Back to Haitian Creole Bible online homepage (Contents Page of Online Bible)
Proverbs 23 [1]
[2]
[3]
[4]
[5]
[6]
[7]
[8]
[9]
[10]
[11]
[12]
[13]
[14]
[15]
[16]
[17]
[18]
[19]
[20]
[21]
[22]
[23]
[24]
[25]
[26]
[27]
[28]
[29]
[30]
[31]
PROV 23:1 ¶ Lè chèf envite ou manje sou menm tab ak li, pa janm bliye ki moun li ye.
PROV 23:2 Si ou se yon moun ki gen bon lapeti, kontwole bouch ou.
PROV 23:3 Pa pote lanvi sou bon ti manje l'ap ofri ou yo. Se ka yon pèlen li tann pou ou.
PROV 23:4 ¶ Pa touye tèt ou ap kouri dèyè lajan pou ou vin rich. Wete lide ou sou sa.
PROV 23:5 Paske, anvan ou bat je ou, li gen tan disparèt. Ou ta di lajan gen zèl. Li rete konsa, li vole, li ale.
PROV 23:6 ¶ Pa chita pou ou manje sou menm tab ak moun ki tikoulout. Pa pote lanvi sou manje l'ap ofri ou.
PROV 23:7 Li chich ata ak tèt pa li, ale wè avè ou. L'ap di ou: Manje non, monchè! Bwè non! Men se pa ak tout kè li l'ap di ou sa.
PROV 23:8 W'a vonmi tou sa ou te manje a. Tout bèl pawòl ou te di l' yo p'ap sèvi ou anyen.
PROV 23:9 ¶ Pa chache fè yon moun san konprann konprann anyen. Li p'ap tande anyen nan sa w'ap di l' la. Lèfini, l'ap meprize ou met sou li.
PROV 23:10 ¶ Pa janm deplase bòn tè kote yo te ye depi lontan an. Pa antre sou jaden ki pou timoun san papa.
PROV 23:11 Se Bondye k'ap defann yo, li gen anpil pouvwa. L'a plede kòz yo kont ou.
PROV 23:12 ¶ Mete tèt ou an plas lè y'ap moutre ou kichòy. Louvri zòrèy ou lè yon moun ki gen konesans ap pale.
PROV 23:13 Ou pa bezwen pè bat yon timoun. Yon bèl kal, sa p'ap touye l'.
PROV 23:14 Okontrè, si ou bat li, w'a sove nanm li pou l' pa mouri.
PROV 23:15 Pitit mwen, si ou gen bon konprann, mwen p'ap manke kontan.
PROV 23:16 M'a kontan anpil lè m'a tande bon pawòl k'ap soti nan bouch ou.
PROV 23:17 ¶ Pa pote lanvi sou moun k'ap fè sa ki mal. Nan tou sa w'ap fè, toujou gen krentif pou Bondye.
PROV 23:18 Paske gen denmen. Se pa pou gremesi w'ap tann sa w'ap tann lan.
PROV 23:19 ¶ Louvri zòrèy ou, gason mwen, pou ou ka gen bon konprann, pou ou ka mache dwat. Kalkile byen kote w'ap mete pye ou, pou ou ka mache dwat.
PROV 23:20 Pa fè zanmi avèk moun k'ap bwè twòp, ak moun k'ap fè safte.
PROV 23:21 Paske moun k'ap fè metye bwè ak moun ki afre ap vin pòv. Si ou pase tout tan ou ap dòmi, talè konsa w'ap mache yon men devan yon men dèyè.
PROV 23:22 Pitit mwen, koute papa ou ki fè ou. Pa meprize manman ou lè li fin granmoun.
PROV 23:23 Verite, konesans, lespri ak bon konprann, se bagay ou mèt peye chè pou ou genyen. Men, pa janm vann sa.
PROV 23:24 Papa ki gen yon pitit k'ap mache dwat ap toujou kontan. Manman ki fè yon pitit ki gen bon konprann ap toujou gen kè kontan.
PROV 23:25 Fè kè papa ou ak manman ou kontan. Fè kè manman ki fè ou la kontan.
PROV 23:26 Pitit mwen, louvri zòrèy ou pou tande sa m'ap di ou. Louvri je ou byen pou ou wè jan m'ap viv.
PROV 23:27 Fanm jennès se tankou yon twou pèlen, fanm adiltè se tankou yon pi jis jis.
PROV 23:28 Tankou vòlò, y'ap pare pèlen pou ou. Yo fè anpil gason pèdi tèt yo.
PROV 23:29 ¶ Ki moun ki nan tèt chaje, ki nan lapenn? Ki moun ki toujou nan kont, ki tou tan ap plenyen? Ki moun k'ap pran kou san rezon, ki gen je yo tou wouj?
PROV 23:30 Se moun k'ap bwè twòp gwòg, moun k'ap kouri dèyè tranpe.
PROV 23:31 Pa kite bweson pran nanm ou, ou te mèt wè jan li bèl, jan li klè nan vè a. Lè ou bwè l', li desann dous nan gòj ou.
PROV 23:32 Men, pita ou santi se tankou yon move sèpan ki mòde ou, yon sèpan aspik ki pike ou.
PROV 23:33 W'ap wè tout bagay ap vire devan je ou, w'ap depale.
PROV 23:34 W'ap santi tankou si ou te sou lanmè: w'ap tankou si ou te sou tèt yon ma batiman.
PROV 23:35 Lè sa a w'a di: Gen lè yo bat mwen, mwen pa santi sa. Gen lè yo te ban m' kou, mwen pa konn sa. Kilè m'a leve la a? Mwen ta pran yon ti kou ankò.
Search the online bible
Back to Jesus Work Ministry main home page
Back to Jesus Work Ministry home for spiritual warfare and Christian deliverance ministry
Back to Jesus Work Ministry home for resources on Christian living
Christian deliverance and Spiritual warfare book 1
Christian deliverance and Spiritual warfare book 2
Christian deliverance and Spiritual warfare book 3
Christian deliverance and Spiritual warfare book 4
Spiritual warfare and Christian deliverance ministry classics
Other spiritual warfare and Christian deliverance resources on Jesus Work Ministry
Christian deliverance and spiritual warfare audio sermons (free Christian MP3 audio downloads)