Back to Haitian Creole Bible online homepage (Contents Page of Online Bible)

 

Leviticus 27

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12] [13] [14] [15] [16] [17] [18] [19] [20] [21] [22] [23] [24] [25] [26] [27]

LEV 27:1 ¶ Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
LEV 27:2 -Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo pou mwen: Lè yon moun pran angajman pou l' ofri yon moun bay Seyè a, se nou menm ki pou fikse kantite lajan pou yo bay nan plas moun lan, dapre sistèm yo sèvi nan tanp lan.
LEV 27:3 Men ki jan n'a fè sa: Pou yon gason ki gen ant ventan al swasantan, se va senkant pyès ajan.
LEV 27:4 Pou yon fanm menm laj la, se va trant pyès ajan
LEV 27:5 Pou yon jenn gason ki gen ant senkan al ventan, se va vin pyès ajan. Pou yon jenn fi ki gen menm laj la, se va dis pyès ajan.
LEV 27:6 Pou yon timoun ki gen ant yon mwa al senkan, si se yon gason se va senk pyès ajan. Pou yon ti fi menm laj la, se va twa pyès ajan
LEV 27:7 Pou yon gason ki depase swasantan, se va kenz pyès ajan. Pou yon fanm menm laj la, se va dis pyès ajan.
LEV 27:8 Men, si moun ki te pran angajman an pa gen kont lajan pou peye valè nou mande a, l'a mennen moun li te pwomèt bay la bay prèt la. Prèt la va fè yon lòt pri, dapre sa moun lan ka peye.
LEV 27:9 Si se yon bèt yon moun pran angajman pou l' ofri bay Seyè a, nenpòt kisa l'a bay Seyè a va rete apa nèt pou Seyè a.
LEV 27:10 Li p'ap ka chanje yon move pou yon bon. Li p'ap ka bay yon lòt bèt nan plas sa li te pwomèt la. Si li fè sa, tou de bèt yo, ni sa li te di l'ap bay anvan an, ni sa li ta vle bay nan plas li a, va rete apa pou Seyè a.
LEV 27:11 Men, si bèt li te pran angajman ofri a se yon bèt ki pa ka sèvi ofrann pou Seyè a, l'a mennen bèt la bay prèt la.
LEV 27:12 Prèt la va fè pri bèt la dapre jan l' wè bèt la. Lè l'a fin fè pri bèt la, pri l' mande a, se sa y'a peye pou li.
LEV 27:13 Men, si moun ki te fè ofrann lan ta vle achte bèt la ankò, l'a peye pri prèt la te fikse a plis ven pou san (20%) lavalè.
LEV 27:14 ¶ Lè yon moun ap mete kay li apa pou Seyè a, prèt la va fè pri kay la dapre jan l' wè kay la. Lè l'a fin fè pri a, pri l' mande a, se sa pou yo bay.
LEV 27:15 Men, si moun k'ap mete kay la apa pou Seyè a ta vle achte kay la ankò, l'a peye pri prèt la te fikse a, plis ven pou san (20%) lavalè. Epi y'a renmèt li kay li.
LEV 27:16 Si yon moun pran yon pòsyon nan jaden l' epi li mete l' apa pou Seyè a, w'a fè pri pòsyon tè a dapre kantite grenn yo ka simen ladan l'. Pou chak barik grenn lòj yo ka simen, l'a bay dis pyès ajan.
LEV 27:17 Si li fè ofrann lan apre yo fèk fin fete lanne rejwisans lan, se pou l' peye tout pri a nèt.
LEV 27:18 Men, si li fè l' kèk tan apre yo fin fete lanne rejwisans lan, prèt la va kalkile pri a sou kantite lanne ki rete anvan yo fete lanne rejwisans k'ap vini an, konsa l'a desann premye pri li te bay la.
LEV 27:19 Si moun ki mete pòsyon tè a apa pou Seyè a ta vle achte tè a ankò, l'a peye pri yo te bay pou tè a plis ven pou san (20%). Epi tè a va rete pou li.
LEV 27:20 Men, si yo te gen tan vann tè a bay yon lòt moun anvan li menm li te mande achte l' ankò, li p'ap ka achte l' ankò.
LEV 27:21 Yon tè konsa, lè lanne rejwisans lan va rive, pase yo renmèt li nan men premye mèt li, l'ap rete yon bagay apa pou Seyè a, yon jaden pesonn p'ap ka manyen. L'a rete pou prèt yo.
LEV 27:22 Si yon moun pran yon jaden li menm li te achte, yon jaden ki pa jaden eritye, epi li mete l' apa pou Seyè a,
LEV 27:23 prèt la va kalkile pri jaden an sou kantite lanne ki rete anvan yo fete lanne rejwisans k'ap vini an, epi moun lan va peye lajan an menm jou a. Lajan sa a va rete apa nèt pou Seyè a.
LEV 27:24 Lè lanne rejwisans lan va rive, jaden an va tounen pou premye mèt la osinon pou pitit premye mèt la.
LEV 27:25 Y'a fè tout pri yo dapre sistèm lajan yo sèvi nan kote yo mete apa pou Bondye a: yon gwo pyès pou ven ti pyès.
LEV 27:26 ¶ Pesonn p'ap ka pran angajman pou yo ofri Seyè a premye pitit mal yon bèt fè paske li deja pou Seyè a. Kit se premye pitit bèf, kit se premye pitit mouton osinon kabrit, se pou Seyè a yo ye.
LEV 27:27 Men, si se premye pitit yon bèt ki pa ka sèvi ofrann pou Seyè a, y'a ka achte l' ankò nan men Seyè a pou pri n'a fikse a, plis ven pou san (20%) lavalè. Men, si moun lan pa vle achte l' ankò pou tèt li, y'a vann yon lòt moun li pou pri n'a fikse a.
LEV 27:28 Tou sa yon moun mete apa nèt pou Seyè a, kit se yon moun, kit se yon bèt, kit se yon jaden, li pa ka vann li ni li pa ka reachte l'. Bagay la fèt pou l' rete la, apa nèt pou Seyè a. Pesonn p'ap ka manyen l'.
LEV 27:29 Si se yon moun yo vle ki pou rete apa nèt pou Seyè a, yo p'ap ka reachte l'. Se touye pou yo touye moun sa a.
LEV 27:30 N'a mete dis pou san (10%) nan tout rekòt jaden nou apa pou Seyè a, li te mèt rekòt jaden nou fè nou menm, osinon rekòt pyebwa ki donnen nan jaden nou. Se pou Seyè a dis pou san sa yo ye.
LEV 27:31 Si yon moun vle achte pou li menm kichòy nan dis pou san (10%) ki pou Seyè a, la peye pri bagay la plis ven pou san (20%) lavalè.
LEV 27:32 Sou chak dis bèt, li te mèt bèf, kabrit osinon mouton n'ap gade, gen yonn ki pou Seyè a. Sa vle di lè n'ap konte bèf nou yo, n'a konte yo pa dis. Konsa, chak fwa nou rive sou dizyèm lan, n'a mete l' apa pou Seyè a.
LEV 27:33 Nou pa bezwen konnen si li bon si li pa bon, ni nou pa bezwen pran yon lòt mete nan plas li. Si nou vle chanje yon bèt, ni sa nou ta vle chanje a, ni sa nou ta renmen bay nan plas li a, tou de va pou Seyè a. Epitou nou p'ap ka reachte yo ankò.
LEV 27:34 Men tout regleman Seyè a te bay Moyiz pou moun pèp Izrayèl yo sou mòn Sinayi a.

