Back to Haitian Creole Bible online homepage (Contents Page of Online Bible)

 

John 7

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12] [13] [14] [15] [16] [17] [18] [19] [20] [21]

JN 7:1 ¶ Apre sa, Jezi t'ap mache toupatou nan peyi Galile, li pa t' vle ale nan peyi Jide menm, paske jwif yo t'ap chache touye li.
JN 7:2 Jou fèt Joupa jwif yo te pre rive.
JN 7:3 Frè Jezi yo di l' konsa: Pa rete bò isit la. Ale nan Jide non. Konsa, disip ou yo va wè travay w'ap fè.
JN 7:4 Yon moun ki vle pou tout moun konnen l' pa dwe travay an kachèt. Avèk travay w'ap fè a, se pou ou kite tout moun wè ou.
JN 7:5 (Men, frè l' yo pa t' kwè nan li.)
JN 7:6 Jezi di yo konsa: Lè pa m' lan poko sonnen. Pou nou, tout lè yo bon.
JN 7:7 Moun k'ap viv dapre prensip ki nan lemonn pa ka rayi nou. Men, mwen menm yo rayi m' paske mwen di sa y'ap fè a pa bon.
JN 7:8 Nou mèt al nan fèt la. Mwen menm, mwen pa prale. Paske, lè pa m' lan poko rive.
JN 7:9 Apre li fin di yo sa, li rete rete l' nan peyi Galile.
JN 7:10 Apre frè l' yo fin pati al nan fèt la, Jezi ale tou, men an kachèt. Li pa t' kite pesonn wè li.
JN 7:11 Jwif yo menm t'ap chache l' pandan tout fèt la. Yo t'ap di: Kote l' ye konsa?
JN 7:12 Nan tout foul moun yo, yo t'ap pale nan zòrèy sou li anpil. Gen moun ki t'ap di: Se yon nonm debyen wi. Gen lòt ki t'ap di: Non, se pete l'ap pete moun.
JN 7:13 Men, pesonn pa t' nonmen non l' fò pou lòt moun pa t' tande, sitèlman yo te pè jwif yo.
JN 7:14 ¶ Te rete kat jou ankò pou fèt la te fini, lè Jezi al nan tanp lan. Li kòmanse pale.
JN 7:15 Jwif yo pa t' manke sezi. Yo t'ap di: Ki jan nonm sa a fè konnen tout bagay sa yo? Li pa janm al lekòl.
JN 7:16 Jezi reponn yo: Bagay m'ap moutre nou la a, se pa nan mwen yo soti. Yo soti nan Bondye ki voye m' lan.
JN 7:17 Si yon moun deside fè sa Bondye vle, la konnen si bagay m'ap moutre yo soti nan Bondye osinon si se pawòl pa m' m'ap pale.
JN 7:18 Yon moun k'ap pale pawòl pa l', se chache l'ap chache fè lwanj tèt li. Men, moun k'ap travay pou sa sèvi yon lwanj pou moun ki voye l' la, se verite a pou l' di. Pa gen riz nan li.
JN 7:19 Moyiz te ban nou Lalwa a, pa vre? Men, nou yonn pa obeyi Lalwa. Poukisa n'ap chache touye mwen?
JN 7:20 Foul moun yo reponn li: Gen lè ou gen yon move lespri sou ou? Ki moun k'ap chache touye ou la a?
JN 7:21 Jezi reponn yo: Mwen fè yon sèl bagay, epi nou tout nou sezi pou sa!
JN 7:22 Moyiz ban nou lòd pou nou sikonsi tout ti gason, epi nou dakò pou yo sikonsi yon moun gwo jou repo a. (Men, kite m' di nou: se pa t' Moyiz ki te kòmanse ak sikonsizyon an non, se te zansèt nou yo.)
JN 7:23 Si nou ka sikonsi yon ti gason jou repo a pou n' ka fè sa Lalwa Moyiz la mande a, pa gen rezon pou n' ankòlè sou mwen si m' geri yon moun ki te malad nan tout kò l', yon jou repo.
JN 7:24 Pa jije sou laparans. Jije dapre sa ki dwat.
JN 7:25 Lè sa a, te gen kèk moun Jerizalèm ki t'ap di: Apa nonm y'ap chache touye a?
JN 7:26 Gade l'ap pale lib devan tout moun, yo pa di l' anyen. Gen lè chèf nou yo rekonèt se Kris la vre li ye!
