Back to Haitian Creole Bible online homepage (Contents Page of Online Bible)

 

Nehemiah 11

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12] [13]

NEH 11:1 ¶ Tout moun ki te chèf pèp la te rete lavil Jerizalèm. Men pou rès pèp la, yo tire osò pou yo chwazi yon fanmi sou chak dis fanmi pou al viv nan lavil Bondye a, Jerizalèm. Tout rès yo va rete nan lòt lavil yo.
NEH 11:2 Pèp la te fè lwanj tout moun ki te ofri tèt yo pou yo rete lavil Jerizalèm.
NEH 11:3 Men lis chèf ki t'ap dirije pwovens Jida a, epi ki te rete lavil Jerizalèm. Rès moun pèp Izrayèl la, prèt yo, moun Levi yo, travayè tanp yo ak pitit domestik wa Salomon yo t'ap viv nan lòt lavil peyi Jida a, chak moun nan lavil kote yo te moun lan, sou pòsyon tè ki te pou yo a.
NEH 11:4 Moun branch fanmi Jida yo ak moun branch fanmi Benjamen yo te rete lavil Jerizalèm. Nan moun Jida yo te gen Ataja, pitit gason Ouzija. Ouzija sa a te pitit Zekaraya, Zekaraya te pitit Amarya, Amarya te pitit Chefatya, Chefatya te pitit Maleyèl, Maleyèl te pitit Perès.
NEH 11:5 Te gen Maseya, pitit gason Bawouk. Bawouk sa a te pitit Kòloze, Kòloze te pitit Azaja, Azaja te pitit Adaja, Adaja te pitit Jojarib. Jojarib te pitit Zekarya, Zekarya te pitit Chela.
NEH 11:6 Antou te gen katsanswasanntwit (468) vanyan gason, moun fanmi Perès, ki te tabli lavil Jerizalèm.
NEH 11:7 Nan moun Benjamen yo te gen Salou, pitit gason Mechoulam. Mechoulam sa a te pitit Joèd, Joèd te pitit Pedaja, Pedaja te pitit Kolaja, Kolaja te pitit Maseja, Maseja te pitit Ityèl, Ityèl te pitit Jechaja.
NEH 11:8 Te gen Gabayi ak Salayi, fanmi Salou tou. Antou te gen nèfsanvenntwit (928) moun Benjamen ki t'ap viv lavil Jerizalèm.
NEH 11:9 Se Joèl, pitit Zikri, ki te chèf yo. Jeouda, pitit gason Asenwa a, te dezyèm chèf nan lavil Jerizalèm.
NEH 11:10 Men prèt ki t'ap viv nan lavil la: Pou konmanse, te gen Jedaja, pitit gason Jojarib lan ak Jaken.
NEH 11:11 Te gen Seraja, pitit Ilkija. Ilkija sa a te pitit Mechoulam, Mechoulam te pitit Zadòk, Zadòk te pitit Merajòt, Merajòt te pitit Akitoub. Se li menm Akitoub yo te chwazi pou sèvi granprèt nan tanp Bondye a.
NEH 11:12 Antou te gen wisanvennde (822) moun nan fanmi sa a ki t'ap travay nan tanp lan. Te gen Adaja, pitit gason Jeworam. Jeworam sa a te pitit Pelaja, Pelaja te pitit Amsi, Amsi te pitit Zekarya, Zekarya te pitit Pachou, Pachou te pitit Malkija.
NEH 11:13 Antou te gen desankarannde (242) moun nan branch fanmi sa a ki te chèf fanmi. Te gen Amasayi, pitit gason Azareyèl. Azareyèl sa a te pitit Aksayi, Aksayi te pitit Mechilemòt, Mechilemòt te pitit Imè.
NEH 11:14 Te gen antou sanvenntwit (128) vanyan gason nan branch fanmi sa a. Se Zabdyèl, pitit gason Agadòl, ki te chèf yo.
NEH 11:15 Nan moun Levi ki te rete nan lavil la, te gen Chemaja, pitit gason Achoub. Achoub sa a te pitit Azrikam, Azrikam te pitit Achabya, Achabya te pitit Bouni.
NEH 11:16 Te gen Chabtayi ak Jozabad tou, de nan chèf moun Levi yo ki te reskonsab pou regle tout zafè tanp lan avèk lòt moun deyò.
NEH 11:17 Te gen Matanya, pitit gason Mika. Mika sa a te pitit Zabadi, Zabadi te pitit Asaf. Se Matanya ki te konn voye chante yo, se li ki te konn konmanse kantik pou di Bondye mèsi lè yo t'ap lapriyè. Te gen Bakboukya, ki te asistan Matanya, ak Abda, pitit gason Chamwa. Chamwa sa a te pitit Galal, Galal te pitit Jedoutoun.
NEH 11:18 Antou te gen desankatrevennèf (289) moun Levi nan lavil Bondye a.
NEH 11:19 Nan moun k'ap fè pòs nan pòtay tanp yo te gen Akoub, Talmon ak lòt fanmi yo. Antou te gen sanswasanndouz (172) gad.
NEH 11:20 ¶ Rès pèp la ak lòt prèt yo ak moun Levi yo t'ap viv sou pòsyon tè fanmi yo nan lòt lavil peyi Jida a.
NEH 11:21 Travayè tanp yo t'ap viv nan katye lavil Jerizalèm yo rele Ofèl la. Se Zicha ak Gichpa ki te chèf travayè yo.
NEH 11:22 Chèf moun Levi lavil Jerizalèm yo te rele Ouzi, pitit gason Bani. Bani sa a te pitit Achabya, Achabya te pitit Matanya, Matanya te pitit Mika. Ouzi te fè pati branch fanmi Asaf. Se yo ki te reskonsab jwe mizik nan sèvis Tanp Bondye a.
NEH 11:23 Se wa a menm ki te bay lòd sa a. Te gen yon regleman tou ki te mande pou mizisyen sa yo te fè woulman nan travay yo yonn apre lòt, yon jou pou chak moun.
NEH 11:24 Se Petachya, pitit gason Mechezabeyèl, moun Zerak nan branch fanmi Jida a, yo te nonmen delege lakay wa a pou regle tout zafè pèp Izrayèl la.
NEH 11:25 Anpil moun t'ap viv nan ti bouk yo, nan mitan jaden yo. Moun branch fanmi Jida yo te rete nan lavil Kiriyat Aba ak nan bouk ki te sou kont li yo, nan lavil Dibon ak nan bouk ki te sou kont li yo, nan lavil Jekabzel ak nan bouk ki te sou kont li yo.
NEH 11:26 Yo te rete tou nan lavil Jechwa, lavil Molada, lavil Bèt-Pelèt,
NEH 11:27 lavil Azachwal, lavil Becheba ak nan ti bouk ki te sou kont li yo.
NEH 11:28 Yo te rete nan lavil Ziklag, nan lavil Mekona ak nan ti bouk ki te sou kont li yo,
NEH 11:29 nan lavil Anrimon, nan lavil Zorea, nan lavil Jamout,
NEH 11:30 nan lavil Zanoa, nan lavil Adoulam ak nan ti katye ki te sou kont yo. Yo te rete lavil Lakis ak nan jaden ki toupre lavil la, nan lavil Azèka ak nan ti bouk ki te sou kont li yo. Se konsa moun fanmi Jida yo te rete nan teritwa ki konmanse nan sid bò lavil Bècheba a pou rive nan nò jouk Fon Inon, bò lavil Jerizalèm.
NEH 11:31 Moun fanmi Benjamen yo te rete nan lavil Geba, lavil Mikmach, lavil Aja, lavil Betèl ak nan ti bouk ki te sou kont yo,
NEH 11:32 lavil Anatòt, lavil Nòb, lavil Ananya,
NEH 11:33 lavil Azò, lavil Rama, lavil Gitayim,
NEH 11:34 lavil Adid, lavil Zeboyim, lavil Nebalat,
NEH 11:35 lavil Lòd, lavil Ono ak nan Fon Atizan yo.
NEH 11:36 Te gen kèk moun Levi ki te rete nan teritwa moun Jida yo, yo voye yo al rete nan teritwa moun Benjamen yo.

