Back to Haitian Creole Bible online homepage (Contents Page of Online Bible)

 

Proverbs 31

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12] [13] [14] [15] [16] [17] [18] [19] [20] [21] [22] [23] [24] [25] [26] [27] [28] [29] [30] [31]

PROV 31:1 ¶ Men Pawòl wa Lemwèl, men konsèy manman l' te ba li:
PROV 31:2 Kisa pou m' di ou, pitit mwen, pitit ki soti nan zantray mwen? Se mwen ki te mande Bondye pou l' ban mwen ou. Kisa pou m' di ou?
PROV 31:3 Pa gaspiye kouray ou nan fanm. Veye zo ou ak fanm k'ap fè malè chèf yo.
PROV 31:4 Lemwèl monchè, yon wa pa fèt pou nan bwè bweson. Chèf pa fèt pou nan bwè gwòg.
PROV 31:5 Lè yo bwè konsa, yo bliye lòd yo te bay. Yo p'ap pran ka malere yo.
PROV 31:6 Se moun ki dekouraje ak lavi ki tonbe nan gwòg. Se moun ki gen gwo lapenn nan kè yo ki lage kò yo nan bweson.
PROV 31:7 Yo bwè pou yo bliye mizè yo, pou yo pa chonje lapenn yo.
PROV 31:8 Louvri bouch ou pale pou moun ki pa ka pale pou tèt yo. Defann kòz moun ki san sekou yo.
PROV 31:9 Pale pou yo. Pa fè patipri. Defann kòz malere yo ak endijan yo.
PROV 31:10 ¶ Sa pa fasil pou moun jwenn yon bon madanm. Lè li jwenn li, li gen plis valè pase yon boul lò.
PROV 31:11 Mari l' mete tout konfyans li nan li. Tout bagay ap mache byen lakay li.
PROV 31:12 Madanm lan p'ap janm aji mal ak mari l', l'ap pase tout lavi l' ap fè l' byen.
PROV 31:13 Li chache lenn mouton ak fil swa, li travay yo fè twal ak men l'.
PROV 31:14 Tankou bato k'ap pote machandiz, li al byen lwen chache manje mete nan kay la.
PROV 31:15 Solèy poko leve, li gen tan sou pye l', l'ap pare manje pou moun nan kay la. L'ap di sèvant yo sa pou yo fè.
PROV 31:16 Li fè lide sou yon tè, li achte l' ak lajan li fè ak men l'. Li fè jaden rezen sou li.
PROV 31:17 Li mare ren l', li twouse manch rad li pou l' travay.
PROV 31:18 Li santi zafè l' ap mache byen, li rete byen ta lannwit ap travay.
PROV 31:19 Li file koton, li koud rad li.
PROV 31:20 Li lonje men l' bay pòv. Li pran ka malere.
PROV 31:21 Li pa pè fredi pou moun lakay li, paske tout moun gen rad cho pou mete sou yo.
PROV 31:22 Li fè kouvèti lenn pou kabann yo. Tout rad li yo fèt ak twal wouj tise byen sere.
PROV 31:23 Mari l', se yonn nan chèf fanmi lavil la. Tout moun lavil la ap nonmen non l' an byen.
PROV 31:24 Madanm li fe rad pou l' vann, li fè bèl senti, li vann yo ak machann.
PROV 31:25 Li gen anpil kouraj, tout moun respekte l', li pa pè denmen.
PROV 31:26 Lè li louvri bouch li, se bon konsèy li bay. Li toujou gen bon pawòl nan bouch li.
PROV 31:27 Li konnen vire tounen tout moun nan kay la. Li toujou gen yon bagay l'ap fè.
PROV 31:28 Tout pitit li yo ap fè l' konpliman. Mari l' menm ap fè lwanj li.
PROV 31:29 L'ap di: Mwen konnen anpil madanm. Men ou menm, nanpwen tankou ou!
PROV 31:30 Bèl fanm pa di bon madanm pou sa. Bèl figi pa la pou lontan. Men, y'a fè lwanj yon fanm ki gen krentif pou Seyè a.
PROV 31:31 Ba li sa ki pou li a. Lè y'a wè sa l' fè, se pou tout moun fè lwanj li.

 


Search the online bible

Back to Jesus Work Ministry main home page

Back to Jesus Work Ministry home for spiritual warfare and Christian deliverance ministry

Back to Jesus Work Ministry home for resources on Christian living

Christian deliverance and Spiritual warfare book 1

Christian deliverance and Spiritual warfare book 2

Christian deliverance and Spiritual warfare book 3

Christian deliverance and Spiritual warfare book 4

Spiritual warfare and Christian deliverance ministry classics

Other spiritual warfare and Christian deliverance resources on Jesus Work Ministry

Christian deliverance and spiritual warfare audio sermons (free Christian MP3 audio downloads)

Read online Bible - Haitian Creole Bible online. Free online bible on SpiritualWarfare.JesusWork.org -An evangelical online ministry website of Jesus Work Ministry revealing biblical truth and recent errors on spiritual warfare and deliverance ministry principles. Wrong spiritual warfare is harmful when practiced. Avoid the snare of end-time false doctrine and its sad consequences. Free deliverance and spiritual warfare books, spiritual warfare sermons, spiritual warfare audio sermons (free Christian mp3 downloads) and other resources reveal what is bible based and false Christian spiritual warfare and Christian deliverance. Spiritual growth and Christian living resources on spiritual warfare and Christian deliverance ministry principles.

Essential resources for fellow evangelicals whether in Pentecostalism, charismatic movement, Baptist, Presbyterian, AG, AME, non-denominations, Christian fundamentalists, moderates and liberals. Non-evangelicals and non-Christians most welcome. The Truth that brings true freedom knows no boundaries. Learn to distinguish between biblical and non-scripture based spiritual warfare, spiritual warfare prayers, deliverance prayers and other areas of deliverance ministry (deliverence ministry) such as casting out demons, binding demons, dealing with territorial spirits, breaking generational curses, etc.

Plus learn the truth on our spiritual armor (spiritual armour), spiritual weapons of warfare, prayer and fasting, the sword of the spirit, pleading the blood of Jesus, spiritual battles, fighting spiritual warfare, familiar spirits, spiritual authority, demonic attacks, demonic possession cases, demonic influence, casting out demons, demonic deliverance, spiritual healing, healing the wounded spirit, biblical financial freedom etc. Solving the confusion on what is spiritual warfare, deliverance ministry and bringing healing to victims of false doctrine practiced by some “deliverance ministries.” Ultimately revealing Christ, and his truth that came to set captives free from deception, spiritual bondage, the curse of the law and so on. “If you hold to my teaching, you are really my disciples. Then you will know the truth, and the truth will set you free,” Jn 8:31-32. “So if the Son sets you free, you will be free indeed,” Jn 8:36.