JN 7:27 Men, yo toujou di lè Kris la va rive, pesonn p'ap konnen ki bò l' soti. Men nonm sa a, nou konnen ki bò l' soti.
JN 7:28 Jezi t'ap moutre moun yo anpil bagay nan tanp lan. Li di yo byen fò: Nou rekonèt mwen? Nou konnen ki bò m' soti? Se pa mwen ki fè lide pou m' vini non. Moun ki voye m' lan, li la tout bon. Men, nou pa konnen li.
JN 7:29 Mwen menm, mwen konnen l', paske se bò kote l' mwen soti. Se li menm ki voye mwen.
JN 7:30 Lè sa a, yo t'ap chache arete l', men pesonn pa t' mete men sou li paske lè l' pa t' ankò rive.
JN 7:31 Atousa, te gen anpil moun nan foul pèp la ki te kwè nan li. Yo t'ap di: Lè Kris la va vini, èske la fè plis mirak pase nonm sa a?
JN 7:32 Farizyen yo vin konnen sa yo t'ap di nan zòrèy sou Jezi nan pèp la. Chèf prèt yo ansanm ak farizyen yo voye kèk gad pou arete Jezi.
JN 7:33 Jezi di konsa: Se pou yon ti tan ankò mwen la ak nou. Apre sa, mwen pral jwenn moun ki voye m' lan.
JN 7:34 N'a chache m', men nou p'ap jwenn mwen, paske nou p'ap ka vini kote m' prale a.
JN 7:35 Jwif yo yonn t'ap mande lòt: Ki bò l' prale menm pou nou pa kapab jwenn li? Eske li pral menm kote ak jwif ki gaye nan mitan moun Lagrès yo pou l' moutre moun Lagrès yo anpil bagay?
JN 7:36 L'ap plede di: N'a chache m', men nou p'ap jwenn mwen. Nou pa ka vini kote mwen prale a. Kisa sa vle di menm?
JN 7:37 ¶ Dènye jou fèt la, se li ki te pi enpòtan. Jou sa a, Jezi kanpe devan foul moun yo, li di yo byen fò: Si yon moun swaf dlo, li mèt vin jwenn mwen, li mèt vin bwè.
JN 7:38 Moun ki mete konfyans yo nan mwen, y'ap wè gwo kouran dlo k'ap bay lavi koule soti nan kè yo, jan sa ekri nan Liv la.
JN 7:39 (Jezi t'ap pale ki jan moun ki kwè nan li yo tapral resevwa Sentespri. Lè sa a, Sentespri pa t' ankò desann sou pesonn, paske Jezi pa t' ankò moute nan syèl la.)
JN 7:40 Te gen kèk moun nan foul pèp la, lè yo fin tande pawòl sa yo, yo t'ap di konsa: Se vre wi. Nonm sa a, se pwofèt la!
JN 7:41 Gen lòt ki t'ap di: Se Kris la. Gen lòt ankò ki t'ap di: Men, Kris la pa ka soti nan peyi Galile.
JN 7:42 Liv la di: Kris la, se yon pitit pitit David la ye. Se Betleyèm li gen pou l' soti, lavil kote David te pase tout lavi li a.
JN 7:43 Te vin gen divizyon nan mitan foul moun yo poutèt Jezi.
JN 7:44 Gen ladan yo ki te vle arete l', men pesonn pa t' mete men sou li.
JN 7:45 ¶ Lè gad yo tounen vin jwenn yo, chèf prèt yo ak farizyen yo mande yo: Poukisa nou pa mennen l' ban nou?
JN 7:46 Gad yo reponn: Nou poko janm wè yon nonm ki pale tankou nonm sa a.
JN 7:47 Farizyen yo di: Gen lè nou kite l' pran tèt nou tou?
JN 7:48 Eske nou wè gen yon sèl nan chèf nou yo osinon nan farizyen yo ki kwè nan li?
JN 7:49 Moun sa yo gen lè pa konn lalwa Moyiz la. Se moun ki gen madichon!
JN 7:50 Nikodèm te yonn nan farizyen ki te la yo. Se menm Nikodèm sa a ki te al wè Jezi kèk jou pase. Li di yo konsa:
JN 7:51 Dapre Lalwa nou, nou pa ka jije yon moun san nou pa tande l' anvan, san nou pa konnen sa l' fè.
JN 7:52 Yo reponn li: Gen lè, ou menm tou, ou se moun Galile? Al etidye sa ki ekri nan Liv la, wa wè pa gen pwofèt ki janm soti nan peyi Galile.
JN 7:53 Apre sa, tout moun al lakay yo.

