Back to Haitian Creole Bible online homepage (Contents Page of Online Bible)
2 Samuel 22 [1]
[2]
[3]
[4]
[5]
[6]
[7]
[8]
[9]
[10]
[11]
[12]
[13]
[14]
[15]
[16]
[17]
[18]
[19]
[20]
[21]
[22]
[23]
[24]
2SAM 22:1 ¶ Lè Seyè a te fin delivre David anba men Sayil ak anba men tout lènmi li yo, David chante chante sa a pou Seyè a.
2SAM 22:2 ¶ Li di konsa: -Seyè, se ou menm ki twou wòch kote m' kache a. Se ou menm ki sèvi m' ranpa. Se ou menm ki delivre m'.
2SAM 22:3 Ou se Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje m'. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Se ou ki tout defans mwen. Se fòs ou k'ap sove m'. Se anba zèl ou m' jwenn kote pou m' kache. Se ou ki delivrans mwen. Se ou ki delivre m' anba mechan yo.
2SAM 22:4 Mwen rele Seyè a, li delivre m' anba lènmi m' yo. Lwanj pou Seyè a!
2SAM 22:5 Lanmò te fin vlope m', mwen te pè lè m' wè tout malè sa yo tonbe sou mwen.
2SAM 22:6 Privye lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou. Kote m' vire, mwen wè lanmò devan m'.
2SAM 22:7 Nan mizè mwen te ye a mwen rele Seyè a, Mwen mande Bondye mwen sekou. Kote l' chita lakay li a, li tande vwa mwen. Rèl mwen rive jouk nan zòrèy li.
2SAM 22:8 Lè sa a, latè pran tranble, li souke. Fondasyon syèl la pran tranble. Yon sèl frison pran yo, paske Bondye te an kòlè.
2SAM 22:9 Lafimen t'ap soti nan twou nen li. Yon gwo flanm dife ak moso chabon tou limen t'ap soti nan bouch li.
2SAM 22:10 Li bese syèl la, li desann ak yon gwo nwaj nwa anba pye li.
2SAM 22:11 Li moute sou do yon zanj cheriben, li t'ap vole. Yon kouran van t'ap pouse l' ale.
2SAM 22:12 Li te kache kò l' nan fènwa. Yon gwo nwaj pwès plen dlo te vlope l' toupatou.
2SAM 22:13 Anpil chabon dife tou limen t'ap soti nan gwo limyè ki t'ap klere devan li an.
2SAM 22:14 Seyè a pran gwonde nan syèl la. Bondye ki anwo nan syèl la fè tout moun tande vwa li.
2SAM 22:15 Li voye flèch li yo, li gaye tout lènmi m' yo, li fè yo tout kouri ak kout zèklè.
2SAM 22:16 Lè ou an kòlè, Seyè, van soti ak fòs nan twou nen ou. Lè konsa, moun wè fon lanmè a, fondasyon latè a parèt aklè.
2SAM 22:17 Seyè a rete nan syèl la, li lonje men l', li pran m'. Li rale m' soti nan mitan gwo dlo yo.
2SAM 22:18 Li delivre m' anba gwo lènmi m' yo, anba tout moun sa yo ki te rayi m', epi ki te pi fò pase m'.
2SAM 22:19 Lè m' te nan tray, yo pwofite atake m'. Men, Seyè a te kenbe m'.
2SAM 22:20 Li wete m' nan move pa a. Li delivre m' paske li renmen m'.
2SAM 22:21 Seyè a ban m' sa m' merite, paske li wè m' mache dwat devan li. Li ban m' benediksyon paske li wè mwen inonsan.
2SAM 22:22 Mwen te obeyi lalwa Seyè a, mwen pa janm vire do bay Bondye.
2SAM 22:23 Mwen fè tou sa ki nan lalwa li, mwen pa janm dezobeyi kòmandman li yo.
2SAM 22:24 Li konnen mwen pa antò. Mwen kenbe kò m' pou m' pa fè sa ki mal.
2SAM 22:25 Se konsa li ban m' sa m' merite, paske mwen mache dwat devan li, paske li wè mwen inonsan.
2SAM 22:26 Ou menm, Seyè, ou kenbe pawòl ou ak moun ki kenbe pawòl yo, ou bon ak moun ki bon.
2SAM 22:27 Ou pa fè ipokrit ak moun ki pa fè ipokrit avè ou, men ou malen ak moun ki malen.
