Back to Haitian Creole Bible online homepage (Contents Page of Online Bible)

 

Ruth 3

[1] [2] [3] [4]

RUTH 3:1 ¶ Kèk tan apre sa, Naomi di Rit konsa: -Pa pito m' chache yon mari pou ou, pou ou ka viv ak kè poze lakay ou?
RUTH 3:2 Ou chonje Bòz, pa vre? Mèt jaden kote ou te ye ansanm ak medam yo? Bon! Ou chonje mwen te di ou se yon fanmi pre nou li ye! Bon. Koute! Aswè a, yo pral vannen lòj yo fin bat yo.
RUTH 3:3 Al benyen. Mete odè sou ou, mete pi bèl rad ou sou ou. Epi ale bò glasi a, kote y'ap vannen an. Men, pa kite Bòz konnen ou la. W'a tann li fin manje, li fin bwè diven anvan.
RUTH 3:4 Lè sa a, w'a gade byen kote li al kouche. Lè w'a wè dòmi pran l', ou va ale, w'a leve pwent dra ki kouvri pye l' yo, epi w'a kouche kouche ou la, bò kote l'. Li menm l'a di ou sa pou ou fè apre sa.
RUTH 3:5 Rit reponn li: -M'a fè tou sa ou di m' fè.
RUTH 3:6 ¶ Se konsa Rit leve vre, li ale bò glasi a, li fè sa bèlmè li te di l' fè a.
RUTH 3:7 Lè Bòz fin manje, lè li fin bwè diven, kè l' te kontan. Li al kouche bò yon pil pay lòj, epi dòmi pote l' ale. Lè sa a, Rit pwoche tou dousman, li leve pwent dra ki te kouvri pye l' yo, epi li kouche la bò kote l'.
RUTH 3:8 Nan mitan lannwit, Bòz pantan nan dòmi an. Li leve, li panche, li tou sezi wè yon fanm ki te kouche nan pye l'.
RUTH 3:9 Li mande: -Ki moun sa? Rit reponn li: -Se mwen menm, Rit. Ou se yon fanmi pre nou. Se ou ki reskonsab pou pran swen mwen. Mwen vin jwenn ou.
RUTH 3:10 Bòz di l' konsa: -benediksyon Seyè a avè ou, mafi! Sa w'ap fè la a pi konsekan pase tou sa ou te fè pou bèlmè ou la. Sa moutre ou pa soti pou ou lage fanmi an. Ou ta gen dwa al dèyè nenpòt ki jenn gason, rich osinon pòv, pou marye avè ou, men ou pa fè l'.
RUTH 3:11 Ou pa bezwen bat kò ou, tande. M'ap fè tou sa ou mande m' fè pou ou a. Tout moun konnen ou se yon fanm total.
RUTH 3:12 Se vre sa ou di a. Mwen se yon fanmi pre nou. Mwen reskonsab ou. Men, gen yon nonm ki fanmi ou pi pre pase m'.
RUTH 3:13 Ou mèt rete pase nwit lan la. Denmen maten m'a chache konnen si li vle pran reskonsablite a sou do li. Si li dakò pou li pran li, m'a byen kontan. Si li pa vle, enben, mwen fè sèman devan Bondye vivan ki nan syèl la, m'ap pran l' mwen menm. Koulye a, rete kouche la jouk denmen maten.
RUTH 3:14 ¶ Se konsa Rit kouche la nan pye l'. Men, anvan bajou kase, li leve pou moun pa wè l', paske Bòz pa t' vle pesonn konnen li te la.
RUTH 3:15 Bòz di l' konsa: -Wete dra ki vlope ou la, louvri l' atè a. Rit louvri dra a atè. Bòz vide dis mamit lòj konsa ladan l'. Li mare l', epi li ede l' mete l' sou tèt li. Apre sa, Rit tounen lavil ak pakèt la.
RUTH 3:16 Lè li rive lakay li, bèlmè a mande l': -Enben, mafi! Ki jan sa pase? Rit tanmen rakonte l' tou sa Bòz fè pou li.
RUTH 3:17 Epi li di: -Anvan m' ale, li di m' konsa ou pa ka tounen san anyen. Se konsa, li ban m' dis mamit lòj sa yo.
RUTH 3:18 Naomi di l': -Koulye a, Rit mafi, poze kò ou tann pou ou wè jan sa pral pase. Bòz p'ap bay kò l' kanpo jòdi a, tout tan li pa regle zafè sa a.

 


Search the online bible

Back to Jesus Work Ministry main home page

Back to Jesus Work Ministry home for spiritual warfare and Christian deliverance ministry

Back to Jesus Work Ministry home for resources on Christian living

Christian deliverance and Spiritual warfare book 1

Christian deliverance and Spiritual warfare book 2

Christian deliverance and Spiritual warfare book 3

Christian deliverance and Spiritual warfare book 4

Spiritual warfare and Christian deliverance ministry classics

Other spiritual warfare and Christian deliverance resources on Jesus Work Ministry

Christian deliverance and spiritual warfare audio sermons (free Christian MP3 audio downloads)

Read online Bible - Haitian Creole Bible online. Free online bible on SpiritualWarfare.JesusWork.org -An evangelical online ministry website of Jesus Work Ministry revealing biblical truth and recent errors on spiritual warfare and deliverance ministry principles. Wrong spiritual warfare is harmful when practiced. Avoid the snare of end-time false doctrine and its sad consequences. Free deliverance and spiritual warfare books, spiritual warfare sermons, spiritual warfare audio sermons (free Christian mp3 downloads) and other resources reveal what is bible based and false Christian spiritual warfare and Christian deliverance. Spiritual growth and Christian living resources on spiritual warfare and Christian deliverance ministry principles.

Essential resources for fellow evangelicals whether in Pentecostalism, charismatic movement, Baptist, Presbyterian, AG, AME, non-denominations, Christian fundamentalists, moderates and liberals. Non-evangelicals and non-Christians most welcome. The Truth that brings true freedom knows no boundaries. Learn to distinguish between biblical and non-scripture based spiritual warfare, spiritual warfare prayers, deliverance prayers and other areas of deliverance ministry (deliverence ministry) such as casting out demons, binding demons, dealing with territorial spirits, breaking generational curses, etc.

Plus learn the truth on our spiritual armor (spiritual armour), spiritual weapons of warfare, prayer and fasting, the sword of the spirit, pleading the blood of Jesus, spiritual battles, fighting spiritual warfare, familiar spirits, spiritual authority, demonic attacks, demonic possession cases, demonic influence, casting out demons, demonic deliverance, spiritual healing, healing the wounded spirit, biblical financial freedom etc. Solving the confusion on what is spiritual warfare, deliverance ministry and bringing healing to victims of false doctrine practiced by some “deliverance ministries.” Ultimately revealing Christ, and his truth that came to set captives free from deception, spiritual bondage, the curse of the law and so on. “If you hold to my teaching, you are really my disciples. Then you will know the truth, and the truth will set you free,” Jn 8:31-32. “So if the Son sets you free, you will be free indeed,” Jn 8:36.