Back to Haitian Creole Bible online homepage (Contents Page of Online Bible)

 

Acts 27

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12] [13] [14] [15] [16] [17] [18] [19] [20] [21] [22] [23] [24] [25] [26] [27] [28]

ACTS 27:1 ¶ Lè yo deside pou fè n' pati nan batiman pou peyi Itali, yo renmèt Pòl ansanm ak kèk lòt prizonye nan men Jiliyis, kòmandan yon batayon lame Wòm lan yo te rele Batayon Seza.
ACTS 27:2 Nou anbake sou yon batiman ki te soti lavil Adramit ki tapral fè lakòt nan Lazi. Epi nou pati. Aristak, yon moun lavil Tesalonik nan peyi Masedwan, te avèk nou.
ACTS 27:3 Nan denmen nou rive lavil Sidon. Jiliyis te boule byen ak Pòl, li te ba l' pèmisyon pou li al wè zanmi l' yo pou li al chache sa l' te bezwen.
ACTS 27:4 Apre nou kite Sidon, nou pase sou bò dwat lil Chip, nou lonje kòt la sou anwo, paske van an te kontrè pou nou lòt bò a.
ACTS 27:5 Nou travèse lanmè a devan Silisi ak Panfili, nou rive lavil Mira nan Lisi.
ACTS 27:6 Antan nou la, kòmandan an jwenn yon batiman ki te soti lavil Aleksandri tapral an Itali. Li fè nou anbake sou li.
ACTS 27:7 Pandan plizyè jou nou vwayaje ti pa ti pa. Se pa ti traka anvan nou te ka rive devan lavil Nid. Van an pa t' ban nou chans pou n' al pi lwen nan k'ap sa a. Nou te blije desann, pase devan k'ap Salmone, vire anba lil Krèt.
ACTS 27:8 Nou lonje kòt la avèk anpil traka jouk nou rive yon kote yo rele Bon Pò, toupre lavil Laze.
ACTS 27:9 Nou te deja pèdi anpil tan, jou pou jwif yo te fè jèn yo te deja pase. Lè sa a se te gwo danje pou moun vwayaje.
ACTS 27:10 Se poutèt sa Pòl ba yo konsèy sa a: Mesye, mwen wè vwayaj la pral gen gwo danje ladan li: n'ap pèdi chay la ansanm ak batiman an. Ata moun ka mouri tou.
ACTS 27:11 Men, kòmandan women an te gen plis konfyans nan pawòl kaptenn lan ak amatè batiman an pase nan pawòl Pòl.
ACTS 27:12 ¶ Pò a pa t' bon pou yo te rete pase sezon fredi a tou: se poutèt sa pifò moun ki te abò a te vle pati. Yo t'ap pran chans rive Finiks, yon lòt pò nan lil Krèt la ki bay sou lanmè nan direksyon siwa nòwa. Konsa, yo ta ka pase sezon fredi a la.
ACTS 27:13 Lè yo wè yon ti van swèt leve, yo te kwè yo te kapab rive Finiks. Yo leve lank, yo pran lonje kòt lil la.
ACTS 27:14 Men, yon lòt moman, yon gwo van yo rele nòde desann soti nan mòn lil la.
ACTS 27:15 Li pran trennen batiman an. pa t' gen mwayen kenbe tèt ak li. Nou te blije kite l' pote n' ale.
ACTS 27:16 Nou pase bò anba yon ti zile yo rele Kloda. La, nou pran yon ti souf. Se pa ti traka anvan nou resi sove ti kannòt bò a.
ACTS 27:17 Yo rale l' moute abò. Apre sa, yo pran mare kèk kòd, yo sentre batiman an byen sentre. Yo te pè tou pou batiman an pa t' al chwe sou yon fon plat ki nan mitan lanmè a devan peyi Libi. Yo desann vwal yo. Se konsa nou kite van an bwote nou.
ACTS 27:18 Gwo van an t'ap bat nou pi rèd. Nan denmen, nou te blije jete chay yo nan dlo.
ACTS 27:19 Nan denmen ankò, marin yo voye tout aparèj batiman an jete nan dlo ak pwòp men yo.
ACTS 27:20 Pandan plizyè jou nou pa wè ni solèy, ni zetwal. Van an menm t'ap soufle byen fò toujou. Lè n' wè sa, nou pèdi tout espwa sove.
ACTS 27:21 ¶ Moun ki te abò yo pa t' manje anyen depi lontan. Pòl kanpe devan yo, li di yo konsa: Mesye, nou te dwe koute mwen. Nou pa t' dwe soti kite Krèt. Nou ta egzante tout danje sa yo ak tout pèt sa yo.
ACTS 27:22 Men, koulye a, m'ap di nou pran kouraj. Pesonn p'ap mouri. Se batiman an ase k'ap pèdi.
ACTS 27:23 Yè oswa, Bondye m'ap sèvi a, li menm ki mèt mwen, li voye yon zanj li bò kote m',
ACTS 27:24 li di mwen: Pa pè, Pòl. Fòk ou konparèt devan Seza. Epi Bondye fè favè sa a pou ou: li ba ou lavi tout moun k'ap vwayaje ansanm avèk ou yo.
ACTS 27:25 Se poutèt sa, mesye, pran kouraj. Mwen gen konfyans nan Bondye. Sa gen pou l' rive jan li di m' lan.
ACTS 27:26 Men, nou pral chwe sou yon zile.
ACTS 27:27 Sa te fè katòz nwit deja. Van an t'ap bwote nou toujou sou lanmè Mediterane a. Vè menwi konsa, marin yo vin santi nou t'ap pwoche bò yon tè.
ACTS 27:28 Yo mare yon sonn nan yon liy, yo lage l' nan fon. Yo jwenn dlo a te gen vin bras. Pi devan ankò yo lage liy lan, yo jwenn kenz bras ase.
ACTS 27:29 Yo te pè pou batiman an pa moute sou resif. Yo lage kat lank nan dèyè batiman an. Yo t'ap tann solèy la leve.
ACTS 27:30 Marin yo menm t'ap chache chape kò yo. Yo desann ti kannòt bò a nan dlo, yo pran pretès yo tapral mare kèk lank devan batiman an.
ACTS 27:31 Men, Pòl di kòmandan women an ak sòlda yo: Si moun sa yo pa rete nan batiman an, nou yonn p'ap sove.
ACTS 27:32 Lè sa a, sòlda yo koupe kòd ki te mare ti kannòt bò a, yo kite l' ale.
ACTS 27:33 Anvan solèy leve, Pòl mande tout moun pou yo manje yon ti manje. Li di yo: Mezanmi, jòdi a fè katòz jou depi nou rete la san manje, n'ap tann.
ACTS 27:34 Tanpri, koulye a, mete kichòy nan vant nou. N'a byen bezwen l' pou nou sove. Ata yon branch cheve nou p'ap pèdi.
ACTS 27:35 Lè li fin di sa, Pòl pran pen, li di Bondye mèsi devan yo tout, li kase pen an, epi l' kòmanse manje.
ACTS 27:36 Tout moun reprann kouraj; yo menm tou yo manje.
ACTS 27:37 Te gen desanswasannsèz (276) moun antou abò batiman an.
ACTS 27:38 Lè yo fin manje kont yo, yo jete rès ble a nan lanmè pou deleste batiman an.
ACTS 27:39 Lè solèy leve, marin yo pa t' rekonèt tè a. Men, yo wè yon lans ak yon bèl plaj. Yo fè lide pran chans ale fè tè la.
ACTS 27:40 Yo demare lank yo, yo lage yo nan lanmè. Yo demare kòd ki te kenbe zaviwon ki te sèvi yo gouvènay la. Yo moute fòk la pou van an pouse batiman an tou dwat devan yo. Yo mete k'ap sou plaj la.
ACTS 27:41 Men, batiman an moute sou yon ban sab nan mitan de kouran, li chwe. Devan batiman an te antre kole nan sab la, dèyè a menm gwo lanm yo t'ap fin kraze li.
ACTS 27:42 Sòlda yo te vle touye prizonye yo pou okenn ladan yo pa t' naje sove.
ACTS 27:43 Men, kòmandan women an ki te vle sove Pòl di yo non pa fè sa. Li bay lòd pou tout moun ki konn naje jete kò yo nan dlo anvan pou y' al atè.
ACTS 27:44 Lòt moun yo va swiv apre, y'a kenbe kèk planch osinon kèk moso nan batiman an. Se konsa nou tout nou rive atè anbyen, san lòt donmaj ni malè.

