Back to Haitian Creole Bible online homepage (Contents Page of Online Bible)

 

Philemon 1

[1]

PHILEM 1:1 ¶ Mwen menm Pòl, ki nan prizon poutèt Jezikri, m'ap ekri lèt sa a, ansanm ak frè Timote, Pou Filemon, yon moun nou renmen anpil epi k'ap travay ansanm ak nou pou Seyè a,
PHILEM 1:2 pou tout legliz la ki reyini lakay li a, pou Apya, sè nou an, ak Achip, kanmarad ki te konbat ansanm ak nou an.
PHILEM 1:3 Nou mande Bondye, Papa nou, ansanm ak Jezikri, Seyè nou an, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze.
PHILEM 1:4 Chak fwa m'ap lapriyè, mwen nonmen non ou, mwen di Bondye mèsi pou ou.
PHILEM 1:5 Paske m' tande jan ou renmen tout pèp Bondye a, jan ou gen konfyans nan Seyè Jezi.
PHILEM 1:6 M'ap mande Bondye pou konfyans nou gen ansanm nan li a ka fè nou konprann pi byen tout benediksyon nou jwenn nan lavi n'ap mennen ansanm nan Kris la.
PHILEM 1:7 Se pa ti kontan m' te kontan, sa te ankouraje m' anpil, frè mwen, lè m' tande jan ou renmen moun ki fè pati pèp Bondye a, jan ou te remoute kouraj yo anpil.
PHILEM 1:8 ¶ Se poutèt sa, atout Kris la ban m' otorite pou m' di ou sa ou gen pou ou fè,
PHILEM 1:9 m' pito mande ou rann mwen sèvis sa a nan non Kris la ki renmen nou: wi, mwen menm Pòl, tou vye granmoun jan m' ye a, atout mwen nan prizon poutèt Jezikri,
PHILEM 1:10 m'ap mande ou yon favè pou Onezim, yon pitit mwen fè nan Kris la antan m' la nan prizon an.
PHILEM 1:11 Anvan sa, li pa t' vo anyen pou ou, men koulye a, li vo kichòy ni pou ou ni pou mwen.
PHILEM 1:12 M'ap voye l' tounen ba ou koulye a tankou pitit pa mwen.
PHILEM 1:13 M' ta byen renmen kenbe l' bò kote m', pou l' te ka sèvi m' nan plas ou, pandan m' nan prizon pou bon nouvèl la.
PHILEM 1:14 Men, m' pa vle fè anyen san konsantman ou. Mwen pa ta renmen sa sanble se fòse m'ap fòse ou rann mwen sèvis. Mwen ta pito wè ou fè l' ou menm, paske ou vle fè li.
PHILEM 1:15 Ou pa janm konnen si Onezim pa t' kite ou pou yon tan, pou ou te ka jwenn li ankò pou tout tan.
PHILEM 1:16 Paske, se pa tankou yon senp esklav ou jwenn li ankò. Koulye a, li plis pase yon esklav pou ou: se yon frè li ye pou nou nan Kris la, yon frè mwen renmen anpil. Men, ou menm ou dwe renmen li pi plis pase m' ankò. Pa sèlman tankou nenpòt ki moun, men tankou yon frè nan Seyè a.
PHILEM 1:17 Si ou konsidere m' pou zanmi ou, resevwa Onezim menm jan ou ta resevwa mwen.
PHILEM 1:18 Si l' te fè ou kèk bagay mal, osinon si l' dwe ou kichòy, mete sa sou kont mwen.
PHILEM 1:19 Mwen menm Pòl, m'ap ekri sa ak men pa mwen: m'a renmèt ou sa. Mwen pa kwè m' bezwen fè ou chonje jan ou dwe m' lavi.
PHILEM 1:20 Wi, frè m', fè m' favè sa a nan non Seyè a. Soulaje kè m' tankou yon frè nan Kris la dwe fè li.
PHILEM 1:21 Se paske mwen konnen w'ap fè sa m' mande ou la ki fè m' ekri ou lèt sa a. Mwen konnen ou va fè pi plis pase sa m' mande ou la.
PHILEM 1:22 An menm tan, pare yon chanm pou mwen, paske, pou lapriyè mwen konnen nou fè pou mwen, mkwè Bondye va tande nou, la fè m' favè vin jwenn nou ankò.
PHILEM 1:23 Epafras ki nan prizon ansanm ak mwen poutèt Jezi, Kris la, voye bonjou pou ou.
PHILEM 1:24 Mak, Aristak, Demas ak Lik k'ap travay ansanm ak mwen, yo tout voye bonjou tou.
PHILEM 1:25 Se pou benediksyon Jezikri, Seyè nou an, toujou la avèk nou. Amèn.

 


Search the online bible

Back to Jesus Work Ministry main home page

Back to Jesus Work Ministry home for spiritual warfare and Christian deliverance ministry

Back to Jesus Work Ministry home for resources on Christian living

Christian deliverance and Spiritual warfare book 1

Christian deliverance and Spiritual warfare book 2

Christian deliverance and Spiritual warfare book 3

Christian deliverance and Spiritual warfare book 4

Spiritual warfare and Christian deliverance ministry classics

Other spiritual warfare and Christian deliverance resources on Jesus Work Ministry

Christian deliverance and spiritual warfare audio sermons (free Christian MP3 audio downloads)

Read online Bible - Haitian Creole Bible online. Free online bible on SpiritualWarfare.JesusWork.org -An evangelical online ministry website of Jesus Work Ministry revealing biblical truth and recent errors on spiritual warfare and deliverance ministry principles. Wrong spiritual warfare is harmful when practiced. Avoid the snare of end-time false doctrine and its sad consequences. Free deliverance and spiritual warfare books, spiritual warfare sermons, spiritual warfare audio sermons (free Christian mp3 downloads) and other resources reveal what is bible based and false Christian spiritual warfare and Christian deliverance. Spiritual growth and Christian living resources on spiritual warfare and Christian deliverance ministry principles.

Essential resources for fellow evangelicals whether in Pentecostalism, charismatic movement, Baptist, Presbyterian, AG, AME, non-denominations, Christian fundamentalists, moderates and liberals. Non-evangelicals and non-Christians most welcome. The Truth that brings true freedom knows no boundaries. Learn to distinguish between biblical and non-scripture based spiritual warfare, spiritual warfare prayers, deliverance prayers and other areas of deliverance ministry (deliverence ministry) such as casting out demons, binding demons, dealing with territorial spirits, breaking generational curses, etc.

Plus learn the truth on our spiritual armor (spiritual armour), spiritual weapons of warfare, prayer and fasting, the sword of the spirit, pleading the blood of Jesus, spiritual battles, fighting spiritual warfare, familiar spirits, spiritual authority, demonic attacks, demonic possession cases, demonic influence, casting out demons, demonic deliverance, spiritual healing, healing the wounded spirit, biblical financial freedom etc. Solving the confusion on what is spiritual warfare, deliverance ministry and bringing healing to victims of false doctrine practiced by some “deliverance ministries.” Ultimately revealing Christ, and his truth that came to set captives free from deception, spiritual bondage, the curse of the law and so on. “If you hold to my teaching, you are really my disciples. Then you will know the truth, and the truth will set you free,” Jn 8:31-32. “So if the Son sets you free, you will be free indeed,” Jn 8:36.