Back to Haitian Creole Bible online homepage (Contents Page of Online Bible)

 

Numbers 1

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12] [13] [14] [15] [16] [17] [18] [19] [20] [21] [22] [23] [24] [25] [26] [27] [28] [29] [30] [31] [32] [33] [34] [35] [36]

NUM 1:1 ¶ Premye jou dezyèm mwa nan dezyèm lanne depi moun pèp Izrayèl yo te soti kite peyi Lejip la, antan yo te nan dezè Sinayi a, Seyè a pale ak Moyiz nan Tant Randevou a. Li di l' konsa:
NUM 1:2 -Se pou ou menm ak Arawon, nou fè yon resansman pou konte tout moun nan pèp Izrayèl la, dapre fanmi yo, dapre branch fanmi yo. W'a pran non tout gason, yonn apre lòt.
NUM 1:3 N'a konte tou sa ki gen ventan osinon ki pi gran, depi yo bon pou fè lagè. N'a fè resansman an dapre jan lame a òganize.
NUM 1:4 N'a pran yon chèf nan chak branch fanmi, dapre zansèt yo, pou ede nou.
NUM 1:5 Men non moun ki va ede nou nan resansman an: Nan branch fanmi Woubenn lan, se va Elizou, pitit gason Chedeyou.
NUM 1:6 Nan branch fanmi Simeyon an, se va Cheloumyèl, pitit gason Sourichadayi.
NUM 1:7 Nan branch fanmi Jida a, se va Nakchon, pitit gason Aminadab.
NUM 1:8 Nan branch fanmi Isaka a, se va Netanèl, pitit gason Swa.
NUM 1:9 Nan branch fanmi Zabilon an, se va Eliyab, pitit gason Elon.
NUM 1:10 Nan branch fanmi Efrayim, premye pitit gason Jozèf la, se va Elichama, pitit gason Amiyoud. Nan branch fanmi Manase, dezyèm pitit gason Jozèf la, se va Gamliyèl, pitit gason Pedachou.
NUM 1:11 Nan branch fanmi Benjamen an, se va Abidan, pitit gason Gideyoni.
NUM 1:12 Nan branch fanmi Dann lan, se va Ayezè, pitit gason Amichadayi.
NUM 1:13 Nan branch fanmi Asè a, se va Pagiyèl, pitit gason Okran.
NUM 1:14 Nan branch fanmi Gad la, se va Elyasaf, pitit gason Dewèl.
NUM 1:15 Nan branch fanmi Neftali a, se va Ayira, pitit gason Enan.
NUM 1:16 Se moun sa yo yo te chwazi nan pèp la pou fè travay la. Se yo ki te chèf lakay yo, chèf branch fanmi zansèt yo.
NUM 1:17 ¶ Moyiz ak Arawon pran douz mesye Bondye te nonmen yo,
NUM 1:18 yo reyini tout pèp la, premye jou dezyèm mwa a. Yo pran non tout moun dapre fanmi yo, dapre branch fanmi zansèt yo. Yo konte tout gason, yonn apre lòt, tou sa ki gen ventan osinon ki pi gran,
NUM 1:19 dapre lòd Seyè a te bay Moyiz la. Se nan dezè Sinayi a yo te fè resansman tout pèp la.
NUM 1:20 Se konsa yo konte tout gason nan branch fanmi Woubenn, premye pitit Jakòb la, tou sa ki gen ventan ak tou sa ki pi gran epi ki bon pou fè lagè. Yo pran non yo yonn apre lòt, yo di pitit ki moun yo ye, dapre fanmi yo, dapre branch fanmi zansèt yo.
NUM 1:21 Yo jwenn karannsimil senksan (46.500) gason pou branch fanmi Woubenn lan.
NUM 1:22 Yo fè menm bagay la tou pou tout lòt branch fanmi yo. Pou branch fanmi Simeyon an,
NUM 1:23 yo jwenn senkantnèfmil twasan (59.300) gason.
NUM 1:24 Pou branch fanmi Gad la,
NUM 1:25 yo jwenn karannsenkmil sisansenkant (45.650) gason.
NUM 1:26 Pou branch fanmi Jida a,
NUM 1:27 yo jwenn swasannkatòzmil sisan (74.600) gason.
NUM 1:28 Pou branch fanmi Isaka a,
NUM 1:29 yo jwenn senkannkatmil katsan (54.400) gason.
NUM 1:30 Pou branch fanmi Zabilon an,31 yo jwenn senkannsètmil katsan (57.400) gason.
NUM 1:31 []
NUM 1:32 Pou branch fanmi Efrayim, premye pitit gason Jozèf la,33 yo jwenn karantmil senksan (40.500) gason.
NUM 1:33 []
NUM 1:34 Pou branch fanmi Manase, dezyèm pitit gason Jozèf la,35 yo jwenn tranndemil desan (32.200) gason.
NUM 1:35 []
NUM 1:36 Pou branch fanmi Benjamen an,37 yo jwenn trannsenkmil katsan (35.400) gason.
NUM 1:37 []
NUM 1:38 Pou branch fanmi Dann lan,39 yo jwenn swasanndemil sètsan (62.700) gason.
NUM 1:39 []
NUM 1:40 Pou branch fanmi Asè a,
NUM 1:41 yo jwenn karanteyenmil senksan (41.500) gason.
NUM 1:42 Pou branch fanmi Neftali a,
NUM 1:43 yo jwenn senkanntwamil katsan (53.400) gason.
NUM 1:44 ¶ Se non tout moun sa yo Moyiz ak Arawon te pran lè sa a. Te gen douz chèf, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la, ki t'ap ede yo nan travay la.
NUM 1:45 Pou tout branch fanmi yo ansanm,
NUM 1:46 yo jwenn sisantwamil senksansenkant (603.550) gason.
NUM 1:47 ¶ Men yo pa t' fè resansman branch fanmi Levi a ansanm ak lòt branch fanmi yo,
NUM 1:48 paske Seyè a te di Moyiz konsa:
NUM 1:49 -Ou pa bezwen fè resansman branch fanmi Levi a. Ou pa bezwen konte moun fanmi Levi yo ansanm ak rès moun pèp Izrayèl yo.
NUM 1:50 Men, w'a mete moun fanmi Levi yo reskonsab Tant Randevou a ak tou sa ki ladan l' ansanm ak tou sa ki pou li. Se yo ki pou pote l' ansanm ak tou sa ki ladan l'. Se yo ki pou sèvi ladan l' epi yo gen pou yo moute kay yo fè wonn Tant Randevou a.
NUM 1:51 Lè pou Tant Bondye a deplase, se moun fanmi Levi yo ki va demoute l'. Lè yo rive kote pou yo rete a, se moun fanmi Levi yo ki va moute l' tou. Nenpòt lòt moun ki pa nan branch fanmi Levi a epi ki ta pwoche bò tant lan, se pou yo touye l'.
NUM 1:52 Lòt moun pèp Izrayèl yo menm va moute tant yo apa, chak fanmi ansanm bò lˆbanyè yo, dapre pozisyon yo nan lame a.
NUM 1:53 Men, moun fanmi Levi yo va moute kay yo fè wonn Tant Randevou a pou kòlè Bondye pa tonbe sou pèp Izrayèl la. Se yo menm tou ki la pou veye sou Tant Randevou a.
NUM 1:54 Moun pèp Izrayèl yo te fè tou sa Seyè a te bay Moyiz lòd fè a. Se konsa yo te fè l' vre.

