Back to Haitian Creole Bible online homepage (Contents Page of Online Bible)

 

Philippians 1

[1] [2] [3] [4]

PHIL 1:1 ¶ Se mwen menm Pòl ak Timote, de sèvitè Jezikri, k'ap ekri lèt sa a voye bay tout pèp Bondye nan lavil Filip la k'ap viv ansanm nan Jezikri. Lèt sa a se pou tout moun ki chèf nan legliz la ak pou tout dyak yo tou.
PHIL 1:2 Nou mande Bondye, Papa nou, ansanm ak Jezikri, Seyè a, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze.
PHIL 1:3 ¶ Mwen di Bondye mwen an mèsi pou nou chak fwa lide m' frape sou nou.
PHIL 1:4 Chak fwa m'ap lapriyè tou pou nou, mwen fè l' ak kè kontan,
PHIL 1:5 poutèt jan nou te ede m' gaye bon nouvèl la, depi premye jou a jouk koulye a.
PHIL 1:6 Mwen sèten Bondye ki te konmanse bon travay sa a nan nou, li gen pou l' kontinye l' jouk li va fini l' nèt, lè jou Jezikri a va rive.
PHIL 1:7 ¶ Se tou nòmal pou m' fè lide konsa sou nou, paske nou toujou nan lespri m', nou tout ki kanpe la avè m' nan tout favè Bondye fè m', kit lè mwen nan prizon tankou koulye a, kit lè mwen te lib pou m' defann bon nouvèl la, pou m' moutre se laverite li ye.
PHIL 1:8 Mwen pran Bondye sèvi m' temwen, sa m'ap di nou la a se vre wi. Mwen renmen nou tout anpil anpil avèk renmen ki soti nan Jezikri.
PHIL 1:9 ¶ Lè m'ap lapriyè Bondye, mwen mande l' pou nou gen plis renmen toujou, ak bonkou konesans pou nou ka rive konprann tout bagay,
PHIL 1:10 pou nou ka toujou chwazi sa ki pi bon. Konsa, n'a mennen yon lavi ki pwòp, yo p'ap jwenn anyen pou repwòche nou lè Kris la va vini.
PHIL 1:11 Konsa, Jezikri va fè nou fè anpil bagay ki dwat epi ki bon, pou sa ka sèvi yon lwanj ak yon bèl bagay pou Bondye.
PHIL 1:12 ¶ Frè m' yo, mwen vle nou konn sa byen: Tout bagay sa yo ki rive m' lan, yo pi fè travay predikasyon bon nouvèl la mache pase yo fè lòt bagay.
PHIL 1:13 Se konsa, tout gad palè yo ansanm ak tout lòt moun yo konnen se paske m'ap sèvi Kris la kifè m' nan prizon.
PHIL 1:14 Frè yo menm, bò pa yo, lè yo wè m' nan prizon an, pifò ladan yo vin gen plis konfyans toujou nan Seyè a. Sa ba yo plis kouraj koulye a pou fè konnen pawòl Bondye a san yo pa pè anyen.
PHIL 1:15 Gen ladan yo k'ap fè konnen Kris la paske jalouzi moute yo nan tèt, yo ta renmen ban m' traka. Se vre. Men, gen lòt tou k'ap fè l' ak bon lide nan tèt yo.
PHIL 1:16 Se renmen Bondye a k'ap pouse yo fè l', paske yo konnen se Bondye menm ki ban m' travay sa a pou m' ka defann bon nouvèl la.
PHIL 1:17 Men, lòt yo ap fè konnen Kris la ak move lide dèyè tèt yo, y'ap fè l' pou lanbisyon pèsonèl pa yo. Y'ap fè l' pou chache m' kont. Yo konprann yo ka fè m' lapenn antan m' nan prizon an.
PHIL 1:18 Men, sa pa fè m' anyen. Kit yo gen bon lide, kit yo gen move lide, tout jan se Kris la y'ap fè konnen. Epi sa fè kè m' kontan. M'ap pi kontan toujou,
PHIL 1:19 paske mwen konnen tout bagay sa yo pral vire anbyen pou mwen, gremesi lapriyè n'ap fè pou mwen ak lasistans Lespri Jezikri a ap ban mwen.
PHIL 1:20 Paske, mwen ta renmen pou m' pa soti wont nan anyen. Se la tout espwa m' pou m' ka pale ak kouraj, pou jòdi a tankou anvan lèzòm ka wè pouvwa Kris la nan mwen, kit mwen vivan, kit mwen mouri.
PHIL 1:21 ¶ Paske pou mwen, lavi se Kris la. Se poutèt sa lanmò se yon gany pou mwen.
PHIL 1:22 Men, si antan m'ap viv sou tè a toujou, mwen ka fè kèk travay ankò pou Seyè a, nan ka sa a, mwen pa konn sa m' pito.
PHIL 1:23 Mwen ta renmen fè tou de: Mwen ta renmen mouri pou m' ta avè Kris la. Sa ta pi bon anpil pou mwen.
PHIL 1:24 Men, li ta pi bon pou nou pou m' rete viv sou latè.
PHIL 1:25 Mwen sèten se sa k'ap rive menm. Se poutèt sa, mwen konnen mwen gen pou m' rete, pou m' ka viv ansanm ak nou, pou m' ede nou grandi, pou m' ka fè nou kontan nan konfyans nou gen nan Bondye.
PHIL 1:26 Konsa, lè m'a tounen bò kote nou, m'a ban nou yon bèl okazyon pou nou kontan nan lavi n'ap mennen ansanm nan Kris la.
PHIL 1:27 ¶ Sèl bagay ki konsekan se pou nou viv yon jan ki konfòm ak bon nouvèl Kris la. Konsa, mwen ta mèt rive vin wè nou, mwen ta mèt pa kapab, se pou m' tande jan n'ap kenbe fèm, jan n'ap viv ansanm yonn ak lòt. Se pou m' tande jan n'ap mennen batay la ansanm pou defann konfyans bon nouvèl la fè nou gen nan Bondye.
PHIL 1:28 Pa kite okenn lènmi kraponnen nou. Se pou tout bagay sa yo sèvi tankou yon prèv pou fè lènmi yo wè se pèdi y'ap pèdi tèt yo. Men, pou nou menm, yo fè wè se delivre n'ap delivre. Sa se travay Bondye.
PHIL 1:29 Paske nou menm k'ap sèvi Kris la, Bondye ban nou favè sa a, non sèlman pou nou gen konfyans nan li, men pou nou ka soufri avè li tou.
PHIL 1:30 Batay n'ap mennen an, se menm batay la m'ap mennen tou. Se menm batay nou te wè m'ap mennen nan tan lontan an. Se li menm m'ap mennen jouk koulye a, jan nou konnen an.

