Back to Haitian Creole Bible online homepage (Contents Page of Online Bible)

 

Job 38

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12] [13] [14] [15] [16] [17] [18] [19] [20] [21] [22] [23] [24] [25] [26] [27] [28] [29] [30] [31] [32] [33] [34] [35] [36] [37] [38] [39] [40] [41] [42]

JOB 38:1 ¶ Lè sa a, nan yon gwo van tanpèt, Seyè a pale ak Jòb. Li di l' konsa:
JOB 38:2 -Kisa ou ye menm pou w'ap poze keksyon sou plan travay mwen ak yon bann diskou ki pa vle di anyen?
JOB 38:3 Mete gason sou ou! M' pral poze ou keksyon. Pare kò ou pou ou reponn mwen.
JOB 38:4 ¶ Kote ou te ye lè m' t'ap fè latè? Se pou ou reponn mwen si ou konn tout bagay!
JOB 38:5 Ki moun ki te deside lajè l'ap genyen? Ki moun ki te pran mezi l'? Eske ou konn sa?
JOB 38:6 Sou kisa fondasyon latè chita? Ki moun ki te poze wòch ki kenbe l' la?
JOB 38:7 Jou maten sa a, tout zetwal yo t'ap chante, tout sèvitè Bondye yo t'ap bat bravo.
JOB 38:8 Ki moun ki fèmen pòtay pou bare lanmè a, lè li pete soti nan vant latè a?
JOB 38:9 Lè mwen kouvri lanmè a ak nwaj, lè mwen vlope l' nan gwo nwaj nwa yo,
JOB 38:10 mwen bay lanmè a bòn li. Mwen mete pòt avèk kle pou kenbe l' nan plas li.
JOB 38:11 Mwen di l': Men limit ou. Pa depase l'. Se la m'ap kraze fòs lanm ou yo.
JOB 38:12 ¶ Jòb, èske yon sèl fwa ou janm bay lòd pou maten rive? Ou janm bay lè pou bajou kase?
JOB 38:13 Eske ou janm bay devanjou l' lòd pou l' klere sou tout latè, l' pou l' fè mechan yo soti nan twou yo?
JOB 38:14 Lè sa a, tout mòn yo ak tout fon yo parèt aklè, tankou mak pye bèt nan labou. Yo pran koulè yo, ou ta di yon rad latè mete sou li.
JOB 38:15 Limyè solèy la antrave mechan yo nan travay yo. Yo blije kite mechanste yo te pare pou fè a.
JOB 38:16 Eske ou te desann jouk kote sous lanmè a pete a? Eske ou te mache nan fon lanmè a?
JOB 38:17 Eske yo te janm moutre ou pòtay peyi lanmò a? Eske ou te janm wè pòt ki louvri sou gwo twou san fon an?
JOB 38:18 Eske ou gen lide ki lajè latè a genyen? Reponn mwen non, si ou konnen!
JOB 38:19 Eske ou konnen ki bò limyè soti, ki bò fènwa rete,
JOB 38:20 pou ou ka moutre yo jouk ki bò pou yo ale, osinon pou ou voye yo tounen lakay yo?
JOB 38:21 Si ou konn sa, enben, ou te fèt deja lè mwen t'ap kreye yo a. Ou pa manke gen laj sou tèt ou!
JOB 38:22 Eske ou janm rive kote yo fè depo lanèj lan? Ou janm wè depo lagrèl la?
JOB 38:23 Ou konnen depo kote m' sere yo pou lè gen move tan, pou lè batay ak lagè ap fèt?
JOB 38:24 Ou konnen ki bò solèy la leve, ki bò van lès la soti pou l' soufle sou latè?
JOB 38:25 ¶ Ou konnen ki moun ki fè wout bay lapli tonbe, ki moun ki fè chemen pou loraj la,
JOB 38:26 pou lapli tonbe sou dezè a kote moun pa rete,
JOB 38:27 pou wouze tè sèk k'ap fann nan solèy, pou fè zèb pouse nan savann?
JOB 38:28 Eske lapli a gen papa? Ki moun ki fè lawouze?
JOB 38:29 Ki bò moso glas yo soti? Lagrèl ki soti nan syèl la, ki moun ki manman l'?
JOB 38:30 Se yo menm ki fè dlo vin di kou wòch, ki fè tout dlo anwo lanmè a di kou wòch?
JOB 38:31 Ou ka mare zetwal Lapousiyè yo ansanm? Ou ka lage kòd ki kenbe zetwal Oryon yo ansanm?
JOB 38:32 Ou ka mennen zetwal yo soti lè lè yo rive? Ou ka bay Gwo Kabwèt la ak Ti Kabwèt la direksyon pou yo pran?
JOB 38:33 Ou konnen lwa k'ap gouvènen tout bagay nan syèl la? Eske ou ka sèvi ak lwa sa yo pou gouvènen sa k'ap pase sou latè?
JOB 38:34 Eske ou ka bay nwaj yo lòd pou yo voye gwo lapli sou ou?
JOB 38:35 Si ou bay zèklè yo lòd pou yo pati, èske y'ap reponn ou: Wi, men nou?
JOB 38:36 Ki moun ki penmèt krabye konprann lè pou li anonse dlo pral desann fè inondasyon? Ki moun ki fè gwo zwezo sa a konnen lè lapli pral tonbe?
JOB 38:37 Ki moun ki ka konte kantite nwaj ki genyen, san manke yonn? Ki moun ki ka panche yo pou vide dlo lapli,
JOB 38:38 pou pousyè tè a tounen labou, pou boul tè yo kole ansanm?
JOB 38:39 Eske se ou ki jwenn manje pou bay lyon yo manje? Eske ou bay ti lyon yo manje plen vant yo,
JOB 38:40 kote yo kache nan twou yo a, osinon kote yo kouche ap tann nan nich yo a?
JOB 38:41 Ki moun ki pare manje pou kònèy yo, lè grangou fè yo soti nan nich yo, lè pitit yo ap rele nan pye m' pou m' ba yo manje?