 


Search the online bible

Back to Jesus Work Ministry main home page

Back to Jesus Work Ministry home for spiritual warfare and Christian deliverance ministry

Back to Jesus Work Ministry home for resources on Christian living

Christian deliverance and Spiritual warfare book 1

Christian deliverance and Spiritual warfare book 2

Christian deliverance and Spiritual warfare book 3

Christian deliverance and Spiritual warfare book 4

Spiritual warfare and Christian deliverance ministry classics

Other spiritual warfare and Christian deliverance resources on Jesus Work Ministry

Christian deliverance and spiritual warfare audio sermons (free Christian MP3 audio downloads)

Read online Bible - Haitian Creole Bible online. Free online bible on SpiritualWarfare.JesusWork.org -An evangelical online ministry website of Jesus Work Ministry revealing biblical truth and recent errors on spiritual warfare and deliverance ministry principles. Wrong spiritual warfare is harmful when practiced. Avoid the snare of end-time false doctrine and its sad consequences. Free deliverance and spiritual warfare books, spiritual warfare sermons, spiritual warfare audio sermons (free Christian mp3 downloads) and other resources reveal what is bible based and false Christian spiritual warfare and Christian deliverance. Spiritual growth and Christian living resources on spiritual warfare and Christian deliverance ministry principles.

Essential resources for fellow evangelicals whether in Pentecostalism, charismatic movement, Baptist, Presbyterian, AG, AME, non-denominations, Christian fundamentalists, moderates and liberals. Non-evangelicals and non-Christians most welcome. The Truth that brings true freedom knows no boundaries. Learn to distinguish between biblical and non-scripture based spiritual warfare, spiritual warfare prayers, deliverance prayers and other areas of deliverance ministry (deliverence ministry) such as casting out demons, binding demons, dealing with territorial spirits, breaking generational curses, etc.

Plus learn the truth on our spiritual armor (spiritual armour), spiritual weapons of warfare, prayer and fasting, the sword of the spirit, pleading the blood of Jesus, spiritual battles, fighting spiritual warfare, familiar spirits, spiritual authority, demonic attacks, demonic possession cases, demonic influence, casting out demons, demonic deliverance, spiritual healing, healing the wounded spirit, biblical financial freedom etc. Solving the confusion on what is spiritual warfare, deliverance ministry and bringing healing to victims of false doctrine practiced by some “deliverance ministries.” Ultimately revealing Christ, and his truth that came to set captives free from deception, spiritual bondage, the curse of the law and so on. “If you hold to my teaching, you are really my disciples. Then you will know the truth, and the truth will set you free,” Jn 8:31-32. “So if the Son sets you free, you will be free indeed,” Jn 8:36.