 


Search the online bible

Back to Jesus Work Ministry main home page

Back to Jesus Work Ministry home for spiritual warfare and Christian deliverance ministry

Back to Jesus Work Ministry home for resources on Christian living

Christian deliverance and Spiritual warfare book 1

Christian deliverance and Spiritual warfare book 2

Christian deliverance and Spiritual warfare book 3

Christian deliverance and Spiritual warfare book 4

Spiritual warfare and Christian deliverance ministry classics

Other spiritual warfare and Christian deliverance resources on Jesus Work Ministry

Christian deliverance and spiritual warfare audio sermons (free Christian MP3 audio downloads)

Read online Bible - Haitian Creole Bible online. Free online bible on SpiritualWarfare.JesusWork.org -An evangelical online ministry website of Jesus Work Ministry revealing biblical truth and recent errors on spiritual warfare and deliverance ministry principles. Wrong spiritual warfare is harmful when practiced. Avoid the snare of end-time false doctrine and its sad consequences. Free deliverance and spiritual warfare books, spiritual warfare sermons, spiritual warfare audio sermons (free Christian mp3 downloads) and other resources reveal what is bible based and false Christian spiritual warfare and Christian deliverance. Spiritual growth and Christian living resources on spiritual warfare and Christian deliverance ministry principles.

Essential resources for fellow evangelicals whether in Pentecostalism, charismatic movement, Baptist, Presbyterian, AG, AME, non-denominations, Christian fundamentalists, moderates and liberals. Non-evangelicals and non-Christians most welcome. The Truth that brings true freedom knows no boundaries. Learn to distinguish between biblical and non-scripture based spiritual warfare, spiritual warfare prayers, deliverance prayers and other areas of deliverance ministry (deliverence ministry) such as casting out demons, binding demons, dealing with territorial spirits, breaking generational curses, etc.

Plus learn the truth on our spiritual armor (spiritual armour), spiritual weapons of warfare, prayer and fasting, the sword of the spirit, pleading the blood of Jesus, spiritual battles, fighting spiritual warfare, familiar spirits, spiritual authority, demonic attacks, demonic possession cases, demonic influence, casting out demons, demonic deliverance, spiritual healing, healing the wounded spirit, biblical financial freedom etc. Solving the confusion on what is spiritual warfare, deliverance ministry and bringing healing to victims of false doctrine practiced by some “deliverance ministries.” Ultimately revealing Christ, and his truth that came to set captives free from deception, spiritual bondage, the curse of the law and so on. “If you hold to my teaching, you are really my disciples. Then you will know the truth, and the truth will set you free,” Jn 8:31-32. “So if the Son sets you free, you will be free indeed,” Jn 8:36.