Back to Haitian Creole Bible online homepage (Contents Page of Online Bible)

 

Lamentations 5

[1] [2] [3] [4] [5]

LAM 5:1 ¶ Seyè, gade sa ki te rive nou non! Voye je gade nou. Wè nan ki mizè nou ye!
LAM 5:2 Peyi nou an nan men moun lòt nasyon! Yo pran kay nou pou yo.
LAM 5:3 Nou se timoun san papa. Manman nou tankou fanm ki pèdi mari yo.
LAM 5:4 Se achte pou n' achte dlo pou nou bwè. Si nou pa gen lajan, nou pa jwenn bwa pou nou boule.
LAM 5:5 N'ap travay di tankou bourik, tankou bèf kabwa. Nou bouke, nou pa ka pran kanpo.
LAM 5:6 Pou nou ka jwenn manje pou nou manje nou blije ap lonje men bay peyi Lejip ak peyi Lasiri.
LAM 5:7 Zansèt nou yo fè peche. Yo pa la ankò! Se nou menm k'ap peye pou sa yo te fè.
LAM 5:8 Moun k'ap gouvènen nou yo se esklav yo ye. Pesonn pa ka delivre nou anba men yo.
LAM 5:9 Se gwo danje lè nou soti al dèyè manje. Ansasen toupatou nan peyi a.
LAM 5:10 Grangou ban nou lafyèb. Kò nou cho kou dife.
LAM 5:11 Yo fè kadejak sou madanm nou sou mòn Siyon an. Nan tout ti bouk peyi Jida yo yo kenbe pitit fi nou yo.
LAM 5:12 Yo pran chèf nou yo, yo pann yo. Yo derespekte granmoun nou yo.
LAM 5:13 Yo fòse jenn gason nou yo rale moulen. Ti gason nou yo ap titibe anba gwo chay bwa.
LAM 5:14 Granmoun yo pa chita nan pòtay lavil la ankò. Jennmoun nou yo pa chante ankò.
LAM 5:15 Pa gen kè kontan lakay nou. Nou pa danse ankò! Lapenn plen kè nou!
LAM 5:16 Tou sa ki te konn ban nou kè kontan disparèt. Nou te peche, malè tonbe sou nou.
LAM 5:17 ¶ Nou malad nan fon kè nou, nou pa ka wè tèlman n'ap kriye,
LAM 5:18 paske mòn Siyon an tounen savann. Se bèt nan bwa ase ki rete la.
LAM 5:19 Men ou menm, Seyè, ou wa pou tou tan. W'ap gouvènen jouk sa kaba.
LAM 5:20 Poukisa ou lage nou pou tout tan sa a? Gen lè ou p'ap janm chonje nou ankò!
LAM 5:21 Seyè, fè nou tounen vin jwenn ou non! Fè nou tounen vin jwenn ou! Fè nou viv jan nou te konn viv nan tan lontan an non!
LAM 5:22 Eske ou voye nou jete pou tout bon? Pou di ou p'ap janm sispann fache sou nou?

 


Search the online bible

Back to Jesus Work Ministry main home page

Back to Jesus Work Ministry home for spiritual warfare and Christian deliverance ministry

Back to Jesus Work Ministry home for resources on Christian living

Christian deliverance and Spiritual warfare book 1

Christian deliverance and Spiritual warfare book 2

Christian deliverance and Spiritual warfare book 3

Christian deliverance and Spiritual warfare book 4

Spiritual warfare and Christian deliverance ministry classics

Other spiritual warfare and Christian deliverance resources on Jesus Work Ministry

Christian deliverance and spiritual warfare audio sermons (free Christian MP3 audio downloads)

Read online Bible - Haitian Creole Bible online. Free online bible on SpiritualWarfare.JesusWork.org -An evangelical online ministry website of Jesus Work Ministry revealing biblical truth and recent errors on spiritual warfare and deliverance ministry principles. Wrong spiritual warfare is harmful when practiced. Avoid the snare of end-time false doctrine and its sad consequences. Free deliverance and spiritual warfare books, spiritual warfare sermons, spiritual warfare audio sermons (free Christian mp3 downloads) and other resources reveal what is bible based and false Christian spiritual warfare and Christian deliverance. Spiritual growth and Christian living resources on spiritual warfare and Christian deliverance ministry principles.

Essential resources for fellow evangelicals whether in Pentecostalism, charismatic movement, Baptist, Presbyterian, AG, AME, non-denominations, Christian fundamentalists, moderates and liberals. Non-evangelicals and non-Christians most welcome. The Truth that brings true freedom knows no boundaries. Learn to distinguish between biblical and non-scripture based spiritual warfare, spiritual warfare prayers, deliverance prayers and other areas of deliverance ministry (deliverence ministry) such as casting out demons, binding demons, dealing with territorial spirits, breaking generational curses, etc.

Plus learn the truth on our spiritual armor (spiritual armour), spiritual weapons of warfare, prayer and fasting, the sword of the spirit, pleading the blood of Jesus, spiritual battles, fighting spiritual warfare, familiar spirits, spiritual authority, demonic attacks, demonic possession cases, demonic influence, casting out demons, demonic deliverance, spiritual healing, healing the wounded spirit, biblical financial freedom etc. Solving the confusion on what is spiritual warfare, deliverance ministry and bringing healing to victims of false doctrine practiced by some “deliverance ministries.” Ultimately revealing Christ, and his truth that came to set captives free from deception, spiritual bondage, the curse of the law and so on. “If you hold to my teaching, you are really my disciples. Then you will know the truth, and the truth will set you free,” Jn 8:31-32. “So if the Son sets you free, you will be free indeed,” Jn 8:36.