou mete tèt ansanm ak yo pou fè sèvis pou lòt bondye. Tankou pawòl la di: Yon pèp ki san konprann, se yon pèp ki fini.
HOS 4:15 Si moun Izrayèl yo vle vire do ban mwen, mwen ta swete moun Jida yo pa fè menm jan an tou! Pa ale lavil Gilgal! Pa moute Betavenn pou fè sèvis! Pa pran non Bondye vivan an pou fè sèman!
HOS 4:16 Paske, moun Izrayèl yo gen tèt di pase milèt pòt. Ki jan pou Seyè a ka mennen yo al manje nan savann tankou ti mouton?
HOS 4:17 Moun Efrayim yo menm lage kò yo bay zidòl yo nèt. Kite yo pou kont yo!
HOS 4:18 Yo mete tèt yo ansanm ak yon bann gwògè. Yo lage kò yo nan fanm. Yo pito sa ki pou fè yo wont la pase sa ki pou ta fè moun respekte yo.
HOS 4:19 Yo pran nan yon move kouran. Y'a wont ofrann bèt y'ap fè pou touye pou zidòl yo.

 


Search the online bible

Back to Jesus Work Ministry main home page

Back to Jesus Work Ministry home for spiritual warfare and Christian deliverance ministry

Back to Jesus Work Ministry home for resources on Christian living

Christian deliverance and Spiritual warfare book 1

Christian deliverance and Spiritual warfare book 2

Christian deliverance and Spiritual warfare book 3

Christian deliverance and Spiritual warfare book 4

Spiritual warfare and Christian deliverance ministry classics

Other spiritual warfare and Christian deliverance resources on Jesus Work Ministry

Christian deliverance and spiritual warfare audio sermons (free Christian MP3 audio downloads)

Read online Bible - Haitian Creole Bible online. Free online bible on SpiritualWarfare.JesusWork.org -An evangelical online ministry website of Jesus Work Ministry revealing biblical truth and recent errors on spiritual warfare and deliverance ministry principles. Wrong spiritual warfare is harmful when practiced. Avoid the snare of end-time false doctrine and its sad consequences. Free deliverance and spiritual warfare books, spiritual warfare sermons, spiritual warfare audio sermons (free Christian mp3 downloads) and other resources reveal what is bible based and false Christian spiritual warfare and Christian deliverance. Spiritual growth and Christian living resources on spiritual warfare and Christian deliverance ministry principles.

Essential resources for fellow evangelicals whether in Pentecostalism, charismatic movement, Baptist, Presbyterian, AG, AME, non-denominations, Christian fundamentalists, moderates and liberals. Non-evangelicals and non-Christians most welcome. The Truth that brings true freedom knows no boundaries. Learn to distinguish between biblical and non-scripture based spiritual warfare, spiritual warfare prayers, deliverance prayers and other areas of deliverance ministry (deliverence ministry) such as casting out demons, binding demons, dealing with territorial spirits, breaking generational curses, etc.

Plus learn the truth on our spiritual armor (spiritual armour), spiritual weapons of warfare, prayer and fasting, the sword of the spirit, pleading the blood of Jesus, spiritual battles, fighting spiritual warfare, familiar spirits, spiritual authority, demonic attacks, demonic possession cases, demonic influence, casting out demons, demonic deliverance, spiritual healing, healing the wounded spirit, biblical financial freedom etc. Solving the confusion on what is spiritual warfare, deliverance ministry and bringing healing to victims of false doctrine practiced by some “deliverance ministries.” Ultimately revealing Christ, and his truth that came to set captives free from deception, spiritual bondage, the curse of the law and so on. “If you hold to my teaching, you are really my disciples. Then you will know the truth, and the truth will set you free,” Jn 8:31-32. “So if the Son sets you free, you will be free indeed,” Jn 8:36.