Back to Haitian Creole Bible online homepage (Contents Page of Online Bible)

 

Jeremiah 23

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12] [13] [14] [15] [16] [17] [18] [19] [20] [21] [22] [23] [24] [25] [26] [27] [28] [29] [30] [31] [32] [33] [34] [35] [36] [37] [38] [39] [40] [41] [42] [43] [44] [45] [46] [47] [48] [49] [50] [51] [52]

JER 23:1 ¶ Madichon pou chèf sa yo ki tankou move gadò k'ap touye, k'ap gaye bann mouton m' mete sou kont yo a. Se Seyè a menm ki di sa.
JER 23:2 Se poutèt sa, men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di sou chèf li mete reskonsab pèp li a: Nou gaye tout mouton m' yo. Nou lage yo nan bwa, nou pa okipe yo. Mwen pral regle nou pou tout mechanste nou yo. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.
JER 23:3 M'ap sanble sa ki rete nan pèp mwen an, m' pral pran yo nan tout peyi kote mwen te gaye yo a, m'ap fè yo tounen lakay yo. Y'a fè anpil pitit, y'a peple.
JER 23:4 M'a mete lòt chèf ki va okipe yo. Pèp mwen an p'ap pè anyen ankò, yo p'ap viv ak kè sote ankò. Yonn ladan yo p'ap pèdi. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
JER 23:5 Seyè a di ankò: -Yon jou ap vini. Lè sa a, m'a chwazi yon moun ki dwat nan fanmi David la pou wa. L'a gouvènen yo ak bon konprann. L'a fè sa ki dwat, l'a mete jistis nan tout peyi a.
JER 23:6 Sou rèy wa sa a, pèp Jida a va sove, pèp Izrayèl la va viv ak kè poze nan peyi l'. Y'a rele wa a: Seyè a, Delivrans nou.
JER 23:7 Seyè a di ankò: Se poutèt sa yon jou va rive lè moun pèp Izrayèl yo p'ap di lè y'ap fè sèman: Se nan non Seyè ki vivan an, li menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip.
JER 23:8 Lè sa a y'a di: Se nan non Seyè ki vivan an, li menm ki te fè pitit pitit moun pèp Izrayèl yo soti kite peyi nan nò a ak nan tout lòt peyi kote li te gaye yo pou yo vin rete nan peyi ki rele yo pa yo a.
JER 23:9 ¶ Mesaj sou pwofèt yo: -Kè m' ap fann! M'ap tranble nan tout kò m'. Mwen tankou yon moun ki sou, yon moun ki bwè twòp. Se Seyè a ki lakòz sa avèk pawòl li yo ki pawòl Bondye tout bon.
JER 23:10 Peyi a plen moun ki vire do bay Bondye. Madichon Bondye fè tout peyi a nan lapenn. Jaden zèb yo fin cheche. Tout moun deyò pou fè sa ki mal. Yo pran fòs kouraj yo pou fè sa ki pa dwat.
JER 23:11 Seyè a di ankò: -Pwofèt yo ansanm ak prèt yo, se yon bann moun ki pa konn Bondye. Mwen bare yo ap fè sa ki mal nan Tanp lan menm.
JER 23:12 Enben, chemen yo pran an pral tankou yon tè glise nan fènwa pou yo. Yo pral pèdi wout yo, yo pral tonbe. Mwen pral voye yon sèl malè sou yo lè lè a va rive pou m' pini yo. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.
JER 23:13 Mwen wè pwofèt lavil Samari yo ap fè bagay ki pa fè m' plezi. Y'ap bay mesaj nan non Baal. Yo fè pèp mwen an, pèp Izrayèl la, pèdi chemen l'.
JER 23:14 Men, sa m' wè pwofèt lavil Jerizalèm yo ap fè a ban m' degoutans. Y'ap sèvi lòt bondye sou mwen. Y'ap plede bay manti. Y'ap ede moun yo fè mechanste. Konsa, pesonn pa sispann fè sa ki mal. Pou mwen, yo tankou moun lavil Sodòm ak lavil Gomò yo.
JER 23:15 Se poutèt sa, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di sou pwofèt yo: -Mwen pral ba yo zèb anmè pou yo manje. Mwen pral ba yo dlo pwazonnen pou yo bwè, paske pwofèt Jerizalèm yo lakòz tout moun nan peyi a lage kò yo nan fè sa ki mal.
JER 23:16 Men sa Seyè a di moun Jerizalèm yo: -Pa koute sa pwofèt sa yo ap di nou lè y'ap ban nou mesaj. Se manti y'ap ban nou pou yo ka pran tèt nou. Se sa ki vin nan tèt yo y'ap di pèl la. Sa yo di a pa soti nan mwen.