2SAM 22:28 Ou sove moun ki soumèt yo devan ou. Men, ou annik gade moun ki gen lògèy yo, ou desann yo.
2SAM 22:29 Seyè, ou se limyè mwen. Se ou ki wete m' nan fènwa kote m' te ye a.
2SAM 22:30 Avè ou, mwen fonse sou bann lènmi m' yo ki ame jouk nan dan. Avè ou, mwen eskalade miray ki sèvi yo defans.
2SAM 22:31 Bondye o! Tou sa ou fè bon nèt ale. Ou pa gen de pawòl. Ou pwoteje tout moun ki chache pwoteksyon anba zèl ou.
2SAM 22:32 Ki moun ki Bondye si se pa Seyè a? Ki moun ki defans nou si se pa Bondye nou an?
2SAM 22:33 Se Bondye ki pwoteje m' avè fòs li. Li fè m' mennen yon lavi san repwòch.
2SAM 22:34 Li asire pye m' tankou pye kabrit, li fè m' mache sou mòn yo san m' pa tonbe.
2SAM 22:35 Li moutre m' jan pou m' goumen. Li ban m' fòs pou m' sèvi ak pi gwo banza ki genyen.
2SAM 22:36 Se ou menm, Seyè, ki pwoteje m'. Se ou ki sove m'. Si m' kapab leve kanpe, se paske ou renmen m'.
2SAM 22:37 Ou pa kite yo bare wout mwen. Mwen pa janm pèdi pye.
2SAM 22:38 Mwen kouri dèyè lènmi m' yo, mwen bat yo. Mwen pa tounen toutan mwen pa fin kraze yo nèt.
2SAM 22:39 Mwen jete yo atè, m' kraze yo, yo pa ka leve. Yo tonbe, mwen mete pye m' sou kou yo.
2SAM 22:40 Ou ban m' kont fòs pou m' goumen. Ou fè lènmi m' yo mande m' padon.
2SAM 22:41 Ou fè yo kouri devan m'. Mwen disparèt tout moun ki rayi m' yo.
2SAM 22:42 Y'ap mande sekou, men pa gen moun ki ka sove yo. Y'ap rele Seyè a, men li pa reponn yo.
2SAM 22:43 Mwen kraze yo fè yo tounen pousyè. M' pilonnen yo, m' mache sou yo tankou sou labou nan lari.
2SAM 22:44 Ou delivre m' anba pèp rebèl sa a. Ou fè m' rete chèf pou m' gouvènen tout nasyon yo tou. Pèp mwen pa t' konnen, se yo menm k'ap sèvi m'.
2SAM 22:45 Moun lòt peyi yo ap achte figi m'. Kou yo tande vwa m', yo obeyi m'.
2SAM 22:46 Yo pèdi tout kouraj yo. Yo soti kote yo te kache a, y'ap tranble kou fèy bwa.
2SAM 22:47 Konpliman pou Seyè a! Lwanj pou moun ki pran defans mwen an! Se Bondye ki delivre m', se li menm ki pwoteje m'. Ann fè konnen jan li gen pouvwa!
2SAM 22:48 Se Bondye ki pran revanj mwen. Se li ki mete pèp yo anba pye mwen.
2SAM 22:49 Ou sove m' anba men lènmi m' yo. Ou wete m' anba men moun ki t'ap konbat mwen yo. Ou delivre m' anba ansasen yo.
2SAM 22:50 Se poutèt sa m'a fè moun lòt nasyon yo konnen ki moun ou ye. m'a chante pou fè lwanj ou.
2SAM 22:51 Bondye delivre wa li a anpil fwa. Li moutre jan li pa janm sispann renmen David, moun li chwazi a, ansanm ak pitit pitit li yo pou tout tan.
Search the online bible
Back to Jesus Work Ministry main home page
Back to Jesus Work Ministry home for spiritual warfare and Christian deliverance ministry
Back to Jesus Work Ministry home for resources on Christian living
Christian deliverance and Spiritual warfare book 1
Christian deliverance and Spiritual warfare book 2
Christian deliverance and Spiritual warfare book 3
Christian deliverance and Spiritual warfare book 4
Spiritual warfare and Christian deliverance ministry classics
Other spiritual warfare and Christian deliverance resources on Jesus Work Ministry
Christian deliverance and spiritual warfare audio sermons (free Christian MP3 audio downloads)