Back to Haitian Creole Bible online homepage (Contents Page of Online Bible)

 

Job 8

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12] [13] [14] [15] [16] [17] [18] [19] [20] [21] [22] [23] [24] [25] [26] [27] [28] [29] [30] [31] [32] [33] [34] [35] [36] [37] [38] [39] [40] [41] [42]

JOB 8:1 ¶ Lè sa a, Bildad, moun peyi Chwa a, pran lapawòl, li di konsa:
JOB 8:2 -Kilè w'a sispann pale jan w'ap pale a? Se bri ase w'ap fè tankou kalbas gran bouch!
JOB 8:3 Bondye pa nan lenjistis. Bondye ki gen tout pouvwa a ap toujou fè sa ki dwat.
JOB 8:4 Si pitit ou yo te dezobeyi lòd li yo, li fè yo peye sa yo fè a.
JOB 8:5 Ou menm menm, rele Bondye. Lapriyè nan pye Bondye ki gen tout pouvwa a.
JOB 8:6 Si li pa gen anyen pou l' repwoche ou, si ou toujou mache dwat devan li, lè sa a, ou mèt sèten, l'a fè kichòy pou ou, l'ap renmèt ou tou sa ou te genyen.
JOB 8:7 Tou sa ou te gen anvan an p'ap anyen devan sa Bondye pral ba ou a.
JOB 8:8 ¶ Chache konnen sa ki te pase nan tan lontan. Gade sa ki te rive zansèt nou yo.
JOB 8:9 Nou menm, nou se moun ayè. Nou pa konn anyen. Se pase n'ap pase sou tè a.
JOB 8:10 Men, granmoun tan lontan yo va moutre ou anpil bagay. Y'a pale avè ou. Tande sa y'ap di ou.
JOB 8:11 Se nan marekay ou jwenn jon. Wozo pa pouse kote ki pa gen dlo.
JOB 8:12 Nan tan chechrès, li te mèt tou piti, tou vèt, lè lesèk tonbe, anvan menm yo koupe l', premye zèb ki fennen se li menm.
JOB 8:13 Se menm bagay la tou pou moun ki bliye si gen Bondye. Moun ki vire do bay Bondye p'ap jwenn sa y'ap tann lan.
JOB 8:14 Konfyans yo pa chita sou anyen. Se tankou si y'ap apiye sou bwa pouri.
JOB 8:15 Si yo panche sou li, li ale. Si yo kenbe l' fò, y'ap blayi atè ansanm avè l'.
JOB 8:16 Mechan yo pouse tankou move zèb nan solèy. Yo pran tout jaden an pou yo.
JOB 8:17 Rasin yo mache nan mitan tout fant wòch yo. Se la yo jwenn sa yo bezwen pou yo viv.
JOB 8:18 Rache ou rache yo pa gen moun ki pou konnen kote yo te ye a.
JOB 8:19 Talè konsa, l'ap pouri bò chemen an. Se lòt k'ap pouse nan plas li.
JOB 8:20 ¶ Non, monchè! Bondye pa janm lage moun ki kenbe pye l' fèm. Ni li pa janm lonje men l' pou l' soutni mechan yo.
JOB 8:21 L'a fè kè ou kontan ankò, bouch ou pral chante bèl chante pou li.
JOB 8:22 Men, l'ap fè moun ki pa vle wè ou yo wont. Fanmi mechan yo va disparèt.

 


Search the online bible

Back to Jesus Work Ministry main home page

Back to Jesus Work Ministry home for spiritual warfare and Christian deliverance ministry

Back to Jesus Work Ministry home for resources on Christian living

Christian deliverance and Spiritual warfare book 1

Christian deliverance and Spiritual warfare book 2

Christian deliverance and Spiritual warfare book 3

Christian deliverance and Spiritual warfare book 4

Spiritual warfare and Christian deliverance ministry classics

Other spiritual warfare and Christian deliverance resources on Jesus Work Ministry

Christian deliverance and spiritual warfare audio sermons (free Christian MP3 audio downloads)

Read online Bible - Haitian Creole Bible online. Free online bible on SpiritualWarfare.JesusWork.org -An evangelical online ministry website of Jesus Work Ministry revealing biblical truth and recent errors on spiritual warfare and deliverance ministry principles. Wrong spiritual warfare is harmful when practiced. Avoid the snare of end-time false doctrine and its sad consequences. Free deliverance and spiritual warfare books, spiritual warfare sermons, spiritual warfare audio sermons (free Christian mp3 downloads) and other resources reveal what is bible based and false Christian spiritual warfare and Christian deliverance. Spiritual growth and Christian living resources on spiritual warfare and Christian deliverance ministry principles.

Essential resources for fellow evangelicals whether in Pentecostalism, charismatic movement, Baptist, Presbyterian, AG, AME, non-denominations, Christian fundamentalists, moderates and liberals. Non-evangelicals and non-Christians most welcome. The Truth that brings true freedom knows no boundaries. Learn to distinguish between biblical and non-scripture based spiritual warfare, spiritual warfare prayers, deliverance prayers and other areas of deliverance ministry (deliverence ministry) such as casting out demons, binding demons, dealing with territorial spirits, breaking generational curses, etc.

Plus learn the truth on our spiritual armor (spiritual armour), spiritual weapons of warfare, prayer and fasting, the sword of the spirit, pleading the blood of Jesus, spiritual battles, fighting spiritual warfare, familiar spirits, spiritual authority, demonic attacks, demonic possession cases, demonic influence, casting out demons, demonic deliverance, spiritual healing, healing the wounded spirit, biblical financial freedom etc. Solving the confusion on what is spiritual warfare, deliverance ministry and bringing healing to victims of false doctrine practiced by some “deliverance ministries.” Ultimately revealing Christ, and his truth that came to set captives free from deception, spiritual bondage, the curse of the law and so on. “If you hold to my teaching, you are really my disciples. Then you will know the truth, and the truth will set you free,” Jn 8:31-32. “So if the Son sets you free, you will be free indeed,” Jn 8:36.