 


Search the online bible

Back to Jesus Work Ministry main home page

Back to Jesus Work Ministry home for spiritual warfare and Christian deliverance ministry

Back to Jesus Work Ministry home for resources on Christian living

Christian deliverance and Spiritual warfare book 1

Christian deliverance and Spiritual warfare book 2

Christian deliverance and Spiritual warfare book 3

Christian deliverance and Spiritual warfare book 4

Spiritual warfare and Christian deliverance ministry classics

Other spiritual warfare and Christian deliverance resources on Jesus Work Ministry

Christian deliverance and spiritual warfare audio sermons (free Christian MP3 audio downloads)

Read online Bible - Haitian Creole Bible online. Free online bible on SpiritualWarfare.JesusWork.org -An evangelical online ministry website of Jesus Work Ministry revealing biblical truth and recent errors on spiritual warfare and deliverance ministry principles. Wrong spiritual warfare is harmful when practiced. Avoid the snare of end-time false doctrine and its sad consequences. Free deliverance and spiritual warfare books, spiritual warfare sermons, spiritual warfare audio sermons (free Christian mp3 downloads) and other resources reveal what is bible based and false Christian spiritual warfare and Christian deliverance. Spiritual growth and Christian living resources on spiritual warfare and Christian deliverance ministry principles.

Essential resources for fellow evangelicals whether in Pentecostalism, charismatic movement, Baptist, Presbyterian, AG, AME, non-denominations, Christian fundamentalists, moderates and liberals. Non-evangelicals and non-Christians most welcome. The Truth that brings true freedom knows no boundaries. Learn to distinguish between biblical and non-scripture based spiritual warfare, spiritual warfare prayers, deliverance prayers and other areas of deliverance ministry (deliverence ministry) such as casting out demons, binding demons, dealing with territorial spirits, breaking generational curses, etc.

Plus learn the truth on our spiritual armor (spiritual armour), spiritual weapons of warfare, prayer and fasting, the sword of the spirit, pleading the blood of Jesus, spiritual battles, fighting spiritual warfare, familiar spirits, spiritual authority, demonic attacks, demonic possession cases, demonic influence, casting out demons, demonic deliverance, spiritual healing, healing the wounded spirit, biblical financial freedom etc. Solving the confusion on what is spiritual warfare, deliverance ministry and bringing healing to victims of false doctrine practiced by some “deliverance ministries.” Ultimately revealing Christ, and his truth that came to set captives free from deception, spiritual bondage, the curse of the law and so on. “If you hold to my teaching, you are really my disciples. Then you will know the truth, and the truth will set you free,” Jn 8:31-32. “So if the Son sets you free, you will be free indeed,” Jn 8:36.