Back to Haitian Creole Bible online homepage (Contents Page of Online Bible)

 

Daniel 1

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12]

DAN 1:1 ¶ Nan twazyèm lanne rèy Jojakim, wa peyi Jida a, Nèbikadneza, wa lavil Babilòn, vin atake lavil Jerizalèm. Li sènen l' toupatou.
DAN 1:2 Seyè a kite l' mete men sou wa Jojakim ak bonkou nan bagay yo te mete apa pou fè sèvis Bondye nan Tanp lan. Nèbikadneza mennen kèk prizonye avè l' nan tanp bondye pa l' yo lavil Babilòn. Lèfini li mete bagay li te pran yo nan depo tanp bondye pa l' yo.
DAN 1:3 Wa a te bay Achpenaz, kòmandan nèg konfyans li yo, lòd pou l' te chwazi nan moun pèp Izrayèl yo te depòte yo kèk jenn gason ki soti nan fanmi wa a, osinon nan fanmi grannèg yo.
DAN 1:4 Se pou jenn mesye sa yo bèl gason san okenn enfimite. Se pou yo gen bon konprann, bon levasyon ak anpil konesans pou yo ka sèvi nan palè wa a. Achpenaz te gen pou l' te moutre yo jan pou yo li, jan pou yo ekri lang moun Babilòn yo.
DAN 1:5 Wa a te bay lòd pou chak jou yo te pran nan manje ak nan diven yo sèvi sou tab wa a pou ba yo. Se pou yo pase twazan konsa. Apre sa, y'a parèt devan wa a pou sèvis li.
DAN 1:6 Nan jenn gason yo te chwazi yo te gen kat ki te soti nan branch fanmi Jida: se te Danyèl, Ananya, Michayèl ak Azarya.
DAN 1:7 Kòmandan nèg konfyans wa yo te chanje non ti mesye yo. Li te rele Danyèl Beltechaza, Ananya Chadrak, Michayèl Mechak, Azarya Abèdnego.
DAN 1:8 ¶ Danyèl te pran desizyon nan kè l' pou l' pa t' manyen ni manje ni diven yo sèvi nan palè wa a pou l' te ka toujou nan kondisyon pou l' sèvi Bondye l'. Se konsa, li al jwenn kòmandan nèg konfyans wa a, li mande l' pèmisyon pou l' pa blije manje manje sa yo.
DAN 1:9 Bondye fè Achpenaz, kòmandan nèg konfyans wa a, te renmen Danyèl, san l' te ale avè l'.
DAN 1:10 Men, Achpenaz di Danyèl konsa: -Mwen pè wa a, mèt mwen an. Se wa a menm ki deside sa pou n' manje ak sa pou n' bwè. Si nou pa anfòm tankou lòt jenn gason menm laj avè nou yo, nou ka lakòz wa a touye m'.
DAN 1:11 Lè sa a, Danyèl al jwenn gad kòmandan an te mete reskonsab li ansanm ak Ananya, Michayèl ak Azarya. Li di l':
DAN 1:12 -Pandan dis jou ban nou legim ase pou n' manje ak dlo pou nou bwè.
DAN 1:13 Apre sa, w'a wè ki jan nou ye devan lòt jenn gason yo k'ap manje manje wa a. Lè sa a, w'a fè sa ou vle avè nou, dapre sa w'a wè.
DAN 1:14 Gad la dakò pou l' ba yo yon chans pandan dis jou.
DAN 1:15 Apre dis jou yo, figi ti mesye yo te pi fre, yo te pi anfòm pase jenn gason ki te manje manje wa a.
DAN 1:16 Depi lè sa a, gad la pa t' ba yo manje ak diven wa a te bay pou yo a, li ba yo legim pito.
DAN 1:17 ¶ Bondye bay kat jenn gason sa yo konesans, lespri ak bon konprann pou yo te ka li tout kalite liv. Lèfini, li bay Danyèl don pou l' te konprann sans tout kalite vizyon ak tout kalite rèv.
DAN 1:18 Apre tan wa a te fikse a fin pase, Achpenaz mennen tout jenn gason yo bay wa Nèbikadneza.
DAN 1:19 Wa a pale ak yo tout. Nan mitan tout jenn gason yo li pa t' jwenn tankou Danyèl, Ananya, Michayèl ak Azarya. Se konsa yo rete nan palè a pou sèvi wa a.
DAN 1:20 Lè wa a mande yo konsèy pou nenpòt pwoblèm ki mande konesans ak lespri, li wè jenn gason sa yo te konnen dis fwa plis pase tout lòt divinò ak moun ki li zetwal nan tout peyi a.
DAN 1:21 Se konsa, Danyèl rete nan palè a jouk lè wa Siris antre lavil Babilòn.

 


Search the online bible

Back to Jesus Work Ministry main home page

Back to Jesus Work Ministry home for spiritual warfare and Christian deliverance ministry

Back to Jesus Work Ministry home for resources on Christian living

Christian deliverance and Spiritual warfare book 1

Christian deliverance and Spiritual warfare book 2

Christian deliverance and Spiritual warfare book 3

Christian deliverance and Spiritual warfare book 4

Spiritual warfare and Christian deliverance ministry classics

Other spiritual warfare and Christian deliverance resources on Jesus Work Ministry

Christian deliverance and spiritual warfare audio sermons (free Christian MP3 audio downloads)

Read online Bible - Haitian Creole Bible online. Free online bible on SpiritualWarfare.JesusWork.org -An evangelical online ministry website of Jesus Work Ministry revealing biblical truth and recent errors on spiritual warfare and deliverance ministry principles. Wrong spiritual warfare is harmful when practiced. Avoid the snare of end-time false doctrine and its sad consequences. Free deliverance and spiritual warfare books, spiritual warfare sermons, spiritual warfare audio sermons (free Christian mp3 downloads) and other resources reveal what is bible based and false Christian spiritual warfare and Christian deliverance. Spiritual growth and Christian living resources on spiritual warfare and Christian deliverance ministry principles.

Essential resources for fellow evangelicals whether in Pentecostalism, charismatic movement, Baptist, Presbyterian, AG, AME, non-denominations, Christian fundamentalists, moderates and liberals. Non-evangelicals and non-Christians most welcome. The Truth that brings true freedom knows no boundaries. Learn to distinguish between biblical and non-scripture based spiritual warfare, spiritual warfare prayers, deliverance prayers and other areas of deliverance ministry (deliverence ministry) such as casting out demons, binding demons, dealing with territorial spirits, breaking generational curses, etc.

Plus learn the truth on our spiritual armor (spiritual armour), spiritual weapons of warfare, prayer and fasting, the sword of the spirit, pleading the blood of Jesus, spiritual battles, fighting spiritual warfare, familiar spirits, spiritual authority, demonic attacks, demonic possession cases, demonic influence, casting out demons, demonic deliverance, spiritual healing, healing the wounded spirit, biblical financial freedom etc. Solving the confusion on what is spiritual warfare, deliverance ministry and bringing healing to victims of false doctrine practiced by some “deliverance ministries.” Ultimately revealing Christ, and his truth that came to set captives free from deception, spiritual bondage, the curse of the law and so on. “If you hold to my teaching, you are really my disciples. Then you will know the truth, and the truth will set you free,” Jn 8:31-32. “So if the Son sets you free, you will be free indeed,” Jn 8:36.