Back to Haitian Creole Bible online homepage (Contents Page of Online Bible)

 

Judges 12

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12] [13] [14] [15] [16] [17] [18] [19] [20] [21]

JUDG 12:1 ¶ Lè sa a, moun branch fanmi Efrayim yo reyini ansanm, yo janbe lòt bò larivyè Jouden, y' al lavil Zafon. Yo di Jefte konsa: -Poukisa ou travèse al goumen ak moun Amon yo san ou pa rele nou ale avè ou? Se poutèt sa, nou pral boule kay ou a sou ou.
JUDG 12:2 Men Jefte di yo: -Moun pa m' yo ansanm avè m', nou te gen yon gwo kont ak moun Amon yo. Mwen te rele nou, men nou pa t' vle vin delivre m' anba men yo.
JUDG 12:3 Lè m' wè nou pa t' soti pou nou vin pote m' sekou, m' al riske vi m'. Mwen travèse al goumen ak moun Amon yo, epi Seyè a lage yo nan men m'. Poukisa pou koulye a nou moute jouk lakay mwen vin chache m' kont?
JUDG 12:4 Lè sa a menm, Jefte sanble tout gason ki nan peyi Galarad la, y' al goumen ak moun Efrayim yo. Yo bat yo byen bat. Moun Efrayim yo te konn joure moun Galarad yo. Yo te konn di: Moun Galarad yo, se yon bann trèt yo ye. Yo kite peyi yo, Efrayim, y' al rete nan peyi Manase a!
JUDG 12:5 Apre sa, moun Galarad yo pran kontwole tout pas larivyè Jouden kote pou janbe ale nan peyi Efrayim. Chak fwa yonn nan moun Efrayim yo rive pou yo kouri janbe al nan peyi yo, li te blije mande yo pèmisyon. Lè konsa, moun Galarad yo mande l' èske se moun Efrayim li ye. Si li reponn non,
JUDG 12:6 lè sa a yo mande l' pou l' di: Chibolèt. Men li di: Sibolèt paske li pa t' ka rive di l' jan yo di l' la. Lamenm yo mete men sou li, yo touye l' la nan pas la. Lè sa a, yo te touye karanndemil (42.000) moun nan branch fanmi Efrayim lan.
JUDG 12:7 Jefte, moun Galarad la, te gouvènen pèp Izrayèl la pandan sizan. Apre sa, li mouri, epi yo antere l' nan lavil kote li te fèt la nan peyi Galarad.
JUDG 12:8 ¶ Apre Jefte, se Ibzan, moun lavil Betleyèm, ki te gouvènen pèp Izrayèl la.
JUDG 12:9 Li te gen trant pitit gason ak trant pitit fi. Li marye trant pitit fi l' yo ak moun ki pa t' nan branch fanmi l' epi li fè chache jenn fi nan lòt branch fanmi pou pitit gason l' yo. Li gouvènen pèp Izrayèl la pandan sètan.
JUDG 12:10 Apre sa, Ibzan mouri, yo antere l' lavil Betleyèm.
JUDG 12:11 Apre li, se Elon, moun Zabilon an, ki te gouvènen pèp Izrayèl la pandan dizan.
JUDG 12:12 Lè Elon, moun Zabilon an, mouri, yo antere l' lavil Ajalon nan peyi Zabilon.
JUDG 12:13 Apre li, se Abdon, pitit gason Ilèl, moun lavil Piraton, ki t'ap gouvènen pèp Izrayèl la.
JUDG 12:14 Li te gen karant pitit gason ak trant pitit pitit gason ki te konn moute sou swasanndis ti bourik. Li gouvènen pèp Izrayèl la pandan witan.
JUDG 12:15 Lè Abdon, pitit gason Ilèl la, mouri, yo antere l' lavil Piraton nan peyi Efrayim, nan mòn moun Amalèk yo.

 


Search the online bible

Back to Jesus Work Ministry main home page

Back to Jesus Work Ministry home for spiritual warfare and Christian deliverance ministry

Back to Jesus Work Ministry home for resources on Christian living

Christian deliverance and Spiritual warfare book 1

Christian deliverance and Spiritual warfare book 2

Christian deliverance and Spiritual warfare book 3

Christian deliverance and Spiritual warfare book 4

Spiritual warfare and Christian deliverance ministry classics

Other spiritual warfare and Christian deliverance resources on Jesus Work Ministry

Christian deliverance and spiritual warfare audio sermons (free Christian MP3 audio downloads)

Read online Bible - Haitian Creole Bible online. Free online bible on SpiritualWarfare.JesusWork.org -An evangelical online ministry website of Jesus Work Ministry revealing biblical truth and recent errors on spiritual warfare and deliverance ministry principles. Wrong spiritual warfare is harmful when practiced. Avoid the snare of end-time false doctrine and its sad consequences. Free deliverance and spiritual warfare books, spiritual warfare sermons, spiritual warfare audio sermons (free Christian mp3 downloads) and other resources reveal what is bible based and false Christian spiritual warfare and Christian deliverance. Spiritual growth and Christian living resources on spiritual warfare and Christian deliverance ministry principles.

Essential resources for fellow evangelicals whether in Pentecostalism, charismatic movement, Baptist, Presbyterian, AG, AME, non-denominations, Christian fundamentalists, moderates and liberals. Non-evangelicals and non-Christians most welcome. The Truth that brings true freedom knows no boundaries. Learn to distinguish between biblical and non-scripture based spiritual warfare, spiritual warfare prayers, deliverance prayers and other areas of deliverance ministry (deliverence ministry) such as casting out demons, binding demons, dealing with territorial spirits, breaking generational curses, etc.

Plus learn the truth on our spiritual armor (spiritual armour), spiritual weapons of warfare, prayer and fasting, the sword of the spirit, pleading the blood of Jesus, spiritual battles, fighting spiritual warfare, familiar spirits, spiritual authority, demonic attacks, demonic possession cases, demonic influence, casting out demons, demonic deliverance, spiritual healing, healing the wounded spirit, biblical financial freedom etc. Solving the confusion on what is spiritual warfare, deliverance ministry and bringing healing to victims of false doctrine practiced by some “deliverance ministries.” Ultimately revealing Christ, and his truth that came to set captives free from deception, spiritual bondage, the curse of the law and so on. “If you hold to my teaching, you are really my disciples. Then you will know the truth, and the truth will set you free,” Jn 8:31-32. “So if the Son sets you free, you will be free indeed,” Jn 8:36.