Back to Haitian Creole Bible online homepage (Contents Page of Online Bible)

 

Proverbs 16

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12] [13] [14] [15] [16] [17] [18] [19] [20] [21] [22] [23] [24] [25] [26] [27] [28] [29] [30] [31]

PROV 16:1 ¶ Lèzòm fè lide nan kè yo. Men, dènye mo a nan men Bondye.
PROV 16:2 ¶ Lèzòm mete nan lide yo tou sa yo fè bon. Men, pa bliye se Bondye k'ap jije sa ki nan kè yo.
PROV 16:3 ¶ Mande Seyè a pou l' beni tout travay w'ap fè, w'ap reyisi nan tou sa w'ap fè.
PROV 16:4 ¶ Tou sa Seyè a fè, li gen yon rezon ki fè l' fè li. Menm mechan an, li kreye l' pou l' ka pini l'.
PROV 16:5 ¶ Seyè a pa ka sipòte moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun. Wè pa wè, l'ap fè yo peye sa.
PROV 16:6 ¶ Si ou pa janm vire do bay Bondye, si ou toujou kenbe pawòl ou, Bondye va padonnen peche ou yo. Lè yon moun gen krentif pou Bondye, l'ap evite fè sa ki mal.
PROV 16:7 ¶ Lè yon moun ap viv yon jan ki fè Seyè a plezi, Seyè a ap fè ata lènmi l' yo aji byen avè l'.
PROV 16:8 ¶ Pito ou fè ti pwofi nan fè sa ki dwat pase pou ou fè gwo benefis nan fè sa ki mal.
PROV 16:9 ¶ Lèzòm fè plan travay yo nan kè yo. Men, se Seyè a k'ap dirije sa y'ap fè a.
PROV 16:10 ¶ Lè yon wa pale, se tankou si se te Bondye ki pale. Lè l'ap jije, li p'ap janm rann move jijman.
PROV 16:11 ¶ Seyè a mande pou yo sèvi ak bon balans pou peze. Li pa vle pou yo sèvi ak move mezi nan kòmès.
PROV 16:12 ¶ Wa yo pa ka sipòte lè moun ap fè mechanste, paske tout fòs yon gouvènman se lè li defann dwa tout moun.
PROV 16:13 ¶ Wa a kontan ak tout moun ki di verite. Li renmen moun ki pa nan bay manti.
PROV 16:14 ¶ Lè wa a move, atansyon, moun ka mouri! Moun ki gen bon konprann ap toujou chache fè kè wa a kontan.
PROV 16:15 Lè wa a kontan, se lavi pou tout moun. Lè li bay yon moun favè l', se tankou yon nwaj ki pote yon bon lapli prentan.
PROV 16:16 ¶ Pito ou gen bon konprann pase pou ou gen byen. Pito ou gen konesans pase ou gen lajan.
PROV 16:17 ¶ Moun ki mache dwat fè chemen yo yon jan pou yo pa fè sa ki mal. Gade kote w'ap mete pye ou pou ou pa mouri mal.
PROV 16:18 ¶ Lè ou gen lanbisyon, yo pa lwen kraze ou. Lè w'ap fè awogans, ou pa lwen mouri.
PROV 16:19 ¶ Pito ou mennen ti vi ak pòv malere yo pase pou ou nan separe ak awogan yo nan sa yo vòlò.
PROV 16:20 ¶ Moun k'ap repase nan tèt li tou sa yo moutre l' va wè zafè l' mache byen. Ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan Seyè a!
PROV 16:21 ¶ Lè yon moun gen bon konprann, yo di li gen lespri. Lè ou pale byen sa fè ou gen plis konesans.
PROV 16:22 ¶ Moun ki gen bon konprann gen lavi. Men, moun sòt ap toujou sòt.
PROV 16:23 ¶ Yon moun ki gen bon konprann kalkile anvan li pale. Konsa pawòl li vin gen plis pèz.
PROV 16:24 ¶ Bon pawòl se siwo myèl. Yo bon pou sante ou, yo dous pou nanm ou.
PROV 16:25 ¶ Chemen ou kwè ki bon an, se li ki mennen ou tou dwat nan lanmò.
PROV 16:26 ¶ Grangou fè ou travay rèd, paske ou bezwen manje pou ou mete nan bouch.
PROV 16:27 ¶ Mechan an toujou ap chache jan pou li fè moun mal. Ata pawòl nan bouch li boule tankou dife.
PROV 16:28 Ipokrit toujou ap pouse dife. Moun k'ap fè tripotay mete zanmi dozado.
PROV 16:29 ¶ Mechan an pran tèt kanmarad li, li fè l' fè sa ki pa bon.
PROV 16:30 Moun k'ap twenzi je yo sou moun, se moun ki gen move lide dèyè tèt yo. Moun k'ap fè siy sou moun, se moun ki sou move kou.
PROV 16:31 ¶ Cheve blan se bèl rekonpans. Moun ki mache dwat va viv lontan.
PROV 16:32 ¶ Pito ou aji ak pasyans pase pou ou fè fòs sou moun. Pito ou konn kontwole tèt ou pase pou ou gwo chèf lame k'ap mache pran lavil.
PROV 16:33 ¶ Moun tire kat pou yo konnen sa pou yo fè. Men, desizyon an se nan men Bondye li ye.

