Back to Haitian Creole Bible online homepage (Contents Page of Online Bible)

 

Leviticus 4

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12] [13] [14] [15] [16] [17] [18] [19] [20] [21] [22] [23] [24] [25] [26] [27]

LEV 4:1 ¶ Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
LEV 4:2 -Men sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo: Si yon moun fè yon peche san li pa konnen, si li pa swiv lòd Seyè a bay epi li fè sa l' pa t' dwe fè, men sa pou yo fè l':
LEV 4:3 Si se granprèt la ki fè yon peche konsa epi ki lakòz tout pèp la ap sibi chatiman, granprèt la va mennen yon ti towo bèf san ankenn enfimite, l'a ofri l' bay Seyè a pou peche l' la.
LEV 4:4 L'a mennen towo a devan pòt Tant Randevou a, l'a mete men l' sou tèt towo a, epi l'a touye l' la devan Seyè a.
LEV 4:5 Apre sa, granprèt la va pran ti gout nan san towo a, l'a pote l' anba Tant Randevou a,
LEV 4:6 l'a tranpe dwèt li nan san an, epi l'a voye san an sèt fwa devan rido kote ki apa pou Seyè a.
LEV 4:7 Apre sa, l'a pran ti gout nan san an, l'a mete l' sou kat kòn lotèl lansan an ki anndan Tant Randevou a. L'a vide rès san an nan pye lotèl kote yo boule bèt yo ofri yo, ki bò pòt kote yo antre nan tant lan.
LEV 4:8 Apre sa, l'a wete tout grès ki nan towo yo te ofri pou peche a. Y'a wete tout grès ki vlope tripay la,
LEV 4:9 de wonyon yo ak tout grès ki sou yo a, ansanm ak mas grès ki sou fwa a.
LEV 4:10 L'a wete yo menm jan yo fè sa lè y'ap fè ofrann bèt pou di Bondye mèsi. Prèt la va boule tout grès la sou lotèl ki la pou boule kalite ofrann bèt sa yo.
LEV 4:11 Men, l'a pran po towo a ansanm ak tout vyann lan, tèt la, pye yo, tout tripay la avèk tout poupou a ladan l'.
LEV 4:12 Wi, l'a pran tout rès towo a, l'a fè yo pote l' andeyò limit kote yo rete a. Lè y'a rive kote ki rezève pou jete sann lotèl yo, y'a fè yon dife bwa, y'a boule rès towo a sou li. Wi, kote yo jete sann dife a, se la pou yo boule vyann towo a.
LEV 4:13 ¶ Si se tout pèp Izrayèl la ki fè peche san yo pa fè espre, si yo antò devan Bondye paske, san yo pa konnen, yo fè yon bagay Seyè a te ba yo lòd pou yo pa fè,
LEV 4:14 lè y'a vin wè yo te fè yon peche, y'a mennen yon jenn towo, y'a ofri l' bay Bondye pou l' ka wete peche yo a. Y'a mennen l' devan Tant Randevou a.
LEV 4:15 Lè y'a rive la, chèf fanmi pèp Izrayèl yo va mete men yo sou tèt towo a, epi y'a touye l' la devan lotèl Seyè a.
LEV 4:16 Granprèt la va pran ti gout nan san towo a, l'a pote l' anndan Tant Randevou a.
LEV 4:17 L'a tranpe dwèt li nan san an sèt fwa, l'a voye l' sèt fwa sou devan rido kote ki apa pou Seyè a.
LEV 4:18 Apre sa, l'a pran ti gout nan san an, l'a mete l' sou kat kòn lotèl ki devan Seyè a, anndan Tant Randevou a. L'a vide rès san an nan pye lotèl kote yo boule bèt yo ofri yo, lotèl ki bò pòt kote yo antre nan tant lan.
LEV 4:19 Apre sa, l'a pran tout grès towo a, l'a boule l' sou lotèl la.
LEV 4:20 Menm sa li gen pou l' fè pou towo li ta ofri pou pwòp peche li fè, l'a fè l' pou towo sa a tou. Konsa, prèt la va fè ofrann bèt pou peche pèp la te fè san yo pa konnen an, epi Bondye va padonnen peche yo a.
LEV 4:21 Lèfini, l'a pran rès towo a, l'a pote l' andeyò limit kote yo rete a, l'a boule l' menm jan li gen pou l' boule towo li ta ofri pou pwòp peche li fè. Se sa yo rele ofrann bèt yo fè pou wete peche tout pèp la te fè san li pa konnen.
LEV 4:22 ¶ Si se yon chèf ki fè peche, ki rive antò devan Bondye li a paske, san li pa fè espre, li pa swiv yonn nan lòd Seyè a te bay la,
LEV 4:23 rive li rive konnen sa l' fè a pa bon, se pou l' mennen yon ti bouk kabrit ki pa gen ankenn enfimite, l'a ofri l' pou yo touye l' bay Seyè a.
LEV 4:24 L'a mete men l' sou tèt kabrit la, l'a touye l' sou bò nò lotèl la, kote yo konn touye bèt yo ofri pou boule nèt pou Seyè a. Se sa yo rele yon ofrann bèt pou wete peche moun fè san yo pa konnen.
LEV 4:25 Prèt la va tranpe dwèt li nan san bèt yo ofri pou peche a, l'a mete san sou kat kòn lotèl kote yo boule bèt yo ofri bay Bondye yo, l'a vide rès san an nan pye lotèl la.
LEV 4:26 Apre sa, l'a boule tout grès la sou lotèl la, menm jan yo fè l' pou grès bèt yo ofri pou di Bondye mèsi a. Se konsa prèt la va fè ofrann bèt pou wete peche chèf la te fè san li pa konnen an, epi Bondye va padonnen l' sa.
LEV 4:27 ¶ Si se nenpòt lòt moun nan pèp la ki fè peche san li pa fè espre, ki vle di li antò paske li fè yon bagay Seyè a te bay lòd pa fè men li fè l' san l' pa konnen,
LEV 4:28 rive moun sa a rive konnen sa l' fè a pa bon, se pou l' mennen yon fenmèl kabrit ki pa gen ankenn enfimite, l'a ofri l' pou yo touye l' bay Seyè a pou peche li a.
LEV 4:29 L'a mete men l' sou tèt kabrit la, l'a touye l' sou bò nò lotèl la, kote yo konn touye bèt yo ofri pou boule nèt pou Seyè a.
LEV 4:30 Prèt la va tranpe dwèt li nan san bèt yo ofri a, l'a mete san sou kat kòn lotèl kote yo boule bèt yo ofri bay Bondye yo, l'a vide rès san an nan pye lotèl la.
LEV 4:31 Lèfini, l'a wete tout grès la, menm jan yo fè l' pou bèt yo ofri pou di Bondye mèsi a, y'a boule l' sou lotèl la pou fè Bondye plezi ak bon sant li. Se konsa prèt la va fè ofrann bèt pou wete peche moun lan te fè san li pa t' konnen an, epi Bondye va padonnen l' sa.
LEV 4:32 Si se yon ti mouton moun lan ap ofri pou wete peche li fè a, se yon ti fenmèl ki pa gen ankenn enfimite pou l' mennen.
LEV 4:33 L'a mete men l' sou tèt bèt li ofri pou wete peche li a, l'a touye l' sou bò nò lotèl la, kote yo konn touye bèt yo ofri pou boule nèt pou Seyè a.
LEV 4:34 Prèt la va tranpe dwèt li nan san bèt yo ofri a, l'a mete san sou kat kòn lotèl kote yo boule bèt yo ofri bay Bondye yo, epi l'a vide rès san an nan pye lotèl la.
LEV 4:35 Apre sa, l'a wete tout grès la, menm jan yo fè l' pou mouton yo ofri pou di Bondye mèsi a, l'a boule l' sou lotèl la ansanm ak lòt ofrann y'ap boule pou Seyè a. Se konsa prèt la va fè ofrann bèt pou wete peche moun lan te fè san l' pa t' konnen an, epi Bondye va padonnen l' sa.

