Back to Haitian Creole Bible online homepage (Contents Page of Online Bible)

 

Joshua 17

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12] [13] [14] [15] [16] [17] [18] [19] [20] [21] [22] [23] [24]

JOSH 17:1 ¶ Manase te premye pitit gason Jozèf. Se konsa yon pòsyon nan tè a vin pou moun fanmi Manase yo. Maki, papa Galarad, te premye pitit gason Manase. Se te yon vanyan sòlda. Se konsa yo te ba li peyi Galarad ak peyi Bazan.
JOSH 17:2 Apre sa, yo bay fanmi lòt pitit Manase yo yon pòsyon nan tè a, dapre kantite moun yo te genyen: yon pòsyon pou pitit Abyezè yo, yon pòsyon pou pitit Elèk yo, yon pòsyon pou pitit Asriyèl yo, yon pòsyon pou pitit Sichèm yo, yon pòsyon pou pitit Efè yo, yon lòt pòsyon pou pitit Chemida yo. Se moun sa yo ki te branch fanmi pitit gason Manase, pitit Jozèf la.
JOSH 17:3 Nan branch fanmi Manase a, te gen yon nonm yo te rele Zelochad. Se te pitit gason Efè. Efè sa a te pitit Galarad, Galarad te pitit Maki, Maki te pitit Manase. Zelochad pa t' gen pitit gason menm. Se fi ase li te fè. Men ki jan yo te rele: Mala, Noa, Ogla, Milka ak Tiza.
JOSH 17:4 Yo vin jwenn Eleaza, prèt la, Jozye, pitit gason Noun lan, ak tout chèf yo. Yo di yo konsa: -Seyè a te bay Moyiz lòd pou l' te ban nou yon pòsyon nan tè a, tankou tout moun nan fanmi an. Se konsa, jan Seyè a te bay lòd la, yo ba yo yon pòsyon pou yo tankou tout moun nan fanmi papa yo.
JOSH 17:5 Konsa yo te rive bay moun Manase yo dis pòsyon tè, san konte peyi Galarad ak peyi Bazan ki lòt bò larivyè Jouden an,
JOSH 17:6 paske pitit fi Manase yo te resevwa yon pòsyon apa pou yo tankou pitit gason l' yo. Men, yo te bay peyi Galarad la pou lòt pitit Manase yo.
JOSH 17:7 ¶ Men limit tè yo te bay moun Manase yo. Li konmanse bò tè moun Asè yo, li rive lavil Mikmetat, anfas Sichèm, sou bò solèy leve. Li vire desann bò sid nan direksyon Jamen nan peyi moun Antapwak yo.
JOSH 17:8 Tout peyi Tapwak la te pou moun Manase yo. Men, lavil Tapwak ki sou fwontyè a te pou moun Efrayim yo.
JOSH 17:9 Limit la desann nan ravin Kana a, li pase sou bò nò ravin lan epi l' al bout nan lanmè. Tout lavil ki te sou bò sid ravin lan, atout yo te nan mitan tè moun Manase yo, se pou moun Efrayim yo yo te ye.
JOSH 17:10 Moun Efrayim yo te anba sou bò sid, moun Manase yo te anwo sou bò nò, avèk lanmè Mediterane a sou bò solèy kouche. Pòsyon tè yo a te rive sou lizyè tè moun Asè yo sou bò nò ak lizyè tè moun Isaka yo sou bò lès.
JOSH 17:11 Nan mitan pòsyon tè ki te vin pou moun Isaka yo ak moun Asè yo, yo te bay moun Manase yo lavil Bèt-Chean ak tout ti bouk ki sou lòd li yo, moun ki rete lavil Ibleyam, lavil Dò ki bò lanmè a, lavil Andò, lavil Tanak, lavil Megido ak tout ti bouk ki te sou lòd yo.
JOSH 17:12 Men, moun fanmi Manase yo pa t' kapab mete moun ki t'ap viv nan lavil sa yo deyò. Se konsa moun Kanaran yo te rive rete nan peyi a.
JOSH 17:13 Men, lè moun Izrayèl yo vin pi fò, yo pa mete yo deyò nan peyi a, yo sèlman fòse yo fè kòve pou yo.
JOSH 17:14 ¶ Moun fanmi Jozèf yo di Jozye konsa: -Poukisa se yon sèl pòsyon ou ban nou nan tè a pou rele nou pa nou? Nou anpil wi. Seyè a pa manke beni nou.
JOSH 17:15 Jozye reponn yo: -Si nou anpil, si mòn nan peyi Efrayim yo pa ase pou nou, se pou n' moute nan gwo rakbwa ki nan peyi moun Ferezi yo ak moun refrayim yo, n'a koupe bwa fè plas pou nou.
JOSH 17:16 Moun fanmi Jozèf yo di l' ankò: -Mòn lan pa kont pou nou. Lèfini, moun Kanaran ki rete nan plenn yo gen cha an fè pou fè lagè. Moun Kanaran ki rete Bèt Chean ak nan ti bouk ki sou lòd yo, ansanm ak sa ki rete nan plenn Jizreyèl yo gen menm kalite cha a tou.
JOSH 17:17 Jozye di moun Jozèf yo, ki vle di moun Efrayim yo ak moun Manase yo: -Nou anpil vre. Nou gen anpil fòs. Nou pa ka rete ak yon sèl pòsyon tè.
JOSH 17:18 Tout mòn yo ap pou nou. Malgre se yon gwo rakbwa yo ye. N'a koupe bwa yo, epi n'a pran tout zòn lan nèt pou nou. Pou moun Kanaran yo menm, atout nou wè yo gen cha ki fèt an fè, atout yo fò a, rive yon lè, n'a mete yo deyò.

