Back to Haitian Creole Bible online homepage (Contents Page of Online Bible)

 

Isaiah 23

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12] [13] [14] [15] [16] [17] [18] [19] [20] [21] [22] [23] [24] [25] [26] [27] [28] [29] [30] [31] [32] [33] [34] [35] [36] [37] [38] [39] [40] [41] [42] [43] [44] [45] [46] [47] [48] [49] [50] [51] [52] [53] [54] [55] [56] [57] [58] [59] [60] [61] [62] [63] [64] [65] [66]

IS 23:1 ¶ Men yon mesaj pou lavil Tir: -Nou menm maren ki sou batiman Tasis yo, nou mèt plenn sò nou! Lavil Tasis fini. Pa gen kay ankò, pa gen pò! Yo t'ap tounen soti peyi Kitim lè yo pran nouvèl la.
IS 23:2 Nou menm kòmèsan Sidon yo, moun lakòt, nou pral rete men nan bouch. Nou te voye moun lòt bò lanmè
IS 23:3 achte ble yo rekòlte bò larivyè Nil nan peyi Lejip la, apre sa pou nou mache vann li avèk gwo benefis. Nou t'ap fè kòmès ak tout peyi.
IS 23:4 Lavil Sidon, ou menm ki te yon si bon pò, yo pral fè ou wont! Lanmè a pale, li di konsa: Mwen pa janm gen pitit, mwen pa janm fè pitit. Mwen pa janm gen pitit gason pou m' elve, ni pitit fi pou m' bay levasyon.
IS 23:5 Lè moun Lejip yo va pran nouvèl sa ki te rive lavil Tir, yo pral tranble nan kanson yo!
IS 23:6 Nou menm moun peyi Finisi, moun lakòt, travèse lòt bò lanmè. Al nan peyi Tasis. Nou mèt plenn sò nou!
IS 23:7 Lavil sa a, se pa lavil kote moun te toujou ap fè fèt la? Se pa yon lavil ki la depi nan tan lontan? Se pa lavil ki te konn voye yon koloni moun pa l' yo al tabli nan peyi lòt bò lanmè pou chita pouvwa li plis?
IS 23:8 Se lavil Tir wa a te chita ap nonmen chèf. Tout kòmèsan li yo, se gwo chèf yo te ye. Negosyan l' yo menm, se moun yo te respekte toupatou sou latè. Kilès ki te pran desizyon fè lavil Tir la sa?
IS 23:9 Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki te pran desizyon sa a. Li fè sa pou kraze lògèy yo te genyen pou tout bèl bagay yo te fè, pou l' te ka trennen tout grannèg peyi a nan labou.
IS 23:10 Nou menm moun li yo ki nan peyi Tasis, pito nou travay tè nou tankou moun bò larivyè Nil yo. Pa gen moun pou pwoteje nou ankò.
IS 23:11 Seyè a te lonje men l' anwo lanmè a. Li te jete wa ki t'ap gouvènen yo a. Li te bay lòd pou yo detwi tout pò moun Finisi yo te gen nan peyi Kanaran.
IS 23:12 Li di: -Nou menm, moun lavil Siyon, nou pa nan fè fèt ankò! Nou tankou yon jenn fi yo ta fè kadejak sou li. Nou mèt leve, travèse lòt bò lanmè. Al nan peyi Kitim. Menm la, yo p'ap kite nou an repo.
IS 23:13 Gade peyi Tir la! Se pa moun Lasiri yo ki te lage l' nan men bèt nan bwa yo. Se moun Babilòn yo ki te fè sa. Se yo ki te bati fò won byen wo pou sènen peyi a. Yo kraze tout fò lavil Tir yo. Yo fè yo tounen mazi.
IS 23:14 Nou menm maren ki sou batiman Tasis yo, nou mèt plenn sò nou, paske yo detwi gwo pò nou an!
IS 23:15 ¶ Yon lè ap rive, yo pral bliye lavil Tir pandan swasanndizan, laj yon wa rive genyen anvan li mouri. Men, apre swasanndizan sa yo, lavil Tir pral tankou jennès yo pale nan chante a:
IS 23:16 Pran gita ou! Mache nan tout lavil la! Ou menm, jennès yo te bliye a! Jwe bèl mizik, chante bèl chante ou yo ankò pou yo ka chonje ou!
IS 23:17 Wi, apre swasanndizan, Seyè a va kite lavil Tir reprann menm vye kòmès li a. Lavil Tir pral lage kò l' nan fè bagay derespektan ankò, li pral nan fè dezòd ak tout chèf k'ap gouvènen toupatou sou latè.
IS 23:18 Men, y'ap pran lajan y'ap ba li a ansanm ak benefis l'ap fè nan kòmès sal li a, y'ap mete yo apa pou Seyè a. Li p'ap ka ranmase yo pou l' sere. Se moun k'ap sèvi Seyè a ki pral sèvi ak lajan sa a pou achte manje plen vant yo ak bèl rad pou mete sou yo.

 


Search the online bible

Back to Jesus Work Ministry main home page

Back to Jesus Work Ministry home for spiritual warfare and Christian deliverance ministry

Back to Jesus Work Ministry home for resources on Christian living

Christian deliverance and Spiritual warfare book 1

Christian deliverance and Spiritual warfare book 2

Christian deliverance and Spiritual warfare book 3

Christian deliverance and Spiritual warfare book 4

Spiritual warfare and Christian deliverance ministry classics

Other spiritual warfare and Christian deliverance resources on Jesus Work Ministry

Christian deliverance and spiritual warfare audio sermons (free Christian MP3 audio downloads)

Read online Bible - Haitian Creole Bible online. Free online bible on SpiritualWarfare.JesusWork.org -An evangelical online ministry website of Jesus Work Ministry revealing biblical truth and recent errors on spiritual warfare and deliverance ministry principles. Wrong spiritual warfare is harmful when practiced. Avoid the snare of end-time false doctrine and its sad consequences. Free deliverance and spiritual warfare books, spiritual warfare sermons, spiritual warfare audio sermons (free Christian mp3 downloads) and other resources reveal what is bible based and false Christian spiritual warfare and Christian deliverance. Spiritual growth and Christian living resources on spiritual warfare and Christian deliverance ministry principles.

Essential resources for fellow evangelicals whether in Pentecostalism, charismatic movement, Baptist, Presbyterian, AG, AME, non-denominations, Christian fundamentalists, moderates and liberals. Non-evangelicals and non-Christians most welcome. The Truth that brings true freedom knows no boundaries. Learn to distinguish between biblical and non-scripture based spiritual warfare, spiritual warfare prayers, deliverance prayers and other areas of deliverance ministry (deliverence ministry) such as casting out demons, binding demons, dealing with territorial spirits, breaking generational curses, etc.

Plus learn the truth on our spiritual armor (spiritual armour), spiritual weapons of warfare, prayer and fasting, the sword of the spirit, pleading the blood of Jesus, spiritual battles, fighting spiritual warfare, familiar spirits, spiritual authority, demonic attacks, demonic possession cases, demonic influence, casting out demons, demonic deliverance, spiritual healing, healing the wounded spirit, biblical financial freedom etc. Solving the confusion on what is spiritual warfare, deliverance ministry and bringing healing to victims of false doctrine practiced by some “deliverance ministries.” Ultimately revealing Christ, and his truth that came to set captives free from deception, spiritual bondage, the curse of the law and so on. “If you hold to my teaching, you are really my disciples. Then you will know the truth, and the truth will set you free,” Jn 8:31-32. “So if the Son sets you free, you will be free indeed,” Jn 8:36.