Back to Haitian Creole Bible online homepage (Contents Page of Online Bible)

 

Job 33

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12] [13] [14] [15] [16] [17] [18] [19] [20] [21] [22] [23] [24] [25] [26] [27] [28] [29] [30] [31] [32] [33] [34] [35] [36] [37] [38] [39] [40] [41] [42]

JOB 33:1 ¶ Atòkile, Jòb, tanpri, koute sa m'ap di ou. Louvri zòrèy ou byen pou ou tande m'.
JOB 33:2 M' pare pou m' di dènye sa ki vin nan bouch mwen.
JOB 33:3 M' pral di tou sa ki nan kè m'. Se verite a tou senp mwen pral pale.
JOB 33:4 Se lespri Bondye a ki fè m'. Se souf Bondye ki gen tout pouvwa a ki ban m' lavi.
JOB 33:5 Si ou kapab, w'a reponn mwen. Pare kò ou. Pran pozisyon batay ou avè m'.
JOB 33:6 Ou menm avè m', devan Bondye nou tout se menm. Nou tou de, se ak labou li fè nou.
JOB 33:7 Ou wè! Ou pa bezwen pè m'! Mwen pa ka fè ou anyen!
JOB 33:8 ¶ Mwen te tande ou ak de zòrèy mwen. Ki jan ou fè ka di:
JOB 33:9 Mwen menm, mwen inonsan. M' pa fè ankenn peche! M' pa gen anyen sou konsyans mwen.
JOB 33:10 Men, se Bondye ki pretann mwen ba l' jwen pou l' atake m'. Se li menm k'ap aji avè m' tankou si mwen te lènmi l'.
JOB 33:11 Li mete de pye m' nan sèp. L'ap veye tou sa m'ap fè.
JOB 33:12 La, Jòb monchè, m'ap reponn ou: ou antò. Paske Bondye pa kanmarad moun.
JOB 33:13 Poukisa w'ap chache Bondye kont konsa? Se paske li pa reponn lè w'ap plenyen nan pye l'?
JOB 33:14 ¶ Bondye pale divès jan. Men, pesonn pa okipe sa l'ap di.
JOB 33:15 Lè moun kouche nan kabann yo, lè yo fon nan dòmi lannwit, Bondye pale ak yo nan rèv, nan vizyon.
JOB 33:16 Li fè yo konnen sa li gen pou l' di yo. Li ba yo avètisman pou yo mache sou piga yo.
JOB 33:17 Li vle pou yo kite move chemen y'ap swiv la, pou yo pa kite lògèy vire tèt yo.
JOB 33:18 Konsa, yo p'ap mouri. Y'a sove lavi yo.
JOB 33:19 ¶ Bondye avèti moun tou lè li voye maladi sou yo. Li ba yo doulè nan tout kò yo.
JOB 33:20 Li bay yo degoutans manje. Yo pèdi anvi manje menm lò manje a gou.
JOB 33:21 Y'ap depafini, tout moun wè jan y'ap vin mèg. Tout zo nan kò yo griyen.
JOB 33:22 Sa ki rete pou yo mouri a, pou y' ale nan peyi san chapo a pa anyen.
JOB 33:23 Lè sa a, yon zanj Bondye ka vin bò kote l', yonn nan milyonven zanj Bondye yo ki la pou fè moun chonje devwa yo.
JOB 33:24 Zanj lan va gen pitye pou li. L'a di Bondye: -Tanpri, pa kite l' mouri. M'ap peye pou sove lavi li.
JOB 33:25 Kò li va refè, l'a vin fre tankou lè l' te jenn.
JOB 33:26 Li lapriyè Bondye, Bondye reponn li. li al adore Bondye ak kè kontan. Bondye padonnen l' devan tout moun.
JOB 33:27 L'ap mache bay Bondye lwanj toupatou. L'ap di: -Mwen te peche, mwen te fè sa ki mal. Men, Bondye pa fè m' peye pou sa m' te fè a.
JOB 33:28 Li egzante m' lanmò. Li ban m' lavi ankò.
JOB 33:29 ¶ Men tou sa Bondye ap fè, de fwa, twa fwa pou lèzòm,
JOB 33:30 pou l' pa kite yo mouri, pou l' ba yo lavi ak kè kontan.
JOB 33:31 Koulye a, Jòb, louvri zòrèy ou! Koute byen sa m'ap di! Pe bouch ou la! Kite m' fin pale!
JOB 33:32 Men, si ou gen kichòy ou vle di, pale; m'ap koute ou. Paske mwen ta vle ba ou rezon.
JOB 33:33 Osinon, pe bouch ou, koute m' pito! Kite m' moutre ou sa ki rele gen bon konprann.

 


Search the online bible

Back to Jesus Work Ministry main home page

Back to Jesus Work Ministry home for spiritual warfare and Christian deliverance ministry

Back to Jesus Work Ministry home for resources on Christian living

Christian deliverance and Spiritual warfare book 1

Christian deliverance and Spiritual warfare book 2

Christian deliverance and Spiritual warfare book 3

Christian deliverance and Spiritual warfare book 4

Spiritual warfare and Christian deliverance ministry classics

Other spiritual warfare and Christian deliverance resources on Jesus Work Ministry

Christian deliverance and spiritual warfare audio sermons (free Christian MP3 audio downloads)

Read online Bible - Haitian Creole Bible online. Free online bible on SpiritualWarfare.JesusWork.org -An evangelical online ministry website of Jesus Work Ministry revealing biblical truth and recent errors on spiritual warfare and deliverance ministry principles. Wrong spiritual warfare is harmful when practiced. Avoid the snare of end-time false doctrine and its sad consequences. Free deliverance and spiritual warfare books, spiritual warfare sermons, spiritual warfare audio sermons (free Christian mp3 downloads) and other resources reveal what is bible based and false Christian spiritual warfare and Christian deliverance. Spiritual growth and Christian living resources on spiritual warfare and Christian deliverance ministry principles.

Essential resources for fellow evangelicals whether in Pentecostalism, charismatic movement, Baptist, Presbyterian, AG, AME, non-denominations, Christian fundamentalists, moderates and liberals. Non-evangelicals and non-Christians most welcome. The Truth that brings true freedom knows no boundaries. Learn to distinguish between biblical and non-scripture based spiritual warfare, spiritual warfare prayers, deliverance prayers and other areas of deliverance ministry (deliverence ministry) such as casting out demons, binding demons, dealing with territorial spirits, breaking generational curses, etc.

Plus learn the truth on our spiritual armor (spiritual armour), spiritual weapons of warfare, prayer and fasting, the sword of the spirit, pleading the blood of Jesus, spiritual battles, fighting spiritual warfare, familiar spirits, spiritual authority, demonic attacks, demonic possession cases, demonic influence, casting out demons, demonic deliverance, spiritual healing, healing the wounded spirit, biblical financial freedom etc. Solving the confusion on what is spiritual warfare, deliverance ministry and bringing healing to victims of false doctrine practiced by some “deliverance ministries.” Ultimately revealing Christ, and his truth that came to set captives free from deception, spiritual bondage, the curse of the law and so on. “If you hold to my teaching, you are really my disciples. Then you will know the truth, and the truth will set you free,” Jn 8:31-32. “So if the Son sets you free, you will be free indeed,” Jn 8:36.