JER 23:17 Yo pale ak moun ki derefize koute m' yo, y'ap di yo: Tout bagay ap mache byen pou nou. Yo pale ak tout moun ki soti pou kenbe tèt avè m', y'ap di yo: Anyen p'ap rive nou!
JER 23:18 Mwen di: Pa gen yonn ladan yo ki te la lè Seyè a t'ap fè plan travay li. Yo yonn pa t' wè, yo yonn pa t' tande sa Seyè a te di. Yo yonn pa t' louvri zòrèy yo pou yo te koute sa li t'ap di.
JER 23:19 Lè Bondye ankòlè se tankou yon van tanpèt, yon siklòn k'ap tonbe sou tèt mechan yo.
JER 23:20 Li p'ap sispann toutotan li pa fin fè tou sa li soti pou li fè a. Nan jou k'ap vini yo, pèp la va konprann sa pi byen.
JER 23:21 Seyè a di ankò: Se pa mwen ki voye pwofèt sa yo. Men, y'ap kouri ale toupatou. Mwen pa menm pale ak yo. Men, y'ap mache pale nan non mwen.
JER 23:22 Si yo te la lè m' t'ap fè plan travay mwen an, yo ta fè pèp la konnen mesaj mwen voye ba yo a, yo ta fè pèp la kite vye chemen y'ap swiv la, yo ta fè l' sispann fè sa ki mal.
JER 23:23 Seyè a di: Mwen se yon Bondye ki toupatou. Mwen pa rete yon sèl kote ase.
JER 23:24 Pa gen kote yon moun ka al kache pou m' pa wè l'. Nou pa konnen mwen toupatou nan syèl la ak sou latè a? Se Seyè a menm ki di sa.
JER 23:25 Mwen tande tou sa pwofèt yo di lè yo pran non m' pou bay manti, lè yo pretann yo te fè vizyon nan rèv.
JER 23:26 Kilè y'a sispann, pwofèt sa yo k'ap bay manti, k'ap bay mesaj ki pa vre, k'ap twonpe pèp la ak pawòl manti ki nan bouch yo?
JER 23:27 Yo konprann yo ka fè pèp la bliye m' ak bann rèv y'ap plede rakonte yo, menm jan zansèt yo te bliye m' pou y' al dèyè Baal?
JER 23:28 Lè yon pwofèt fè yon rèv, se pou l' di se yon rèv li fè. Men, pwofèt ki resevwa mesaj mwen, li fèt pou l' bay mesaj la jan l' ye a. Piga nou pran pay la pou grenn lan. Se Seyè a menm ki di sa.
JER 23:29 Mesaj mwen tankou dife, tankou mato k'ap kraze wòch an miyèt moso. Se mwen menm menm, Seyè a, ki di sa.
JER 23:30 Se poutèt sa mwen pral regle ak pwofèt yo k'ap pran pawòl yonn nan bouch lòt, pou fè l' pase pou mesaj mwen.
JER 23:31 Mwen pral regle ak pwofèt sa yo k'ap bay pawòl pa yo pou mesaj y'ap bay nan non mwen.
JER 23:32 Tande byen sa m'ap di: Mwen pral regle ak pwofèt sa yo k'ap rakonte rèv ki plen manti. Lè konsa, yo fè pèp mwen an pèdi tèt li ak manti y'ap ba li, ak bèl pawòl y'ap di pou tèt pa yo. Se pa mwen ki te voye yo. Se pa mwen ki te ba yo lòd ale. Yo pa ka fè anyen menm pou pèp la. Se mwen menm Seyè a ki pale.
JER 23:33 ¶ Seyè a di m': -Jeremi, lè yon moun nan pèp la, osinon yon pwofèt, ou ankò yon prèt mande ou ki chay Seyè a ban nou pote, w'a reponn yo: Se nou menm ki yon chay pou Seyè a. Li pral lage nou atè. Se Seyè a menm ki di sa.
JER 23:34 Lè yon moun nan pèp la, osinon yon pwofèt, ou ankò yon prèt va pale mal sou chay Seyè a bay pote a, m'ap pini l' ansanm ak tout fanmi li.
JER 23:35 Okontrè, chak moun gen pou mande zanmi yo ak fanmi yo kisa Seyè a reponn, kisa li di ki pral rive.
JER 23:36 Konsa, piga nou pale sou chay Seyè a bay ankò paske m'ap fè mesaj mwen an tounen yon chay tout bon pou nou. Nou pran pawòl Bondye vivan an, pawòl Seyè ki gen tout pouvwa a, pawòl Bondye nou an, nou vire l' lanvè.
JER 23:37 Jeremi, mande pwofèt yo ki repons Seyè a bay? Kisa Seyè a di ki pral rive?
JER 23:38 Si yo reponn: Men chay Seyè a bay, lè sa a w'a di yo, men sa Seyè a di: Paske nou di: Men chay Seyè a bay, atout mwen te ban nou lòd pa di sa,
JER 23:39 m'ap pran nou leve anlè, m'ap voye nou jete byen lwen mwen, ni nou, ni lavil mwen te bay pou nou ansanm ak pou zansèt nou yo.
JER 23:40 M'ap fè nou wont yon wont ki p'ap janm fini, yon wont moun p'ap janm bliye.

