Back to Haitian Creole Bible online homepage (Contents Page of Online Bible)

 

Numbers 13

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12] [13] [14] [15] [16] [17] [18] [19] [20] [21] [22] [23] [24] [25] [26] [27] [28] [29] [30] [31] [32] [33] [34] [35] [36]

NUM 13:1 ¶ Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
NUM 13:2 -Ou pral chwazi douz nan chèf fanmi pèp Izrayèl yo, yonn pou chak branch fanmi. Ou pral voye yo pou y' al wè ki jan peyi Kanaran an ye, peyi m'ap bay moun Izrayèl yo.
NUM 13:3 Dapre lòd Moyiz te resevwa nan men Seyè a, li pran douz gason ki te chèf fanmi nan pèp Izrayèl la. Antan li te nan dezè Paran an, li voye yo al rekonèt peyi a.
NUM 13:4 Men non yo: Pou branch Woubenn lan, se te Chamwa, pitit gason Zakou a.
NUM 13:5 Pou branch fanmi Simeyon an, se te Chafa, pitit gason Ori a.
NUM 13:6 Pou branch fanmi Jida a, se te Kalèb, pitit gason Jefoune a.
NUM 13:7 Pou branch fanmi Isaka a, se te Jigal, pitit gason Jozèf la.
NUM 13:8 Pou branch fanmi Efrayim lan, se te Oze, pitit gason Noun lan.
NUM 13:9 Pou branch fanmi Benjamen an, se te Palti, pitit gason Rafou a.
NUM 13:10 Pou branch fanmi Zabilon an, se te Gadiyèl, pitit gason Sodi a.
NUM 13:11 Pou branch fanmi Jozèf la, nan branch Manase a, se te Gadi, pitit gason Souzi a.
NUM 13:12 Pou branch fanmi Dann lan, se te Amiyèl, pitit gason Jemali a.
NUM 13:13 Pou branch fanmi Asè a, se te Setou, pitit gason Mikayèl la.
NUM 13:14 Pou branch fanmi Neftali a, se te Nakbi, pitit gason Wopsi a.
NUM 13:15 Pou branch fanmi Gad la, se te Geouyèl, pitit gason Maki a.
NUM 13:16 Se te non douz mesye Moyiz te voye al rekonèt peyi Kanaran an. Moyiz te chanje non Oze, pitit gason Noun lan, li rele l' Jozye.
NUM 13:17 Lè Moyiz voye yo ale nan peyi Kanaran an, li di yo: -Moute nan peyi a. N'a pase pa Negèv la, n'a pran chemen mòn pou nou.
NUM 13:18 Ale gade peyi a. Chache konnen ki jan li ye, ki kalite moun ki rete ladan l', konbe yo ye, ak ki fòs yo.
NUM 13:19 Chache konnen si tè a se yon bon tè osinon yon move tè, si moun yo rete nan lavil ki gen ranpa pou pwoteje yo osinon nan kan anba tant twal.
NUM 13:20 Chache konnen si peyi a rich osinon pòv, si gen anpil pyebwa sou tè a ou si pa genyen. Nou pa bezwen pè anyen. Lè n'ap tounen, pote kèk nan fwi ki donnen laba a. Se te sezon rezen te konmanse ap mi.
NUM 13:21 ¶ Se konsa mesye yo moute, y' al chache konnen tout bagay ki gen nan peyi a, depi dezè Zin ki nan sid peyi a rive jouk Reyòb toupre pas Amat la, nan nò.
NUM 13:22 Yo travèse zòn Negèv la, yo rive lavil Ebwon kote moun Ayiman yo, moun Chechayi yo ak moun Talmayi yo rete. Yo tout te fè pati ras moun Anak yo. Ebwon sa a, se yon lavil ki te bati sètan anvan yo te bati lavil Zoan nan peyi Lejip.
NUM 13:23 Yo rive nan ravin Echkòl, yo koupe yon branch rezen ki te gen yon sèl gwo grap rezen nan li. Yo mete l' sou yon gòl pou de moun te ka pote l' sou zepòl yo, si tèlman li te lou. Yo pote grenad ak fig frans tou.
NUM 13:24 Yo rele kote sa a Ravin Echkòl, poutèt gwo grap rezen moun pèp Izrayèl yo te koupe la a.
NUM 13:25 Apre karant jou, lè yo fin vizite toupatou nan peyi a, yo tounen,
NUM 13:26 ¶ yo vin jwenn Moyiz, Arawon ak tout moun pèp Izrayèl yo Kadès, nan dezè Paran an. Yo detaye ba yo tou sa yo te wè, yo moutre yo fwi yo te pote yo.
NUM 13:27 Yo di Moyiz konsa: -Nou vizite toupatou nan peyi ou te voye nou al chache konnen an. Se yon peyi ki rich anpil, kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Se vre wi. Gade fwi nou jwenn ladan l'.
NUM 13:28 Men, moun ki rete nan peyi a gwonèg anpil. Lavil yo gran, yo byen pwoteje. Sa ki pi rèd nou wè yon kalite ras moun gwonèg bèl wotè.
NUM 13:29 Moun Amalèk yo rete nan sid peyi a, nan zòn Negèv la. Moun It yo, moun Jebis yo ak moun Amon yo rete nan mòn yo. Moun Kanaran yo rete bò lanmè Mediterane a ak bò larivyè Jouden an.
NUM 13:30 Kalèb fè moun yo sispann bougonnen sou do Moyiz, li di yo konsa: -Ann moute koulye a. Ann al pran peyi a pou nou. Pa gen anyen la a nou pa ka fè!
NUM 13:31 Men mesye ki te moute ansanm ak Kalèb yo di konsa: -Non. Nou pa ka al atake moun sa yo. Yo pi fò pase nou.
NUM 13:32 Se konsa yo pran pale mal sou peyi yo te al vizite a devan pèp Izrayèl la. Yo t'ap di: -Peyi nou ta l' vizite a, peyi nou ta l' chache konnen an, se yon peyi ki pa menm bay kont manje pou moun k'ap viv sou li yo. Epi, tout moun nou wè la se moun ki wo anpil.
NUM 13:33 Sa ki pi rèd, nou wè yon kalite gwonèg bèl wotè, moun ras Anak yo. Devan moun sa yo se krebete nou ye, tèlman nou piti. Se konsa nou te santi nou devan yo.