 


Search the online bible

Back to Jesus Work Ministry main home page

Back to Jesus Work Ministry home for spiritual warfare and Christian deliverance ministry

Back to Jesus Work Ministry home for resources on Christian living

Christian deliverance and Spiritual warfare book 1

Christian deliverance and Spiritual warfare book 2

Christian deliverance and Spiritual warfare book 3

Christian deliverance and Spiritual warfare book 4

Spiritual warfare and Christian deliverance ministry classics

Other spiritual warfare and Christian deliverance resources on Jesus Work Ministry

Christian deliverance and spiritual warfare audio sermons (free Christian MP3 audio downloads)

Read online Bible - Haitian Creole Bible online. Free online bible on SpiritualWarfare.JesusWork.org -An evangelical online ministry website of Jesus Work Ministry revealing biblical truth and recent errors on spiritual warfare and deliverance ministry principles. Wrong spiritual warfare is harmful when practiced. Avoid the snare of end-time false doctrine and its sad consequences. Free deliverance and spiritual warfare books, spiritual warfare sermons, spiritual warfare audio sermons (free Christian mp3 downloads) and other resources reveal what is bible based and false Christian spiritual warfare and Christian deliverance. Spiritual growth and Christian living resources on spiritual warfare and Christian deliverance ministry principles.

Essential resources for fellow evangelicals whether in Pentecostalism, charismatic movement, Baptist, Presbyterian, AG, AME, non-denominations, Christian fundamentalists, moderates and liberals. Non-evangelicals and non-Christians most welcome. The Truth that brings true freedom knows no boundaries. Learn to distinguish between biblical and non-scripture based spiritual warfare, spiritual warfare prayers, deliverance prayers and other areas of deliverance ministry (deliverence ministry) such as casting out demons, binding demons, dealing with territorial spirits, breaking generational curses, etc.

Plus learn the truth on our spiritual armor (spiritual armour), spiritual weapons of warfare, prayer and fasting, the sword of the spirit, pleading the blood of Jesus, spiritual battles, fighting spiritual warfare, familiar spirits, spiritual authority, demonic attacks, demonic possession cases, demonic influence, casting out demons, demonic deliverance, spiritual healing, healing the wounded spirit, biblical financial freedom etc. Solving the confusion on what is spiritual warfare, deliverance ministry and bringing healing to victims of false doctrine practiced by some “deliverance ministries.” Ultimately revealing Christ, and his truth that came to set captives free from deception, spiritual bondage, the curse of the law and so on. “If you hold to my teaching, you are really my disciples. Then you will know the truth, and the truth will set you free,” Jn 8:31-32. “So if the Son sets you free, you will be free indeed,” Jn 8:36.