Back to Haitian Creole Bible online homepage (Contents Page of Online Bible)

 

Ruth 2

[1] [2] [3] [4]

RUTH 2:1 ¶ Naomi te gen yon fanmi mari l' yo te rele Bòz. Se te yon nonm ki te rich epi ki te grannèg. Li te fè pati menm branch fanmi ak Elimelèk, defen mari Naomi an.
RUTH 2:2 Rit, fanm peyi Moab la, di Naomi konsa: -Kite m' ale nan jaden yo pou m' ranmase tèt lòj moun k'ap ranmase rekòt yo kite tonbe atè. M'a jwenn yon moun ki va kite m' ranmase nan jaden li. Naomi reponn li: -Ale non, mafi.
RUTH 2:3 Se konsa, Rit leve, li al nan jaden yo, li pran mache dèyè travayè yo, li t'ap ranmase tèt lòj yo te kite tonbe atè. Chans pou li, li rive nan yon jaden ki te pou Bòz, fanmi Elimelèk la.
RUTH 2:4 ¶ Li te la depi kèk tan lè Bòz rive soti Betleyèm. Li di travayè yo bonjou, li di yo: -Seyè a avèk nou! Yo reponn li: -benediksyon Seyè a avè ou tou!
RUTH 2:5 Bòz mande kontwòlè a: -Ki jenn ti madanm sa a?
RUTH 2:6 Nonm lan reponn: -Se yon fi moun lòt peyi li ye. Se li menm ki te vini ansanm ak Naomi lè li te tounen soti nan peyi Moab.
RUTH 2:7 Li te mande m' pou m' kite l' mache dèyè travayè yo ranmase tèt lòj ki tonbe atè yo. L'ap degaje l' la a depi maten. Li fèk sispann pou l' pran yon ti repo anba tonèl lan la a.
RUTH 2:8 Lè sa a, Bòz di Rit konsa: -M'ap ba ou yon ti konsèy, tande, mafi. Ou pa bezwen ale nan lòt jaden pou ranmase tèt lòj. Ou mèt rete nan jaden sa a, bò medam yo ki isit la.
RUTH 2:9 Gade tout kote y'ap travay nan jaden an, fè dèyè yo, rete ak yo. Mwen bay mesye m' yo lòd pou yo pa anbete ou. Chak fwa w'a swaf dlo, ou mèt al bwè nan kannari yo plen pou sa.
RUTH 2:10 Rit bese tèt li jouk atè devan Bòz. Li di l' konsa: -Poukisa w'ap bay kò ou tout traka sa a pou mwen? Poukisa w'ap fè tout bagay sa a pou yon moun ki pa menm ras avè ou?
RUTH 2:11 Bòz reponn li: -Yo di m' tou sa ou te fè pou bèlmè ou depi mari ou mouri a. Mwen konnen ou kite manman ou, papa ou ak peyi kote ou moun lan, ou vin viv nan mitan yon lòt pèp ou pa t' janm konnen anvan.
RUTH 2:12 Mwen mande Seyè a pou li rekonpanse ou pou tou sa ou te fè. Wi. Ou vini mete ou anba zèl li pou l' pwoteje ou. Se pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ba ou yon bèl rekonpans!
RUTH 2:13 Rit reponn li: -Ou pa konn sa ou fè la a pou mwen, msye! Jan ou pale byen avè m' la a, sa ban m' kouraj, malgre mwen pa vo yonn nan medam k'ap sèvi avè ou yo.
RUTH 2:14 Lè lè pou yo manje a rive, Bòz di Rit konsa: -Pwoche non! Pran yon moso pen, tranpe l' nan sòs vinèg la pou ou manje! Se konsa Rit vin chita ansanm ak lòt travayè yo. Bòz te ba li kèk grenn lòj griye tou. Rit manje plen vant li, epi rès manje ki te rete a, li sere l'.
RUTH 2:15 Lè Rit leve al ranmase, Bòz bay travayè yo lòd sa a: -Nou mèt kite l' ranmase grenn menm kote pakèt mare yo ye a. Pa chache l' kont.
RUTH 2:16 Okontrè, rache kèk tèt nan pakèt mare yo, lage yo atè pou l' ka ranmase. Pa di l' anyen, tande!
RUTH 2:17 ¶ Se konsa Rit rete ranmase grap lòj nan jaden an jouk solèy kouche. Lè li fin bat tèt lòj yo, li jwenn sa ki te manke l' pou l' te gen vennsenk ti mamit la pa t' anyen.
RUTH 2:18 Li pran grenn lòj li yo, li tounen lavil, li moutre bèlmè li tou sa li te ranmase. Li ba li tou rès manje ki te rete lè l' te fin manje a.
RUTH 2:19 Naomi mande l': -Kote ou ranmase tout lòj sa a jòdi a? Nan jaden ki moun ou t'ap travay, en? Se pou Bondye beni moun ki fè sa pou ou a! Lè sa a, Rit di bèlmè li konsa li t'ap travay nan jaden yon msye yo rele Bòz.
RUTH 2:20 Naomi di bèlfi li a: -benediksyon Seyè a pou Bòz! Wi. Seyè a ap toujou kenbe pawòl li, nou te mèt vivan, nou te mèt mouri! Naomi di ankò: -Nonm sa a, se yon fanmi pre nou li ye. Se yonn nan moun ki reskonsab defann enterè fanmi an.
RUTH 2:21 Lè sa a, Rit di konsa: -Men sa l' di m' ankò: Se pou m' rete ranmase tèt lòj ansanm ak travayè li yo jouk rekòt la fini.
RUTH 2:22 Naomi reponn li: -Wi, pitit mwen! Pito ou rete travay avèk medam yo nan jaden Bòz la, tande. Si ou ale nan jaden lòt moun, malè ka rive ou.
RUTH 2:23 Se konsa, Rit rete ansanm avèk medam k'ap travay ak Bòz yo. Li t'ap ranmase tèt lòj jouk travayè yo te fin rekòlte tout lòj la ak tout ble a. Li t'ap viv tout tan sa a ak bèlmè li toujou.

