Back to Haitian Creole Bible online homepage (Contents Page of Online Bible)

 

Job 41

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12] [13] [14] [15] [16] [17] [18] [19] [20] [21] [22] [23] [24] [25] [26] [27] [28] [29] [30] [31] [32] [33] [34] [35] [36] [37] [38] [39] [40] [41] [42]

JOB 41:1 ¶ Eske ou ka pran levyatan an nan zen? Eske ou ka mare lang li ak yon kòd?
JOB 41:2 Eske ou ka pase yon bwa wozo nan nen l'? Eske ou ka pèse machwè l' ak yon gwo zen?
JOB 41:3 Eske li pral mande ou: Tanpri souple, kite m' ale? Eske l'ap pale dous avè ou?
JOB 41:4 Eske l'ap pase kontra avè ou pou l' sèvi ou pou tout tan?
JOB 41:5 Eske ou ka mare l' tankou yon ti zwezo pou pitit fi ou yo ka jwe avè l'?
JOB 41:6 Eske moun k'ap fè lapèch yo pral fè lajan avè l'? Eske machann yo pral koupe l' an moso pou yo vann?
JOB 41:7 Eske ou ka pike tout po kò l' ak fwenn? Eske ou ka pèse tèt li ak yon fwenn?
JOB 41:8 Seye mete men ou sou li yon grenn fwa, ou p'ap janm fè sa ankò, lè w'a chonje sa l'a fè ou!
JOB 41:9 Depi ou wè levyatan an, ou pèdi tout kouraj ou. Ou annik wè l', ou tonbe atè.
JOB 41:10 Si yo leve l' nan dòmi, li move. Pa gen moun ki ka kanpe devan l'.
JOB 41:11 ¶ Ki moun ki ka atake l' san anyen pa rive l'? Pa gen moun sou latè ki ka fè sa.
JOB 41:12 Mwen pa bezwen di ou anyen sou pa t' janm li yo. Men, m'a fè ou konnen pa gen bèt ki gen fòs pase l'.
JOB 41:13 Pesonn pa janm rive dechire premye po li. Ni pesonn pa janm rive pèse karapas li.
JOB 41:14 Ki moun ki janm fòse l' louvri bouch li? Dan nan bouch li, se bagay ki pou fè moun kouri.
JOB 41:15 Tout do l', se yon seri gwo kal mare yonn ak lòt. Yo di kou wòch.
JOB 41:16 Yo kole yonn ak lòt, yo fè yon sèl. Pa gen yon ti fant nan mitan yo pou lè pase.
JOB 41:17 Yo sitèlman byen kole yonn ak lòt anyen pa ka separe yo.
JOB 41:18 Lè l' estènen, limyè fè yan-yan. Je l' klere tankou solèy lè l'ap leve.
JOB 41:19 Flanm dife ap soti nan bouch li. Tensèl dife ap vole soti ladan l'.
JOB 41:20 Lafimen ap soti nan tout twou nen l' tankou nan yon chodyè k'ap bouyi sou dife.
JOB 41:21 Souf li ta ka limen bwa dife. Flanm dife ap soti nan bouch li.
JOB 41:22 Se nan kou li tout fòs li ye. Depi moun wè l', kè yo kase.
JOB 41:23 Po li fè kal kal sou tout kò li. Yo kole yonn ak lòt. Yo di kou wòch.
JOB 41:24 Kè li di kou wòch, li pa pè anyen. Li fèm kou wòl moulen.
JOB 41:25 Lè li leve kanpe, ata gwonèg yo pè. Yo kouri san gad dèyè.
JOB 41:26 Pa gen nepe ki ka blese l'. Ni fwenn, ni lans, ni flèch pa ka fè l' anyen.
JOB 41:27 Pou li, nenpòt bout fè lejè kou pay, nenpòt bout asye mou tankou bannann mi.
JOB 41:28 Pa gen kout flèch ki pou fè l' kouri. Wòch fistibal, se boul koton pou li.
JOB 41:29 Yon baton fè se yon bwa mayi pou li. Li ri lè yo voye lans sou li.
JOB 41:30 Anba vant li graj graj tankou moso kannari kraze. Kote li pase nan labou a, li make l' tankou machin k'ap kraze boul tè nan jaden.
JOB 41:31 Lè l' plonje, li boulvèse fon lanmè a, se tankou dlo nan chodyè k'ap bouyi sou dife. Li fè l' bouyi tankou dlo nan veso y'ap boule odè.
JOB 41:32 Lè l'ap naje, li kite nan dlo a yon chemen ki klere nan solèy la. Li fè tout lanmè a kimen.
JOB 41:33 Pa gen bèt tankou l' sou latè. Bondye kreye l' pou l' pa janm pè anyen.
JOB 41:34 Li gade bèt ki pi fewòs yo nan je. Se li ki wa tout bèt sovaj yo.

 


Search the online bible

Back to Jesus Work Ministry main home page

Back to Jesus Work Ministry home for spiritual warfare and Christian deliverance ministry

Back to Jesus Work Ministry home for resources on Christian living

Christian deliverance and Spiritual warfare book 1

Christian deliverance and Spiritual warfare book 2

Christian deliverance and Spiritual warfare book 3

Christian deliverance and Spiritual warfare book 4

Spiritual warfare and Christian deliverance ministry classics

Other spiritual warfare and Christian deliverance resources on Jesus Work Ministry

Christian deliverance and spiritual warfare audio sermons (free Christian MP3 audio downloads)

Read online Bible - Haitian Creole Bible online. Free online bible on SpiritualWarfare.JesusWork.org -An evangelical online ministry website of Jesus Work Ministry revealing biblical truth and recent errors on spiritual warfare and deliverance ministry principles. Wrong spiritual warfare is harmful when practiced. Avoid the snare of end-time false doctrine and its sad consequences. Free deliverance and spiritual warfare books, spiritual warfare sermons, spiritual warfare audio sermons (free Christian mp3 downloads) and other resources reveal what is bible based and false Christian spiritual warfare and Christian deliverance. Spiritual growth and Christian living resources on spiritual warfare and Christian deliverance ministry principles.

Essential resources for fellow evangelicals whether in Pentecostalism, charismatic movement, Baptist, Presbyterian, AG, AME, non-denominations, Christian fundamentalists, moderates and liberals. Non-evangelicals and non-Christians most welcome. The Truth that brings true freedom knows no boundaries. Learn to distinguish between biblical and non-scripture based spiritual warfare, spiritual warfare prayers, deliverance prayers and other areas of deliverance ministry (deliverence ministry) such as casting out demons, binding demons, dealing with territorial spirits, breaking generational curses, etc.

Plus learn the truth on our spiritual armor (spiritual armour), spiritual weapons of warfare, prayer and fasting, the sword of the spirit, pleading the blood of Jesus, spiritual battles, fighting spiritual warfare, familiar spirits, spiritual authority, demonic attacks, demonic possession cases, demonic influence, casting out demons, demonic deliverance, spiritual healing, healing the wounded spirit, biblical financial freedom etc. Solving the confusion on what is spiritual warfare, deliverance ministry and bringing healing to victims of false doctrine practiced by some “deliverance ministries.” Ultimately revealing Christ, and his truth that came to set captives free from deception, spiritual bondage, the curse of the law and so on. “If you hold to my teaching, you are really my disciples. Then you will know the truth, and the truth will set you free,” Jn 8:31-32. “So if the Son sets you free, you will be free indeed,” Jn 8:36.