 


Search the online bible

Back to Jesus Work Ministry main home page

Back to Jesus Work Ministry home for spiritual warfare and Christian deliverance ministry

Back to Jesus Work Ministry home for resources on Christian living

Christian deliverance and Spiritual warfare book 1

Christian deliverance and Spiritual warfare book 2

Christian deliverance and Spiritual warfare book 3

Christian deliverance and Spiritual warfare book 4

Spiritual warfare and Christian deliverance ministry classics

Other spiritual warfare and Christian deliverance resources on Jesus Work Ministry

Christian deliverance and spiritual warfare audio sermons (free Christian MP3 audio downloads)

Read online Bible - Haitian Creole Bible online. Free online bible on SpiritualWarfare.JesusWork.org -An evangelical online ministry website of Jesus Work Ministry revealing biblical truth and recent errors on spiritual warfare and deliverance ministry principles. Wrong spiritual warfare is harmful when practiced. Avoid the snare of end-time false doctrine and its sad consequences. Free deliverance and spiritual warfare books, spiritual warfare sermons, spiritual warfare audio sermons (free Christian mp3 downloads) and other resources reveal what is bible based and false Christian spiritual warfare and Christian deliverance. Spiritual growth and Christian living resources on spiritual warfare and Christian deliverance ministry principles.

Essential resources for fellow evangelicals whether in Pentecostalism, charismatic movement, Baptist, Presbyterian, AG, AME, non-denominations, Christian fundamentalists, moderates and liberals. Non-evangelicals and non-Christians most welcome. The Truth that brings true freedom knows no boundaries. Learn to distinguish between biblical and non-scripture based spiritual warfare, spiritual warfare prayers, deliverance prayers and other areas of deliverance ministry (deliverence ministry) such as casting out demons, binding demons, dealing with territorial spirits, breaking generational curses, etc.

Plus learn the truth on our spiritual armor (spiritual armour), spiritual weapons of warfare, prayer and fasting, the sword of the spirit, pleading the blood of Jesus, spiritual battles, fighting spiritual warfare, familiar spirits, spiritual authority, demonic attacks, demonic possession cases, demonic influence, casting out demons, demonic deliverance, spiritual healing, healing the wounded spirit, biblical financial freedom etc. Solving the confusion on what is spiritual warfare, deliverance ministry and bringing healing to victims of false doctrine practiced by some “deliverance ministries.” Ultimately revealing Christ, and his truth that came to set captives free from deception, spiritual bondage, the curse of the law and so on. “If you hold to my teaching, you are really my disciples. Then you will know the truth, and the truth will set you free,” Jn 8:31-32. “So if the Son sets you free, you will be free indeed,” Jn 8:36.