Back to Haitian Creole Bible online homepage (Contents Page of Online Bible)

 

Judges 16

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12] [13] [14] [15] [16] [17] [18] [19] [20] [21]

JUDG 16:1 ¶ Yon lè Samson desann lavil Gaza, li wè yon jennès, li antre kay jennès la.
JUDG 16:2 Moun lavil Gaza yo vin konnen Samson te la nan lavil la. Yo mache chache l' toupatou, yo pase nwit la ap veye l' bò pòtay lavil la. Yo pa fè bri menm tout nwit la. Yo t'ap di nan kè yo: -N'ap tann solèy leve, lè sa a n'a touye l'.
JUDG 16:3 Samson rete kouche jouk nan mitan lannwit lan. Lè sa a, li leve, li pran de batan pòtay lavil la, li rache yo ansanm ak tout montan yo ak bwa travès ki te pase dèyè batan yo. Li mete yo sou zepòl li, li pote yo ale sou tèt mòn ki anfas lavil Ebwon an.
JUDG 16:4 ¶ Aprè sa, Samson tonbe damou pou yon fanm ki te rete nan Ravin Sorèk. Fanm lan te rele Dalila.
JUDG 16:5 Gwo chèf moun Filisti yo al jwenn Dalila, yo di l' konsa: -Pran tèt Samson! Chache konnen sa ki ba li tout fòs sa a, kijan nou ka met men sou li. N'a mare l' anba kòd, n'a rann li san fòs. Lèfini, nou chak n'a ba ou milsan (1.100) pyès lajan.
JUDG 16:6 Se konsa, Dalila al di Samson: -Tanpri, di m' sa ki ba ou tout fòs sa a. Manyè di m' kouman yo ta ka mare ou pou kraze kouraj ou.
JUDG 16:7 Samson reponn li: -Si yo mare m' avèk sèt kòd tou nèf ki poko fin cheche m'ap pèdi tout fòs mwen, m'ap tankou nenpòt ki moun.
JUDG 16:8 Chèf moun Filisti yo pote sèt kòd tou nèf ki pa t' ankò fin cheche bay Dalila. Dalila mare Samson avèk kòd yo.
JUDG 16:9 Li te fè kèk moun kache nan yon lòt chanm, epi li rete konsa, li di: -Samson! Men moun Filisti yo sou ou! Samson kase kòd yo. Moso kòd yo tonbe atè ou ta di fil boule nan dife. Konsa yo pa t' rive konnen sa ki te ba l' tout fòs sa a.
JUDG 16:10 Dalila di Samson: -Gade jan ou pase m' nan betiz! On ban m' manti! Tanpri, di m' non! Ki jan yo ka mare ou!
JUDG 16:11 Samson di l' konsa: -Si yo mare m' ak kòd tou nèf ki poko janm sèvi pou fè ankenn travay, m'ap pèdi tout fòs mwen, m'ap tankou nenpòt ki moun.
JUDG 16:12 Dalila pran kèk kòd tou nèf, li mare Samson avèk yo, epi li di: -Samson! Men moun Filisti yo sou ou! Li te mete moun yo kache nan lòt chanm lan. Men, Samson kase kòd ki te mare bra l' yo tankou si se te fil yo te ye.
JUDG 16:13 Dalila di Samson: -W'ap pase m' nan betiz toujou. W'ap ban m' manti. Tanpri, moutre m' kijan yo ka mare ou. Samson di l': -Si ou pran sèt très cheve m' yo ou trese yo ansanm epi ou kenbè yo ak yon gwo peny, m'ap pedi tout fòs mwen, m'ap tankou nenpòt ki moun.
JUDG 16:14 Dalila fè l' dòmi. Li trese sèt très cheve l' yo ansanm, li sere yo byen sere avèk yon gwo peny, epi li rele: -Samson! Men moun Filisti yo sou ou! Samson leve, li rache peny lan, li detrese cheve l' yo.
JUDG 16:15 Dalila di l' konsa: -Ou pa bezwen di ou renmen m' menm, paske ou pa sensè avè m'. Sa fè twa fwa ou pase m' nan betiz. Ou pa janm di m' ki bò ou jwenn tout fòs sa a.
JUDG 16:16 Chak jou li rete la nan kò Samson, l'ap plenyen nan tèt li. Samson pa t' kapab ankò, rete pou l' te mouri.
JUDG 16:17 Bout pou bout li ba li sekrè a, li di l' konsa: -Mwen pa janm koupe cheve nan tèt mwen. Se yon nazirit mwen ye, yo mete m' apa pou Bondye depi nan vant manman m'. Si yo koupe tout cheve nan tèt mwen, m'ap pèdi tout fòs mwen, m'ap tankou nenpòt ki moun.
JUDG 16:18 ¶ Lè Dalila wè Samson te ba l' sekrè a, li voye rele chèf moun Filisti yo, li di yo: -Fwa sa a, nou mèt vini, paske li ban m' sekrè a. Chèf moun Filisti yo vin jwenn li. Yo tou pote lajan an avèk yo.
JUDG 16:19 Dalila fè dòmi pran Samson sou jenou l', li fè rele yon nonm ki koupe sèt très cheve Samson yo ra. Epi li seye fè fòs ak li. Men Samson te pèdi tout fòs li.
JUDG 16:20 Lè sa a, Dalila rele: -Samson! Men moun Filisti yo sou ou! Msye leve, li t'ap di nan kè l' l'ap soti anba kòd yo, l'ap met deyò tankou lòt fwa yo. Men, li pa t' konnen Seyè a pa t' avè l' ankò.
JUDG 16:21 Moun Filisti yo mete men sou li, epi yo pete de grenn je l' yo. Yo mennen l' lavil Gaza, yo mare l' avèk de gwo chenn an asye. Se li menm yo te fè vire gwo wòl moulen prizon an.
JUDG 16:22 ¶ Men, cheve l' te konmanse pouse ankò.
JUDG 16:23 Aprè sa, yon jou, chèf moun Filisti yo te reyini pou fè yon gwo sèvis pou Dagon, bondye yo a. Yo t'ap fè fèt. Yo t'ap di: -Bondye nou an lage Samson, lènmi nou an, nan men nou.
JUDG 16:24 Lè pèp la te wè Samson, yo t'ap fè lwanj pou bondye yo a. Yo t'ap di: -Bondye nou an fè nou mete men sou Samson lènmi nou an ki t'ap devaste peyi a, ki t'ap touye tout moun sa yo nan mitan nou.
JUDG 16:25 Kè tout moun te kontan. Yo di konsa: -Fè chache Samson pou n' ka pran plezi nou ak li. Y' al chache Samson nan prizon an, yo mennen l' devan yo pou yo te ka pran plezi yo avè l'. Yo mete msye nan mitan de gwo poto.
JUDG 16:26 Samson di ti bway ki te kenbe men l' lan: -Mennen m' bò de gwo poto ki kenbe tout tanp lan. Mete men m' sou yo pou m' ka fè yon ti apiye.
JUDG 16:27 Tanp lan te plen moun, fanm kou gason. Tout chèf moun Filisti yo te la. Te gen twamil (3.000) moun konsa, fanm kou gason, anwo twati a ki t'ap gade Samson, ki t'ap pran plezi yo ak li.
JUDG 16:28 Lè sa a, Samson lapriyè nan pye Bondye, li di: -O Bondye Seyè! Tanpri, chonje m' non jòdi a! Tanpri, Bondye, ban m' fòs ankò pou yon dènye fwa, pou m' ka fè moun Filisti yo peye yon grenn kou pou de je m' yo pete a.
JUDG 16:29 Epi Samson mete men l' sou de gwo poto mitan ki te kenbe tout tanp lan. Li apiye yon men l' sou chak.
JUDG 16:30 Epi li di: -M' te mèt mouri ansanm ak moun Filisti yo. Li pouse ak tout fòs li sou poto yo, epi tanp lan tonbe sou tout chèf yo ak sou tout moun ki te la yo. Jou li mouri a, li te touye plis moun pase kantite moun li te touye pandan lavi li.
JUDG 16:31 Frè l' yo ansanm ak tout fanmi l' yo desann vin pran kadav la. Yo pote l' tounen lakay yo, yo antere l' nan kavo Manoak, papa li, ant lavil Soreja ak lavil Echtawòl. Li te pase ventan (20 an) ap gouvènen moun pèp Izrayèl la.