 


Search the online bible

Back to Jesus Work Ministry main home page

Back to Jesus Work Ministry home for spiritual warfare and Christian deliverance ministry

Back to Jesus Work Ministry home for resources on Christian living

Christian deliverance and Spiritual warfare book 1

Christian deliverance and Spiritual warfare book 2

Christian deliverance and Spiritual warfare book 3

Christian deliverance and Spiritual warfare book 4

Spiritual warfare and Christian deliverance ministry classics

Other spiritual warfare and Christian deliverance resources on Jesus Work Ministry

Christian deliverance and spiritual warfare audio sermons (free Christian MP3 audio downloads)

Read online Bible - Haitian Creole Bible online. Free online bible on SpiritualWarfare.JesusWork.org -An evangelical online ministry website of Jesus Work Ministry revealing biblical truth and recent errors on spiritual warfare and deliverance ministry principles. Wrong spiritual warfare is harmful when practiced. Avoid the snare of end-time false doctrine and its sad consequences. Free deliverance and spiritual warfare books, spiritual warfare sermons, spiritual warfare audio sermons (free Christian mp3 downloads) and other resources reveal what is bible based and false Christian spiritual warfare and Christian deliverance. Spiritual growth and Christian living resources on spiritual warfare and Christian deliverance ministry principles.

Essential resources for fellow evangelicals whether in Pentecostalism, charismatic movement, Baptist, Presbyterian, AG, AME, non-denominations, Christian fundamentalists, moderates and liberals. Non-evangelicals and non-Christians most welcome. The Truth that brings true freedom knows no boundaries. Learn to distinguish between biblical and non-scripture based spiritual warfare, spiritual warfare prayers, deliverance prayers and other areas of deliverance ministry (deliverence ministry) such as casting out demons, binding demons, dealing with territorial spirits, breaking generational curses, etc.

Plus learn the truth on our spiritual armor (spiritual armour), spiritual weapons of warfare, prayer and fasting, the sword of the spirit, pleading the blood of Jesus, spiritual battles, fighting spiritual warfare, familiar spirits, spiritual authority, demonic attacks, demonic possession cases, demonic influence, casting out demons, demonic deliverance, spiritual healing, healing the wounded spirit, biblical financial freedom etc. Solving the confusion on what is spiritual warfare, deliverance ministry and bringing healing to victims of false doctrine practiced by some “deliverance ministries.” Ultimately revealing Christ, and his truth that came to set captives free from deception, spiritual bondage, the curse of the law and so on. “If you hold to my teaching, you are really my disciples. Then you will know the truth, and the truth will set you free,” Jn 8:31-32. “So if the Son sets you free, you will be free indeed,” Jn 8:36.