 


Search the online bible

Back to Jesus Work Ministry main home page

Back to Jesus Work Ministry home for spiritual warfare and Christian deliverance ministry

Back to Jesus Work Ministry home for resources on Christian living

Christian deliverance and Spiritual warfare book 1

Christian deliverance and Spiritual warfare book 2

Christian deliverance and Spiritual warfare book 3

Christian deliverance and Spiritual warfare book 4

Spiritual warfare and Christian deliverance ministry classics

Other spiritual warfare and Christian deliverance resources on Jesus Work Ministry

Christian deliverance and spiritual warfare audio sermons (free Christian MP3 audio downloads)

Read online Bible - Haitian Creole Bible online. Free online bible on SpiritualWarfare.JesusWork.org -An evangelical online ministry website of Jesus Work Ministry revealing biblical truth and recent errors on spiritual warfare and deliverance ministry principles. Wrong spiritual warfare is harmful when practiced. Avoid the snare of end-time false doctrine and its sad consequences. Free deliverance and spiritual warfare books, spiritual warfare sermons, spiritual warfare audio sermons (free Christian mp3 downloads) and other resources reveal what is bible based and false Christian spiritual warfare and Christian deliverance. Spiritual growth and Christian living resources on spiritual warfare and Christian deliverance ministry principles.

Essential resources for fellow evangelicals whether in Pentecostalism, charismatic movement, Baptist, Presbyterian, AG, AME, non-denominations, Christian fundamentalists, moderates and liberals. Non-evangelicals and non-Christians most welcome. The Truth that brings true freedom knows no boundaries. Learn to distinguish between biblical and non-scripture based spiritual warfare, spiritual warfare prayers, deliverance prayers and other areas of deliverance ministry (deliverence ministry) such as casting out demons, binding demons, dealing with territorial spirits, breaking generational curses, etc.

Plus learn the truth on our spiritual armor (spiritual armour), spiritual weapons of warfare, prayer and fasting, the sword of the spirit, pleading the blood of Jesus, spiritual battles, fighting spiritual warfare, familiar spirits, spiritual authority, demonic attacks, demonic possession cases, demonic influence, casting out demons, demonic deliverance, spiritual healing, healing the wounded spirit, biblical financial freedom etc. Solving the confusion on what is spiritual warfare, deliverance ministry and bringing healing to victims of false doctrine practiced by some “deliverance ministries.” Ultimately revealing Christ, and his truth that came to set captives free from deception, spiritual bondage, the curse of the law and so on. “If you hold to my teaching, you are really my disciples. Then you will know the truth, and the truth will set you free,” Jn 8:31-32. “So if the Son sets you free, you will be free indeed,” Jn 8:36.