 


Search the online bible

Back to Jesus Work Ministry main home page

Back to Jesus Work Ministry home for spiritual warfare and Christian deliverance ministry

Back to Jesus Work Ministry home for resources on Christian living

Christian deliverance and Spiritual warfare book 1

Christian deliverance and Spiritual warfare book 2

Christian deliverance and Spiritual warfare book 3

Christian deliverance and Spiritual warfare book 4

Spiritual warfare and Christian deliverance ministry classics

Other spiritual warfare and Christian deliverance resources on Jesus Work Ministry

Christian deliverance and spiritual warfare audio sermons (free Christian MP3 audio downloads)

Read online Bible - Haitian Creole Bible online. Free online bible on SpiritualWarfare.JesusWork.org -An evangelical online ministry website of Jesus Work Ministry revealing biblical truth and recent errors on spiritual warfare and deliverance ministry principles. Wrong spiritual warfare is harmful when practiced. Avoid the snare of end-time false doctrine and its sad consequences. Free deliverance and spiritual warfare books, spiritual warfare sermons, spiritual warfare audio sermons (free Christian mp3 downloads) and other resources reveal what is bible based and false Christian spiritual warfare and Christian deliverance. Spiritual growth and Christian living resources on spiritual warfare and Christian deliverance ministry principles.

Essential resources for fellow evangelicals whether in Pentecostalism, charismatic movement, Baptist, Presbyterian, AG, AME, non-denominations, Christian fundamentalists, moderates and liberals. Non-evangelicals and non-Christians most welcome. The Truth that brings true freedom knows no boundaries. Learn to distinguish between biblical and non-scripture based spiritual warfare, spiritual warfare prayers, deliverance prayers and other areas of deliverance ministry (deliverence ministry) such as casting out demons, binding demons, dealing with territorial spirits, breaking generational curses, etc.

Plus learn the truth on our spiritual armor (spiritual armour), spiritual weapons of warfare, prayer and fasting, the sword of the spirit, pleading the blood of Jesus, spiritual battles, fighting spiritual warfare, familiar spirits, spiritual authority, demonic attacks, demonic possession cases, demonic influence, casting out demons, demonic deliverance, spiritual healing, healing the wounded spirit, biblical financial freedom etc. Solving the confusion on what is spiritual warfare, deliverance ministry and bringing healing to victims of false doctrine practiced by some “deliverance ministries.” Ultimately revealing Christ, and his truth that came to set captives free from deception, spiritual bondage, the curse of the law and so on. “If you hold to my teaching, you are really my disciples. Then you will know the truth, and the truth will set you free,” Jn 8:31-32. “So if the Son sets you free, you will be free indeed,” Jn 8:36.