 


Search the online bible

Back to Jesus Work Ministry main home page

Back to Jesus Work Ministry home for spiritual warfare and Christian deliverance ministry

Back to Jesus Work Ministry home for resources on Christian living

Christian deliverance and Spiritual warfare book 1

Christian deliverance and Spiritual warfare book 2

Christian deliverance and Spiritual warfare book 3

Christian deliverance and Spiritual warfare book 4

Spiritual warfare and Christian deliverance ministry classics

Other spiritual warfare and Christian deliverance resources on Jesus Work Ministry

Christian deliverance and spiritual warfare audio sermons (free Christian MP3 audio downloads)

Read online Bible - Haitian Creole Bible online. Free online bible on SpiritualWarfare.JesusWork.org -An evangelical online ministry website of Jesus Work Ministry revealing biblical truth and recent errors on spiritual warfare and deliverance ministry principles. Wrong spiritual warfare is harmful when practiced. Avoid the snare of end-time false doctrine and its sad consequences. Free deliverance and spiritual warfare books, spiritual warfare sermons, spiritual warfare audio sermons (free Christian mp3 downloads) and other resources reveal what is bible based and false Christian spiritual warfare and Christian deliverance. Spiritual growth and Christian living resources on spiritual warfare and Christian deliverance ministry principles.

Essential resources for fellow evangelicals whether in Pentecostalism, charismatic movement, Baptist, Presbyterian, AG, AME, non-denominations, Christian fundamentalists, moderates and liberals. Non-evangelicals and non-Christians most welcome. The Truth that brings true freedom knows no boundaries. Learn to distinguish between biblical and non-scripture based spiritual warfare, spiritual warfare prayers, deliverance prayers and other areas of deliverance ministry (deliverence ministry) such as casting out demons, binding demons, dealing with territorial spirits, breaking generational curses, etc.

Plus learn the truth on our spiritual armor (spiritual armour), spiritual weapons of warfare, prayer and fasting, the sword of the spirit, pleading the blood of Jesus, spiritual battles, fighting spiritual warfare, familiar spirits, spiritual authority, demonic attacks, demonic possession cases, demonic influence, casting out demons, demonic deliverance, spiritual healing, healing the wounded spirit, biblical financial freedom etc. Solving the confusion on what is spiritual warfare, deliverance ministry and bringing healing to victims of false doctrine practiced by some “deliverance ministries.” Ultimately revealing Christ, and his truth that came to set captives free from deception, spiritual bondage, the curse of the law and so on. “If you hold to my teaching, you are really my disciples. Then you will know the truth, and the truth will set you free,” Jn 8:31-32. “So if the Son sets you free, you will be free indeed,” Jn 8:36.