Back to Haitian Creole Bible online homepage (Contents Page of Online Bible)

 

Exodus 30

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12] [13] [14] [15] [16] [17] [18] [19] [20] [21] [22] [23] [24] [25] [26] [27] [28] [29] [30] [31] [32] [33] [34] [35] [36] [37] [38] [39] [40]

EX 30:1 ¶ W'a fè yon lòtèl an bwa zakasya pou boule lansan.
EX 30:2 W'a fè l' kare kare. L'a mezire dizwit pous longè, dizwit pous lajè ak trannsis pous wotè. Kat pwent ki depase yo va fè yon sèl pyès avèk lòtèl la. Se va kòn lòtèl la.
EX 30:3 W'a kouvri tout anwo lòtèl la, kat kote l' yo ansanm ak kat kòn li yo ak pi bon kalite lò ki genyen. W'a fè yon bòdi an lò tout arebò l'.
EX 30:4 W'a fè de bag an lò, w'a tache yo anba bòdi a sou de bò lòtèl la. Se nan bag sa yo w'a pase manch ki pou sèvi pou pote lòtèl la.
EX 30:5 W'a fè manch yo an bwa zakasya, epi w'a kouvri yo ak lò.
EX 30:6 W'a mete lòtèl la devan rido ki pann devan Bwat Kontra a avèk kouvèti li sou li. Se la m'a vin jwenn ou.
EX 30:7 Arawon va boule lansan bon sant sou li chak maten lè l'ap netwaye lanp yo.
EX 30:8 L'a boule lansan tou chak swa lè l'ap ranje lanp yo. Se pou yo toujou fè ofrann lansan sa a devan lòtèl Seyè a, chak jou san sote yonn, de pitit an pitit.
EX 30:9 Se pa pou nou ofri sou lòtèl la lansan ki pa fèt tout espre pou sèvis la, ni vyann bèt ki fèt pou boule, ni lòt manje. Ni se pa pou nou ofri ankenn bwason sou li non plis.
EX 30:10 Yon fwa chak lanne, Arawon va fè yon seremoni sou kòn lòtèl la pou Bondye ka fè gras. Yon fwa chak lanne, avèk san bèt yo touye pou mande padon pou peche a, l'a mande gras pou lòtèl la. Se pou yo toujou fè sa de pitit an pitit. Lòtèl sa a, se yon lòtèl ki fèt pou yo mete apa nèt pou Seyè a.
EX 30:11 ¶ Seyè a di Moyiz:
EX 30:12 -Lè n'ap konte konbe moun ki genyen nan peyi Izrayèl la pou nou fè resansman, chak gason va bay Seyè a kichòy pou lavi yo, pou malè pa rive lè y'ap fè resansman an.
EX 30:13 Chak moun y'a konte nan resansman an va peye de goud edmi, dapre jan yo konte lajan nan kote ki apa pou Bondye a. Chak moun va peye sa tankou yon ofrann yo mete apa pou Seyè a.
EX 30:14 Tout moun ki dwe bay non yo nan resansman an, sa vle di tout moun ki gen ventan osinon ki depase ventan, va peye menm lajan an bay Seyè a.
EX 30:15 Moun ki rich p'ap peye plis, ni moun ki pòv p'ap peye mwens, lè y'ap peye lajan an bay Seyè a pou lavi yo.
EX 30:16 W'a resevwa lajan sa a nan men pèp la, w'a depanse l' pou sèvis Tant Randevou a. Sa va sèvi pou Seyè a pa janm bliye pèp Izrayèl la. Se va bagay y'a peye pou sove lavi yo.
EX 30:17 ¶ Seyè a di Moyiz konsa:
EX 30:18 -W'a fè yon gwo basen an kwiv avèk yon pye an kwiv tou. W'a mete l' ant Tant Randevou a ak lòtèl la. W'a mete dlo ladan l'.
EX 30:19 Arawon ak pitit gason l' yo va sèvi ak dlo sa a pou yo lave men yo ak pye yo.
EX 30:20 Lè y'ap antre nan Tant Randevou a, y'a lave men yo ak pye yo nan dlo sa a. y'a fè menm jan an tou lè y'ap pwoche bò lòtèl la pou fè sèvis pou ofri Seyè a bèt ki fèt pou boule nèt nan dife a pou li. Konsa, yo p'ap mouri.
EX 30:21 Wi, se pou yo lave men yo ak pye yo pou yo pa mouri. Se yon lòd pou Arawon, pou pitit gason l' yo ak pitit pitit k'ap vin apre yo, lòd pou yo toujou swiv, de pitit an pitit.
EX 30:22 ¶ Seyè a di Moyiz ankò:
EX 30:23 -Pran pi bon plant santi bon ki genyen: ven liv lami, dis liv kannèl bon kalite, dis liv fèy sitwonèl,
EX 30:24 ven liv kas. W'a mezire yo dapre mezi yo sèvi nan kote ki apa pou Bondye a. W'a pran tou senk ka lwil oliv.
EX 30:25 Avèk tou sa, w'a fè yon lwil jan moun ki konn fè odè a fè. Lwil sa a va sèvi pou mete moun apa pou sèvis Bondye. Se avèk lwil sa a w'a sèvi pou mete moun osinon nenpòt bagay apa pou sèvis Bondye.
EX 30:26 W'a voye lwil la sou Tant Randevou a, sou Bwat Kontra a,
EX 30:27 sou tab la ak tout bagay ki sèvi sou tab la, sou lanp sèt branch lan ak tout bagay ki sèvi ak li, sou lòtèl lansan an,
EX 30:28 sou lòtèl kote yo boule ofrann yo ak sou tout bagay ki sèvi sou li, sou basen lan ak tout pye l'.
EX 30:29 Se konsa w'a mete tout bagay sa yo apa pou mwen pou yo ka pou mwen ase. Tout bagay ki va touche ak yo va apa pou mwen tou.
EX 30:30 Lèfini, w'a vide lwil la sou Arawon ak sou pitit gason l' yo. Konsa w'a mete yo apa pou yo ka sèvi m' prèt.
EX 30:31 W'a pale ak pitit Izrayèl yo, w'a di yo: Nou wè lwil sa a, se ak li pou nou sèvi, de pitit an pitit, pou mete moun osinon nenpòt bagay apa pou mwen.
EX 30:32 Nou pa dwe sèvi ak lwil sa a sou nenpòt ki moun, ni nou pa fèt pou fè yon lòt lwil ak menm konpozisyon an. Se yon bagay ki apa pou mwen nèt. Nou fèt pou nou konsidere l' pou sa li ye a.
EX 30:33 Si yon moun sèvi ak menm konpozisyon an pou fè lwil, osinon si yon moun sèvi avè l' sou yon moun ki pa prèt, se pou yo disparèt li nan mitan pèp la.
EX 30:34 Apre sa, Seyè a di Moyiz konsa: -Pran epis sa yo: safetida, lorye, gonm bwa ak pi bon kalite lansan. W'a pran menm valè nan chak.
EX 30:35 W'a fè yon lansan ak yo san ankenn kras ladan l', menm jan moun ki konn fè odè yo fè sa. W'a mete yon ti sèl ladan l', w'a mete l' apa pou mwen.
EX 30:36 W'a pran ti gout ladan l', w'a pile l' fè l' fè poud. W'a sèvi avèk ti gout dèvan bwat ki gen ròch plat kontra a, nan Tant Randevou a kote pou m' kontre avè ou la. Se pou ou konsidere lansan sa a tankou yon bagay yo mete apa pou mwen ase.
EX 30:37 Piga ou sèvi ak menm konpozisyon sa a pou fè lansan pou sèvi pou tèt pa ou. Sa se yon bagay ki rezève pou sèvis Bondye ase.
EX 30:38 Si yon moun fè yon konpozisyon menm jan an pou sèvi l' odè, se pou yo disparèt li nan mitan pèp la.

