Back to Haitian Creole Bible online homepage (Contents Page of Online Bible)

 

Romans 10

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12] [13] [14] [15] [16]

ROM 10:1 ¶ Frè m' yo, jan m' ta renmen wè jwif yo sove! Jan mwen pa manke lapriyè Bondye pou yo!
ROM 10:2 Paske, m'ap kanpe di sa pou yo: yo devwe anpil pou sèvis Bondye a, men yo manke konprann.
ROM 10:3 Yo pa t' konprann ki jan Bondye t'ap fè lèzòm gras. Yo te pito chache fè sa nan jan pa yo. Se konsa yo pa t' asepte jan Bondye te vle fè l' la.
ROM 10:4 Paske, avèk Kris la, lalwa a jwenn bout li. Konsa, Bondye fè tout moun ki kwè nan Kris la gras.
ROM 10:5 Koute: men sa Moyiz te ekri pou esplike ki jan Bondye fè yon moun gras lè l' fè sa lalwa a mande: Moun ki va fè sa lalwa a mande li fè a, va jwenn lavi l' ladan li.
ROM 10:6 Men, men sa yo di pou esplike ki jan Bondye fè yon moun gras lè l' kwè: Piga ou di nan kè ou: Kilès ki va moute nan syèl la? (Sa vle di: pou fè Kris la desann soti ladan li.)
ROM 10:7 Ou ankò: Kilès ki va desann anba nan gwo twou san fon an? (Sa vle di: pou fè Kris la leve soti vivan pami mò yo.)
ROM 10:8 Kisa yo di ankò? Men sa yo di: Pawòl la toupre ou, li nan bouch ou, li nan kè ou. Epi pawòl la se mesaj konfyans nan Bondye, mesaj n'ap anonse a.
ROM 10:9 Si ou deklare ak bouch ou devan tout moun Jezi se Seyè a, si ou kwè tout bon nan kè ou Bondye te fè l' leve soti vivan pami mò yo, wa sove.
ROM 10:10 Paske, lè yon moun gen konfyans tout bon nan kè l', se lè sa a Bondye fè l' gras. Lè yon moun deklare ak bouch li devan tout moun li gen konfyans nan Bondye, se lè sa a Bondye delivre li,
ROM 10:11 dapre sa ki ekri nan Liv la: Nenpòt moun ki mete konfyans yo nan li p'ap janm soti wont.
ROM 10:12 ¶ Konsa, nanpwen diferans ant moun ki jwif ak moun ki pa jwif: yo tout gen yon sèl Mèt ki bay tout moun ki rele l' favè l' an kantite.
ROM 10:13 Se sa ki ekri nan Liv la: Nenpòt moun ki rele non Met la gen pou jwenn delivrans.
ROM 10:14 Ki jan y'a fè rele l', si yo poko gen konfyans nan li? Ki jan pou yo gen konfyans nan li, si yo pa tande pale sou li? Ki jan pou yo tande pale sou li,
ROM 10:15 si pa gen pesonn pou fè konnen mesaj la? Ki jan pou yo fè fè konnen mesaj la, si pa gen moun yo voye pou sa? Dapre sa ki te ekri a: Ala bèl bagay lè ou wè moun k'ap pote yon bon nouvèl ap vini!
ROM 10:16 Men, se pa tout ki asepte bon nouvèl la. Se poutèt sa Ezayi te di: Mèt, kilès ki te kwè mesaj nou te bay la?
ROM 10:17 Konsa, se lè ou tande mesaj la ou vin gen konfyans. Mesaj la, se pawòl Kris la y'ap anonse.
ROM 10:18 Men, m'ap mande: Eske Izrayèl pa t' tande mesaj la? Men wi. Yo tande l' byen pwòp. Paske, jan sa te ekri nan Liv la: Pawòl nan bouch yo gaye sou tout latè. Mesaj yo bay la rive nan dènye bout latè.
ROM 10:19 Men, m'ap mande ankò: Eske Izrayèl pa t' konprann sa? Pou kòmanse, men repons Moyiz bay: M'ap fè nou fè jalouzi pou moun ki pa menm yon nasyon tout bon. M'ap fè nou fè kòlè poutèt yon pèp ki san konprann.
ROM 10:20 Ezayi menm pouse radiyès li pi lwen toujou lè l' di: Moun ki pa t'ap chache m' yo, se yo menm ki jwenn mwen. Moun ki pa t'ap mande pou mwen yo, se yo menm mwen fè wè mwen.
ROM 10:21 Men, men sa li di sou Izrayèl: Tout lajounen m'ap lonje men m' bay yon pèp ki rebèl, k'ap fè wòklò.

 


Search the online bible

Back to Jesus Work Ministry main home page

Back to Jesus Work Ministry home for spiritual warfare and Christian deliverance ministry

Back to Jesus Work Ministry home for resources on Christian living

Christian deliverance and Spiritual warfare book 1

Christian deliverance and Spiritual warfare book 2

Christian deliverance and Spiritual warfare book 3

Christian deliverance and Spiritual warfare book 4

Spiritual warfare and Christian deliverance ministry classics

Other spiritual warfare and Christian deliverance resources on Jesus Work Ministry

Christian deliverance and spiritual warfare audio sermons (free Christian MP3 audio downloads)

Read online Bible - Haitian Creole Bible online. Free online bible on SpiritualWarfare.JesusWork.org -An evangelical online ministry website of Jesus Work Ministry revealing biblical truth and recent errors on spiritual warfare and deliverance ministry principles. Wrong spiritual warfare is harmful when practiced. Avoid the snare of end-time false doctrine and its sad consequences. Free deliverance and spiritual warfare books, spiritual warfare sermons, spiritual warfare audio sermons (free Christian mp3 downloads) and other resources reveal what is bible based and false Christian spiritual warfare and Christian deliverance. Spiritual growth and Christian living resources on spiritual warfare and Christian deliverance ministry principles.

Essential resources for fellow evangelicals whether in Pentecostalism, charismatic movement, Baptist, Presbyterian, AG, AME, non-denominations, Christian fundamentalists, moderates and liberals. Non-evangelicals and non-Christians most welcome. The Truth that brings true freedom knows no boundaries. Learn to distinguish between biblical and non-scripture based spiritual warfare, spiritual warfare prayers, deliverance prayers and other areas of deliverance ministry (deliverence ministry) such as casting out demons, binding demons, dealing with territorial spirits, breaking generational curses, etc.

Plus learn the truth on our spiritual armor (spiritual armour), spiritual weapons of warfare, prayer and fasting, the sword of the spirit, pleading the blood of Jesus, spiritual battles, fighting spiritual warfare, familiar spirits, spiritual authority, demonic attacks, demonic possession cases, demonic influence, casting out demons, demonic deliverance, spiritual healing, healing the wounded spirit, biblical financial freedom etc. Solving the confusion on what is spiritual warfare, deliverance ministry and bringing healing to victims of false doctrine practiced by some “deliverance ministries.” Ultimately revealing Christ, and his truth that came to set captives free from deception, spiritual bondage, the curse of the law and so on. “If you hold to my teaching, you are really my disciples. Then you will know the truth, and the truth will set you free,” Jn 8:31-32. “So if the Son sets you free, you will be free indeed,” Jn 8:36.