 


Search the online bible

Back to Jesus Work Ministry main home page

Back to Jesus Work Ministry home for spiritual warfare and Christian deliverance ministry

Back to Jesus Work Ministry home for resources on Christian living

Christian deliverance and Spiritual warfare book 1

Christian deliverance and Spiritual warfare book 2

Christian deliverance and Spiritual warfare book 3

Christian deliverance and Spiritual warfare book 4

Spiritual warfare and Christian deliverance ministry classics

Other spiritual warfare and Christian deliverance resources on Jesus Work Ministry

Christian deliverance and spiritual warfare audio sermons (free Christian MP3 audio downloads)

Read online Bible - Haitian Creole Bible online. Free online bible on SpiritualWarfare.JesusWork.org -An evangelical online ministry website of Jesus Work Ministry revealing biblical truth and recent errors on spiritual warfare and deliverance ministry principles. Wrong spiritual warfare is harmful when practiced. Avoid the snare of end-time false doctrine and its sad consequences. Free deliverance and spiritual warfare books, spiritual warfare sermons, spiritual warfare audio sermons (free Christian mp3 downloads) and other resources reveal what is bible based and false Christian spiritual warfare and Christian deliverance. Spiritual growth and Christian living resources on spiritual warfare and Christian deliverance ministry principles.

Essential resources for fellow evangelicals whether in Pentecostalism, charismatic movement, Baptist, Presbyterian, AG, AME, non-denominations, Christian fundamentalists, moderates and liberals. Non-evangelicals and non-Christians most welcome. The Truth that brings true freedom knows no boundaries. Learn to distinguish between biblical and non-scripture based spiritual warfare, spiritual warfare prayers, deliverance prayers and other areas of deliverance ministry (deliverence ministry) such as casting out demons, binding demons, dealing with territorial spirits, breaking generational curses, etc.

Plus learn the truth on our spiritual armor (spiritual armour), spiritual weapons of warfare, prayer and fasting, the sword of the spirit, pleading the blood of Jesus, spiritual battles, fighting spiritual warfare, familiar spirits, spiritual authority, demonic attacks, demonic possession cases, demonic influence, casting out demons, demonic deliverance, spiritual healing, healing the wounded spirit, biblical financial freedom etc. Solving the confusion on what is spiritual warfare, deliverance ministry and bringing healing to victims of false doctrine practiced by some “deliverance ministries.” Ultimately revealing Christ, and his truth that came to set captives free from deception, spiritual bondage, the curse of the law and so on. “If you hold to my teaching, you are really my disciples. Then you will know the truth, and the truth will set you free,” Jn 8:31-32. “So if the Son sets you free, you will be free indeed,” Jn 8:36.