 


Search the online bible

Back to Jesus Work Ministry main home page

Back to Jesus Work Ministry home for spiritual warfare and Christian deliverance ministry

Back to Jesus Work Ministry home for resources on Christian living

Christian deliverance and Spiritual warfare book 1

Christian deliverance and Spiritual warfare book 2

Christian deliverance and Spiritual warfare book 3

Christian deliverance and Spiritual warfare book 4

Spiritual warfare and Christian deliverance ministry classics

Other spiritual warfare and Christian deliverance resources on Jesus Work Ministry

Christian deliverance and spiritual warfare audio sermons (free Christian MP3 audio downloads)

Read online Bible - Haitian Creole Bible online. Free online bible on SpiritualWarfare.JesusWork.org -An evangelical online ministry website of Jesus Work Ministry revealing biblical truth and recent errors on spiritual warfare and deliverance ministry principles. Wrong spiritual warfare is harmful when practiced. Avoid the snare of end-time false doctrine and its sad consequences. Free deliverance and spiritual warfare books, spiritual warfare sermons, spiritual warfare audio sermons (free Christian mp3 downloads) and other resources reveal what is bible based and false Christian spiritual warfare and Christian deliverance. Spiritual growth and Christian living resources on spiritual warfare and Christian deliverance ministry principles.

Essential resources for fellow evangelicals whether in Pentecostalism, charismatic movement, Baptist, Presbyterian, AG, AME, non-denominations, Christian fundamentalists, moderates and liberals. Non-evangelicals and non-Christians most welcome. The Truth that brings true freedom knows no boundaries. Learn to distinguish between biblical and non-scripture based spiritual warfare, spiritual warfare prayers, deliverance prayers and other areas of deliverance ministry (deliverence ministry) such as casting out demons, binding demons, dealing with territorial spirits, breaking generational curses, etc.

Plus learn the truth on our spiritual armor (spiritual armour), spiritual weapons of warfare, prayer and fasting, the sword of the spirit, pleading the blood of Jesus, spiritual battles, fighting spiritual warfare, familiar spirits, spiritual authority, demonic attacks, demonic possession cases, demonic influence, casting out demons, demonic deliverance, spiritual healing, healing the wounded spirit, biblical financial freedom etc. Solving the confusion on what is spiritual warfare, deliverance ministry and bringing healing to victims of false doctrine practiced by some “deliverance ministries.” Ultimately revealing Christ, and his truth that came to set captives free from deception, spiritual bondage, the curse of the law and so on. “If you hold to my teaching, you are really my disciples. Then you will know the truth, and the truth will set you free,” Jn 8:31-32. “So if the Son sets you free, you will be free indeed,” Jn 8:36.