 


Search the online bible

Back to Jesus Work Ministry main home page

Back to Jesus Work Ministry home for spiritual warfare and Christian deliverance ministry

Back to Jesus Work Ministry home for resources on Christian living

Christian deliverance and Spiritual warfare book 1

Christian deliverance and Spiritual warfare book 2

Christian deliverance and Spiritual warfare book 3

Christian deliverance and Spiritual warfare book 4

Spiritual warfare and Christian deliverance ministry classics

Other spiritual warfare and Christian deliverance resources on Jesus Work Ministry

Christian deliverance and spiritual warfare audio sermons (free Christian MP3 audio downloads)

Read online Bible - Haitian Creole Bible online. Free online bible on SpiritualWarfare.JesusWork.org -An evangelical online ministry website of Jesus Work Ministry revealing biblical truth and recent errors on spiritual warfare and deliverance ministry principles. Wrong spiritual warfare is harmful when practiced. Avoid the snare of end-time false doctrine and its sad consequences. Free deliverance and spiritual warfare books, spiritual warfare sermons, spiritual warfare audio sermons (free Christian mp3 downloads) and other resources reveal what is bible based and false Christian spiritual warfare and Christian deliverance. Spiritual growth and Christian living resources on spiritual warfare and Christian deliverance ministry principles.

Essential resources for fellow evangelicals whether in Pentecostalism, charismatic movement, Baptist, Presbyterian, AG, AME, non-denominations, Christian fundamentalists, moderates and liberals. Non-evangelicals and non-Christians most welcome. The Truth that brings true freedom knows no boundaries. Learn to distinguish between biblical and non-scripture based spiritual warfare, spiritual warfare prayers, deliverance prayers and other areas of deliverance ministry (deliverence ministry) such as casting out demons, binding demons, dealing with territorial spirits, breaking generational curses, etc.

Plus learn the truth on our spiritual armor (spiritual armour), spiritual weapons of warfare, prayer and fasting, the sword of the spirit, pleading the blood of Jesus, spiritual battles, fighting spiritual warfare, familiar spirits, spiritual authority, demonic attacks, demonic possession cases, demonic influence, casting out demons, demonic deliverance, spiritual healing, healing the wounded spirit, biblical financial freedom etc. Solving the confusion on what is spiritual warfare, deliverance ministry and bringing healing to victims of false doctrine practiced by some “deliverance ministries.” Ultimately revealing Christ, and his truth that came to set captives free from deception, spiritual bondage, the curse of the law and so on. “If you hold to my teaching, you are really my disciples. Then you will know the truth, and the truth will set you free,” Jn 8:31-32. “So if the Son sets you free, you will be free indeed,” Jn 8:36.