Back to Haitian Creole Bible online homepage (Contents Page of Online Bible)

 

Leviticus 24

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12] [13] [14] [15] [16] [17] [18] [19] [20] [21] [22] [23] [24] [25] [26] [27]

LEV 24:1 ¶ Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
LEV 24:2 -Bay moun pèp Izrayèl yo lòd pou yo fè ou jwenn bon lwil fèt ak grenn oliv kraze pou gwo lanp sèt branch ki nan Tant Randevou a, pou lanp yo toujou ka rete limen.
LEV 24:3 Chak aswè, Arawon va limen yo, l'a veye pou yo toujou rete limen jouk denmen maten devan Seyè a, sou deyò rido ki devan Bwat Kontra a nan Tant Randevou a. Sa se yon regleman pou yo kenbe pou tout tan, de pitit an pitit.
LEV 24:4 Arawon va pran swen tout ti lanp ki sou gwo lanp sèt branch an lò a. L'a veye pou yo toujou rete limen devan Seyè a.
LEV 24:5 W'a pran vennkat liv farin frans, w'a fè douz pen. Chak pen va fèt ak de liv farin.
LEV 24:6 W'a mete pen yo sou de ran sou tab lò ki devan Seyè a, sis pen nan chak ran.
LEV 24:7 Apre sa, w'a pran lansan bon kalite, w'a mete sou chak ran pen yo. Se lansan sa a w'a ofri nan dife bay Seyè a tankou si se te pen yo menm ou te ofri.
LEV 24:8 Se pou moun pèp Izrayèl yo pote pen chak jou repo, pou yo ofri bay Seyè a. Se bagay pou yo toujou fè dapre kontra Bondye a ki p'ap janm kase.
LEV 24:9 Se pou Arawon ak pitit gason l' yo pen yo va ye. Y'a manje yo yon kote ki apa pou Seyè a, paske se yon pòsyon ki apa nèt pou Bondye nan manje yo ofri pou boule nan dife pou Seyè a. Se yon regleman ki la pou tout tan tout tan.
LEV 24:10 ¶ Vwala te gen yon nonm, manman l' te moun pèp Izrayèl, men papa l' te moun peyi Lejip. Msye vin rive nan mitan pèp la, epi li pete yon kont nan kan an avèk yon moun pèp Izrayèl la.
LEV 24:11 Manman nonm lan te rele Chelomit. Se te pitit fi Dibri, yon moun nan branch fanmi Dann lan. Pandan yo t'ap joure a, nonm lan nonmen non Bondye mal. Nan koze a, li derespekte Bondye. Se konsa yo pran l' mennen bay Moyiz.
LEV 24:12 Yo mete msye yon kote ak moun pou veye l', pandan Moyiz menm t'ap tann Seyè a vin di l' sa pou l' fè.
LEV 24:13 Seyè a di Moyiz konsa:
LEV 24:14 -Mennen nonm lan lòt bò limit kan an. Fè tout moun ki te tande l' lè li t'ap derespekte Bondye a mete men yo sou tèt li. Konsa, y'a ba l' pote reskonsablite sa l' fè a, epi tout pèp la va kalonnen msye wòch jouk li mouri.
LEV 24:15 Apre sa, w'a pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo: Lè yon moun derespekte Bondye, se pou l' peye pou sa l' fè a.
LEV 24:16 Se pou yo touye l'. Wi, si yon moun peyi a osinon yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou derespekte Bondye, se pou yo touye l'. Tout moun nan peyi a va kalonnen l' wòch jouk li mouri.
LEV 24:17 Depi yon moun touye yon lòt, se pou yo touye l' tou.
LEV 24:18 Si yon moun touye yon bèt ki pa pou li, se pou l' renmèt li. Prensip la vle kou pou kou, lavi pou lavi.
LEV 24:19 Si ou fè yon moun menm peyi avè ou mal, se pou yo fè ou menm bagay la tou.
LEV 24:20 Si ou kase yon zo nan kò l', y'a kase yon zo nan kò pa ou tou. Si ou pete yon grenn je l', y'a pete yon grenn je pa ou tou. Si ou kase yon dan nan bouch li, y'a kase yon dan nan bouch pa ou tou. Sa ou fè lòt la, se sa y'a fè ou tou.
LEV 24:21 Si ou touye yon bèt ki pa pou ou, se pou ou renmèt li. Men, si se yon moun ou touye, y'ap touye ou tou.
LEV 24:22 Menm jijman sa a va pou tout moun k'ap viv nan peyi a, kit se yon moun peyi a ki menm ras avè ou, kit se yon moun lòt nasyon, paske se mwen menm Seyè a ki Bondye nou an.
LEV 24:23 Moyiz pale ak moun pèp Izrayèl yo, epi yo pran nonm ki te nonmen non Bondye a mal la, yo mennen l' andeyò lòt bò limit kote tout moun rete a, epi yo kalonnen l' wòch jouk yo touye l'. Se konsa moun pèp Izrayèl yo te fè tou sa Seyè a te bay Moyiz lòd fè a.