 


Search the online bible

Back to Jesus Work Ministry main home page

Back to Jesus Work Ministry home for spiritual warfare and Christian deliverance ministry

Back to Jesus Work Ministry home for resources on Christian living

Christian deliverance and Spiritual warfare book 1

Christian deliverance and Spiritual warfare book 2

Christian deliverance and Spiritual warfare book 3

Christian deliverance and Spiritual warfare book 4

Spiritual warfare and Christian deliverance ministry classics

Other spiritual warfare and Christian deliverance resources on Jesus Work Ministry

Christian deliverance and spiritual warfare audio sermons (free Christian MP3 audio downloads)

Read online Bible - Haitian Creole Bible online. Free online bible on SpiritualWarfare.JesusWork.org -An evangelical online ministry website of Jesus Work Ministry revealing biblical truth and recent errors on spiritual warfare and deliverance ministry principles. Wrong spiritual warfare is harmful when practiced. Avoid the snare of end-time false doctrine and its sad consequences. Free deliverance and spiritual warfare books, spiritual warfare sermons, spiritual warfare audio sermons (free Christian mp3 downloads) and other resources reveal what is bible based and false Christian spiritual warfare and Christian deliverance. Spiritual growth and Christian living resources on spiritual warfare and Christian deliverance ministry principles.

Essential resources for fellow evangelicals whether in Pentecostalism, charismatic movement, Baptist, Presbyterian, AG, AME, non-denominations, Christian fundamentalists, moderates and liberals. Non-evangelicals and non-Christians most welcome. The Truth that brings true freedom knows no boundaries. Learn to distinguish between biblical and non-scripture based spiritual warfare, spiritual warfare prayers, deliverance prayers and other areas of deliverance ministry (deliverence ministry) such as casting out demons, binding demons, dealing with territorial spirits, breaking generational curses, etc.

Plus learn the truth on our spiritual armor (spiritual armour), spiritual weapons of warfare, prayer and fasting, the sword of the spirit, pleading the blood of Jesus, spiritual battles, fighting spiritual warfare, familiar spirits, spiritual authority, demonic attacks, demonic possession cases, demonic influence, casting out demons, demonic deliverance, spiritual healing, healing the wounded spirit, biblical financial freedom etc. Solving the confusion on what is spiritual warfare, deliverance ministry and bringing healing to victims of false doctrine practiced by some “deliverance ministries.” Ultimately revealing Christ, and his truth that came to set captives free from deception, spiritual bondage, the curse of the law and so on. “If you hold to my teaching, you are really my disciples. Then you will know the truth, and the truth will set you free,” Jn 8:31-32. “So if the Son sets you free, you will be free indeed,” Jn 8:36.