Back to Haitian Creole Bible online homepage (Contents Page of Online Bible)

 

Zechariah 9

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12] [13] [14]

ZECH 9:1 ¶ Men mesaj Seyè a bay pou fè konnen volonte li: Li pran desizyon pou l' pini moun peyi Adrak yo ansanm ak moun lavil Damas yo. Se pa sèlman branch fanmi Izrayèl yo ki pou Seyè a. Tout latè nèt se pou li.
ZECH 9:2 Peyi Amat ki sou fwontyè peyi Adrak la pou li tou. Moun lavil Tir ak moun lavil Sidon yo ki gen anpil ladrès, se pou li yo ye tou.
ZECH 9:3 Lavil Tir bati gwo miray ranpa ak fò. Yo anpile lò ak ajan lakay yo tankou pousyè granchemen.
ZECH 9:4 Men, Seyè a pral pran lavil la pou li. Li pral voye tout richès li yo nan lanmè. Dife pral boule lavil la nèt.
ZECH 9:5 Moun lavil Askalon yo pral wè sa, yo pral pè. Moun Gaza yo pral tranble kou fèy bwa. Moun lavil Ekwon yo tou, paske yo p'ap jwenn sa yo t'ap tann lan. Lavil Gaza pral pèdi wa li a. Lavil Askalon pral rete san moun ladan l'.
ZECH 9:6 Moun san mele yo pral rete lavil Asdòd. M'ap kraze lògèy moun Filisti yo.
ZECH 9:7 Yo p'ap manje vyann ak tout san li ladan l' ankò, ni ankenn lòt vye manje yo te konn manje yo. Tout moun ki va chape anba lanmò va fè pati pèp Bondye a. Y'ap tankou yon branch nan fanmi Jida a. Moun Ekwon yo va menm jan ak moun Jebis yo.
ZECH 9:8 Mwen pral kanpe tankou gad k'ap fè pòs nan mitan peyi a pou anpeche lòt lame pase ale vini ladan l'. Mwen p'ap kite gwo chèf vin peze yo ankò. Mwen te wè jan pèp mwen an tan soufri.
ZECH 9:9 ¶ Nou menm moun ki rete sou mòn Siyon an, fè fèt, fè gwo fèt! Nou menm moun lavil Jerizalèm, rele, chante tèlman nou kontan! Gade! Men wa nou an ap vin jwenn nou! Li rann jistis san patipri. Li genyen batay la. Li san lògèy. Li moute yon bourik, yon ti bourik dèyè manman.
ZECH 9:10 Seyè a di: -M'ap wete tout cha lagè ki nan peyi Efrayim. M'ap wete dènye chwal ki nan lavil Jerizalèm. M'ap kraze dènye banza yo sèvi pou fè lagè. Wa nou an pral fè tout nasyon yo viv byen yonn ak lòt. M'ap gouvènen depi yon lanmè jouk nan lòt lanmè a, depi larivyè Lefrat jouk nan dènye bout latè.
ZECH 9:11 Seyè a di: -Akòz kontra mwen pase avè nou an, kontra ki siyen ak san bèt yo ofri yo, m'ap fè lage moun ou yo ki te nan prizon, m'ap wete yo nan fon sitèn san dlo a.
ZECH 9:12 ¶ Nou menm prizonye k'ap tann delivrans yo, tounen, tounen non nan sitadèl kote n'a jwenn pwoteksyon an! Jòdi a, men sa m'ap di nou: n'ap resevwa de fwa plis benediksyon pase soufrans mwen te voye sou nou an.
ZECH 9:13 Mwen pral sèvi ak moun Jida yo tankou banza pou fè lagè, ak moun Efrayim yo tankou flèch. Mwen pral sèvi ak moun mòn Siyon yo tankou nepe nan men vanyan sòlda, pou y' al goumen ak moun peyi Lagrès yo.
ZECH 9:14 Seyè a pral parèt anlè tèt pèp li a. Li pral voye flèch li yo tankou zèklè. Seyè a, Bondye a, pral kònen twonpèt la. Li pral mache nan van siklòn k'ap soufle soti nan sid.
ZECH 9:15 Seyè ki gen tout pouvwa a pral pwoteje pèp li a. Yo pral kraze zam lènmi yo anba pye yo. Pandan batay la, yo pral rele tankou moun sou. Yo pral fè san lènmi yo koule. Li pral koule tankou san bèt yo touye sou lotèl yo.
ZECH 9:16 Jou sa a, Seyè a, Bondye yo a, va delivre yo. Tankou yon bon gadò, l'ap sove bann mouton l' yo. Yo pral klere nan peyi li a tankou bèl pyè nan yon kouwòn.
ZECH 9:17 Ala bon sa pral bon nan peyi a! Ala bèl peyi a pral bèl! Jenn gason ak jenn fi pral grandi ak tout grenn jaden ak tout diven yo pral rekòlte nan peyi a.

 


Search the online bible

Back to Jesus Work Ministry main home page

Back to Jesus Work Ministry home for spiritual warfare and Christian deliverance ministry

Back to Jesus Work Ministry home for resources on Christian living

Christian deliverance and Spiritual warfare book 1

Christian deliverance and Spiritual warfare book 2

Christian deliverance and Spiritual warfare book 3

Christian deliverance and Spiritual warfare book 4

Spiritual warfare and Christian deliverance ministry classics

Other spiritual warfare and Christian deliverance resources on Jesus Work Ministry

Christian deliverance and spiritual warfare audio sermons (free Christian MP3 audio downloads)

Read online Bible - Haitian Creole Bible online. Free online bible on SpiritualWarfare.JesusWork.org -An evangelical online ministry website of Jesus Work Ministry revealing biblical truth and recent errors on spiritual warfare and deliverance ministry principles. Wrong spiritual warfare is harmful when practiced. Avoid the snare of end-time false doctrine and its sad consequences. Free deliverance and spiritual warfare books, spiritual warfare sermons, spiritual warfare audio sermons (free Christian mp3 downloads) and other resources reveal what is bible based and false Christian spiritual warfare and Christian deliverance. Spiritual growth and Christian living resources on spiritual warfare and Christian deliverance ministry principles.

Essential resources for fellow evangelicals whether in Pentecostalism, charismatic movement, Baptist, Presbyterian, AG, AME, non-denominations, Christian fundamentalists, moderates and liberals. Non-evangelicals and non-Christians most welcome. The Truth that brings true freedom knows no boundaries. Learn to distinguish between biblical and non-scripture based spiritual warfare, spiritual warfare prayers, deliverance prayers and other areas of deliverance ministry (deliverence ministry) such as casting out demons, binding demons, dealing with territorial spirits, breaking generational curses, etc.

Plus learn the truth on our spiritual armor (spiritual armour), spiritual weapons of warfare, prayer and fasting, the sword of the spirit, pleading the blood of Jesus, spiritual battles, fighting spiritual warfare, familiar spirits, spiritual authority, demonic attacks, demonic possession cases, demonic influence, casting out demons, demonic deliverance, spiritual healing, healing the wounded spirit, biblical financial freedom etc. Solving the confusion on what is spiritual warfare, deliverance ministry and bringing healing to victims of false doctrine practiced by some “deliverance ministries.” Ultimately revealing Christ, and his truth that came to set captives free from deception, spiritual bondage, the curse of the law and so on. “If you hold to my teaching, you are really my disciples. Then you will know the truth, and the truth will set you free,” Jn 8:31-32. “So if the Son sets you free, you will be free indeed,” Jn 8:36.