 


Search the online bible

Back to Jesus Work Ministry main home page

Back to Jesus Work Ministry home for spiritual warfare and Christian deliverance ministry

Back to Jesus Work Ministry home for resources on Christian living

Christian deliverance and Spiritual warfare book 1

Christian deliverance and Spiritual warfare book 2

Christian deliverance and Spiritual warfare book 3

Christian deliverance and Spiritual warfare book 4

Spiritual warfare and Christian deliverance ministry classics

Other spiritual warfare and Christian deliverance resources on Jesus Work Ministry

Christian deliverance and spiritual warfare audio sermons (free Christian MP3 audio downloads)

Read online Bible - Haitian Creole Bible online. Free online bible on SpiritualWarfare.JesusWork.org -An evangelical online ministry website of Jesus Work Ministry revealing biblical truth and recent errors on spiritual warfare and deliverance ministry principles. Wrong spiritual warfare is harmful when practiced. Avoid the snare of end-time false doctrine and its sad consequences. Free deliverance and spiritual warfare books, spiritual warfare sermons, spiritual warfare audio sermons (free Christian mp3 downloads) and other resources reveal what is bible based and false Christian spiritual warfare and Christian deliverance. Spiritual growth and Christian living resources on spiritual warfare and Christian deliverance ministry principles.

Essential resources for fellow evangelicals whether in Pentecostalism, charismatic movement, Baptist, Presbyterian, AG, AME, non-denominations, Christian fundamentalists, moderates and liberals. Non-evangelicals and non-Christians most welcome. The Truth that brings true freedom knows no boundaries. Learn to distinguish between biblical and non-scripture based spiritual warfare, spiritual warfare prayers, deliverance prayers and other areas of deliverance ministry (deliverence ministry) such as casting out demons, binding demons, dealing with territorial spirits, breaking generational curses, etc.

Plus learn the truth on our spiritual armor (spiritual armour), spiritual weapons of warfare, prayer and fasting, the sword of the spirit, pleading the blood of Jesus, spiritual battles, fighting spiritual warfare, familiar spirits, spiritual authority, demonic attacks, demonic possession cases, demonic influence, casting out demons, demonic deliverance, spiritual healing, healing the wounded spirit, biblical financial freedom etc. Solving the confusion on what is spiritual warfare, deliverance ministry and bringing healing to victims of false doctrine practiced by some “deliverance ministries.” Ultimately revealing Christ, and his truth that came to set captives free from deception, spiritual bondage, the curse of the law and so on. “If you hold to my teaching, you are really my disciples. Then you will know the truth, and the truth will set you free,” Jn 8:31-32. “So if the Son sets you free, you will be free indeed,” Jn 8:36.