 


Search the online bible

Back to Jesus Work Ministry main home page

Back to Jesus Work Ministry home for spiritual warfare and Christian deliverance ministry

Back to Jesus Work Ministry home for resources on Christian living

Christian deliverance and Spiritual warfare book 1

Christian deliverance and Spiritual warfare book 2

Christian deliverance and Spiritual warfare book 3

Christian deliverance and Spiritual warfare book 4

Spiritual warfare and Christian deliverance ministry classics

Other spiritual warfare and Christian deliverance resources on Jesus Work Ministry

Christian deliverance and spiritual warfare audio sermons (free Christian MP3 audio downloads)

Read online Bible - Haitian Creole Bible online. Free online bible on SpiritualWarfare.JesusWork.org -An evangelical online ministry website of Jesus Work Ministry revealing biblical truth and recent errors on spiritual warfare and deliverance ministry principles. Wrong spiritual warfare is harmful when practiced. Avoid the snare of end-time false doctrine and its sad consequences. Free deliverance and spiritual warfare books, spiritual warfare sermons, spiritual warfare audio sermons (free Christian mp3 downloads) and other resources reveal what is bible based and false Christian spiritual warfare and Christian deliverance. Spiritual growth and Christian living resources on spiritual warfare and Christian deliverance ministry principles.

Essential resources for fellow evangelicals whether in Pentecostalism, charismatic movement, Baptist, Presbyterian, AG, AME, non-denominations, Christian fundamentalists, moderates and liberals. Non-evangelicals and non-Christians most welcome. The Truth that brings true freedom knows no boundaries. Learn to distinguish between biblical and non-scripture based spiritual warfare, spiritual warfare prayers, deliverance prayers and other areas of deliverance ministry (deliverence ministry) such as casting out demons, binding demons, dealing with territorial spirits, breaking generational curses, etc.

Plus learn the truth on our spiritual armor (spiritual armour), spiritual weapons of warfare, prayer and fasting, the sword of the spirit, pleading the blood of Jesus, spiritual battles, fighting spiritual warfare, familiar spirits, spiritual authority, demonic attacks, demonic possession cases, demonic influence, casting out demons, demonic deliverance, spiritual healing, healing the wounded spirit, biblical financial freedom etc. Solving the confusion on what is spiritual warfare, deliverance ministry and bringing healing to victims of false doctrine practiced by some “deliverance ministries.” Ultimately revealing Christ, and his truth that came to set captives free from deception, spiritual bondage, the curse of the law and so on. “If you hold to my teaching, you are really my disciples. Then you will know the truth, and the truth will set you free,” Jn 8:31-32. “So if the Son sets you free, you will be free indeed,” Jn 8:36.