Back to Haitian Creole Bible online homepage (Contents Page of Online Bible)

 

Job 37

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12] [13] [14] [15] [16] [17] [18] [19] [20] [21] [22] [23] [24] [25] [26] [27] [28] [29] [30] [31] [32] [33] [34] [35] [36] [37] [38] [39] [40] [41] [42]

JOB 37:1 ¶ Lè konsa, kè m' ap bat. M' santi l'ap rache.
JOB 37:2 Nou tout, koute vwa Bondye! Koute jan l'ap gwonde!
JOB 37:3 Zèklè a kouri nan tout syèl la. Li klere dènye bout latè.
JOB 37:4 Apre sa, yo tande vwa li ap gwonde. Loraj la gwonde avèk fòs. Lè konsa, zèklè fè mikalaw.
JOB 37:5 Lè Bondye ap pale konsa, li fè bèl bagay, bagay nou pa ka konprann.
JOB 37:6 ¶ Li bay lanèj lòd kouvri latè. Li bay gwo lapli lòd tonbe.
JOB 37:7 Li fè tout moun sispann travay. Li fè yo wè sa se travay pa l'.
JOB 37:8 Tout bèt antre nan twou. Y' al kache kò yo nan nich.
JOB 37:9 Van tanpèt soti nan sid. Van frèt soti nan nò.
JOB 37:10 Souf Bondye fè dlo tounen glas. Konsa, tout dlo tounen glas.
JOB 37:11 Zèklè yo ap fè yan nan nwaj yo. Nwaj yo klere byen lwen.
JOB 37:12 Bondye fè yo vire nan syèl la jan li vle. Yo fè tou sa li ba yo lòd fè toupatou sou latè.
JOB 37:13 Bondye voye lapli pou wouze latè. Li voye l' pou pini moun, li voye l' pou beni yo tou.
JOB 37:14 ¶ Louvri zòrèy ou, Jòb, pou ou tande sa m' pral di la a. Pran tèt ou, egzaminen bèl travay Bondye yo byen.
JOB 37:15 Eske ou konnen ki jan Bondye ba yo lòd, ki jan li fè zèklè yo klere nan nwaj yo?
JOB 37:16 Eske ou konnen ki jan nwaj yo fè flote nan syèl la? Sa se yon bèl bagay. Pou ou fè l' fòk ou gen anpil ladrès.
JOB 37:17 Lè van cho ki soti nan sid la ap kwit tè a, ou santi rad sou ou ap boule tout kò ou.
JOB 37:18 Eske ou ka ede Bondye louvri nwaj yo nan syèl la, pou fè yo di tankou bout fè?
JOB 37:19 Fè m' konnen sa pou nou di Bondye. Lespri nou vid. Nou pa gen anyen pou nou di l'.
JOB 37:20 Mwen pa mande pou m' pale ak Bondye. Poukisa pou m' ba li okazyon pou li touye m'?
JOB 37:21 ¶ Ou rete konsa ou pa wè solèy la. Li kache anba nwaj yo. Yon van leve, li fè solèy la klere ankò.
JOB 37:22 Yon bèl klète, klere kou lò, parèt sou bò nò. Nou wè Bondye kanpe nan mitan yon bèl limyè ki fè nou pè.
JOB 37:23 Nou pa ka pwoche bò kote Bondye ki gen tout pouvwa a. Li sèl gwo chèf, li sèl jij, li pa nan patipri. Li p'ap kondannen yon moun ki inonsan.
JOB 37:24 Se poutèt sa, tout moun fèt pou gen krentif pou li. Li p'ap okipe moun ki pretann yo gen bon konprann.

 


Search the online bible

Back to Jesus Work Ministry main home page

Back to Jesus Work Ministry home for spiritual warfare and Christian deliverance ministry

Back to Jesus Work Ministry home for resources on Christian living

Christian deliverance and Spiritual warfare book 1

Christian deliverance and Spiritual warfare book 2

Christian deliverance and Spiritual warfare book 3

Christian deliverance and Spiritual warfare book 4

Spiritual warfare and Christian deliverance ministry classics

Other spiritual warfare and Christian deliverance resources on Jesus Work Ministry

Christian deliverance and spiritual warfare audio sermons (free Christian MP3 audio downloads)

Read online Bible - Haitian Creole Bible online. Free online bible on SpiritualWarfare.JesusWork.org -An evangelical online ministry website of Jesus Work Ministry revealing biblical truth and recent errors on spiritual warfare and deliverance ministry principles. Wrong spiritual warfare is harmful when practiced. Avoid the snare of end-time false doctrine and its sad consequences. Free deliverance and spiritual warfare books, spiritual warfare sermons, spiritual warfare audio sermons (free Christian mp3 downloads) and other resources reveal what is bible based and false Christian spiritual warfare and Christian deliverance. Spiritual growth and Christian living resources on spiritual warfare and Christian deliverance ministry principles.

Essential resources for fellow evangelicals whether in Pentecostalism, charismatic movement, Baptist, Presbyterian, AG, AME, non-denominations, Christian fundamentalists, moderates and liberals. Non-evangelicals and non-Christians most welcome. The Truth that brings true freedom knows no boundaries. Learn to distinguish between biblical and non-scripture based spiritual warfare, spiritual warfare prayers, deliverance prayers and other areas of deliverance ministry (deliverence ministry) such as casting out demons, binding demons, dealing with territorial spirits, breaking generational curses, etc.

Plus learn the truth on our spiritual armor (spiritual armour), spiritual weapons of warfare, prayer and fasting, the sword of the spirit, pleading the blood of Jesus, spiritual battles, fighting spiritual warfare, familiar spirits, spiritual authority, demonic attacks, demonic possession cases, demonic influence, casting out demons, demonic deliverance, spiritual healing, healing the wounded spirit, biblical financial freedom etc. Solving the confusion on what is spiritual warfare, deliverance ministry and bringing healing to victims of false doctrine practiced by some “deliverance ministries.” Ultimately revealing Christ, and his truth that came to set captives free from deception, spiritual bondage, the curse of the law and so on. “If you hold to my teaching, you are really my disciples. Then you will know the truth, and the truth will set you free,” Jn 8:31-32. “So if the Son sets you free, you will be free indeed,” Jn 8:36.