Back to Haitian Creole Bible online homepage (Contents Page of Online Bible)

 

Job 30

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12] [13] [14] [15] [16] [17] [18] [19] [20] [21] [22] [23] [24] [25] [26] [27] [28] [29] [30] [31] [32] [33] [34] [35] [36] [37] [38] [39] [40] [41] [42]

JOB 30:1 ¶ Men koulye a, moun ki pi jenn pase m' yo ap pase m' nan rizib. Papa yo se moun mwen pa t' pran pou anyen, moun mwen pa ta menm mete ak chen m' pou gade mouton.
JOB 30:2 Epitou, yo te twò fèb pou fè anyen pou mwen. Se te yon bann gason san kouraj.
JOB 30:3 Mizè ak grangou te fini ak yo. Lannwit se grenn bwa yo te konn al souse nan savann kote moun pa rete.
JOB 30:4 Yo pran fèy raje pou yo manje. Ata rasin bayawonn pase.
JOB 30:5 Kote yo pase moun mete yo deyò, yo rele bare dèyè yo tankou vòlè.
JOB 30:6 Yo te blije al rete nan twou wòch, nan twou tè sou bò ravin yo.
JOB 30:7 Y'ap rele tankou bèt mawon nan raje a. Yo fè pil sou pil nan savann lan.
JOB 30:8 Se te yon bann sanzave ki pa t' menm gen non. Yo te mete yo deyò nan peyi a.
JOB 30:9 Koulye a, y'ap fè chante sou mwen. Y'ap bay istwa sou do m'.
JOB 30:10 Yo pè pwoche bò kote m' pou m' pa sal yo. Yo menm krache nan figi m'.
JOB 30:11 Paske Bondye kraze kouraj mwen, li lage m' atè, kifè, mapou tonbe, kabrit manje fèy li.
JOB 30:12 Bann moun sa yo leve dèyè m', y'ap fè m' kouri. Yo lage dèyè m' pou yo pran m'.
JOB 30:13 Yo sènen m' toupatou pou yo ka fini avè m'. Pa gen pesonn pou di yo pa fè sa.
JOB 30:14 Yo pase nan fant barikad, yo tonbe sou mwen. Yo pilonnen m' anba pye yo.
JOB 30:15 ¶ Yon sèl latranblad pran mwen. Tankou yon kout van li kraze kouraj mwen. Tankou yon nwaj k'ap pase, tout byen m' yo disparèt.
JOB 30:16 Koulye a, mwen prèt pou m' mouri. Lafliksyon ap fini avè m'.
JOB 30:17 Lannwit, tout zo nan kò m' ap fè m' mal. Doulè ap manje m' anndan san rete.
JOB 30:18 Bondye ponyen m' nan kòlèt, l'ap chifonnen tout rad sou mwen.
JOB 30:19 Li voye m' jete nan labou. Mwen pa pi bon pase pousyè tè ak sann dife.
JOB 30:20 Mwen rele nan pye ou, Bondye! Ou pa reponn mwen. Mwen kanpe devan ou, ou pa okipe m' menm.
JOB 30:21 Ou pa menm moun lan ankò. W'ap malmennen m'. Ou soti pou pèsekite m' ak tout fòs ou.
JOB 30:22 Ou fè van pote m' ale. M'ap vole tankou pay. Ou voye yon van tanpèt boulvèse m'.
JOB 30:23 Wi, mwen konnen byen pwòp w'ap mennen m' pou m' al mouri, pou m' al sibi sò k'ap tann tout moun lan.
JOB 30:24 Poukisa w'ap atake yon moun ki tou fin mouri, yon moun ki pa ka fè anyen ankò pase mande padon?
JOB 30:25 Eske mwen pa t' nan lapenn ansanm ak moun ki te nan mizè? Eske kè m' pa t' fè m' mal pou moun ki pa t' gen anyen menm yo?
JOB 30:26 Mwen t'ap tann kontantman, se malè ki vini. Mwen t'ap tann limyè, se fènwa ki kouvri m'.
JOB 30:27 Tout zantray mwen ap bouyi san rete. Chak jou m'ap soufri pi rèd.
JOB 30:28 M'ap mache kagou, san pesonn pou konsole m'. Mwen kanpe nan mitan tout moun, m'ap mande sekou.
JOB 30:29 Vwa mwen tankou vwa koukou. Mwen rele tankou frize.
JOB 30:30 Po m' vin tou nwa, l'ap dekale. Lafyèb ap manje m' nan zo.
JOB 30:31 Lontan se mizik gita ak fif ase ki te nan zòrèy mwen. Men, koulye a, se plenn, se kriye ase m'ap tande.

 


Search the online bible

Back to Jesus Work Ministry main home page

Back to Jesus Work Ministry home for spiritual warfare and Christian deliverance ministry

Back to Jesus Work Ministry home for resources on Christian living

Christian deliverance and Spiritual warfare book 1

Christian deliverance and Spiritual warfare book 2

Christian deliverance and Spiritual warfare book 3

Christian deliverance and Spiritual warfare book 4

Spiritual warfare and Christian deliverance ministry classics

Other spiritual warfare and Christian deliverance resources on Jesus Work Ministry

Christian deliverance and spiritual warfare audio sermons (free Christian MP3 audio downloads)

Read online Bible - Haitian Creole Bible online. Free online bible on SpiritualWarfare.JesusWork.org -An evangelical online ministry website of Jesus Work Ministry revealing biblical truth and recent errors on spiritual warfare and deliverance ministry principles. Wrong spiritual warfare is harmful when practiced. Avoid the snare of end-time false doctrine and its sad consequences. Free deliverance and spiritual warfare books, spiritual warfare sermons, spiritual warfare audio sermons (free Christian mp3 downloads) and other resources reveal what is bible based and false Christian spiritual warfare and Christian deliverance. Spiritual growth and Christian living resources on spiritual warfare and Christian deliverance ministry principles.

Essential resources for fellow evangelicals whether in Pentecostalism, charismatic movement, Baptist, Presbyterian, AG, AME, non-denominations, Christian fundamentalists, moderates and liberals. Non-evangelicals and non-Christians most welcome. The Truth that brings true freedom knows no boundaries. Learn to distinguish between biblical and non-scripture based spiritual warfare, spiritual warfare prayers, deliverance prayers and other areas of deliverance ministry (deliverence ministry) such as casting out demons, binding demons, dealing with territorial spirits, breaking generational curses, etc.

Plus learn the truth on our spiritual armor (spiritual armour), spiritual weapons of warfare, prayer and fasting, the sword of the spirit, pleading the blood of Jesus, spiritual battles, fighting spiritual warfare, familiar spirits, spiritual authority, demonic attacks, demonic possession cases, demonic influence, casting out demons, demonic deliverance, spiritual healing, healing the wounded spirit, biblical financial freedom etc. Solving the confusion on what is spiritual warfare, deliverance ministry and bringing healing to victims of false doctrine practiced by some “deliverance ministries.” Ultimately revealing Christ, and his truth that came to set captives free from deception, spiritual bondage, the curse of the law and so on. “If you hold to my teaching, you are really my disciples. Then you will know the truth, and the truth will set you free,” Jn 8:31-32. “So if the Son sets you free, you will be free indeed,” Jn 8:36.