 


Search the online bible

Back to Jesus Work Ministry main home page

Back to Jesus Work Ministry home for spiritual warfare and Christian deliverance ministry

Back to Jesus Work Ministry home for resources on Christian living

Christian deliverance and Spiritual warfare book 1

Christian deliverance and Spiritual warfare book 2

Christian deliverance and Spiritual warfare book 3

Christian deliverance and Spiritual warfare book 4

Spiritual warfare and Christian deliverance ministry classics

Other spiritual warfare and Christian deliverance resources on Jesus Work Ministry

Christian deliverance and spiritual warfare audio sermons (free Christian MP3 audio downloads)

Read online Bible - Haitian Creole Bible online. Free online bible on SpiritualWarfare.JesusWork.org -An evangelical online ministry website of Jesus Work Ministry revealing biblical truth and recent errors on spiritual warfare and deliverance ministry principles. Wrong spiritual warfare is harmful when practiced. Avoid the snare of end-time false doctrine and its sad consequences. Free deliverance and spiritual warfare books, spiritual warfare sermons, spiritual warfare audio sermons (free Christian mp3 downloads) and other resources reveal what is bible based and false Christian spiritual warfare and Christian deliverance. Spiritual growth and Christian living resources on spiritual warfare and Christian deliverance ministry principles.

Essential resources for fellow evangelicals whether in Pentecostalism, charismatic movement, Baptist, Presbyterian, AG, AME, non-denominations, Christian fundamentalists, moderates and liberals. Non-evangelicals and non-Christians most welcome. The Truth that brings true freedom knows no boundaries. Learn to distinguish between biblical and non-scripture based spiritual warfare, spiritual warfare prayers, deliverance prayers and other areas of deliverance ministry (deliverence ministry) such as casting out demons, binding demons, dealing with territorial spirits, breaking generational curses, etc.

Plus learn the truth on our spiritual armor (spiritual armour), spiritual weapons of warfare, prayer and fasting, the sword of the spirit, pleading the blood of Jesus, spiritual battles, fighting spiritual warfare, familiar spirits, spiritual authority, demonic attacks, demonic possession cases, demonic influence, casting out demons, demonic deliverance, spiritual healing, healing the wounded spirit, biblical financial freedom etc. Solving the confusion on what is spiritual warfare, deliverance ministry and bringing healing to victims of false doctrine practiced by some “deliverance ministries.” Ultimately revealing Christ, and his truth that came to set captives free from deception, spiritual bondage, the curse of the law and so on. “If you hold to my teaching, you are really my disciples. Then you will know the truth, and the truth will set you free,” Jn 8:31-32. “So if the Son sets you free, you will be free indeed,” Jn 8:36.