Back to Haitian Creole Bible online homepage (Contents Page of Online Bible)

 

Numbers 33

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12] [13] [14] [15] [16] [17] [18] [19] [20] [21] [22] [23] [24] [25] [26] [27] [28] [29] [30] [31] [32] [33] [34] [35] [36]

NUM 33:1 ¶ Men non tout kote moun Izrayèl yo te pase depi apre yo tout te soti kite peyi Lejip tankou yon lame, avèk Moyiz ak Arawon alatèt yo.
NUM 33:2 Dapre lòd Seyè a te bay Moyiz, chak kote yo te rive, li te make non kote a anvan yo reprann vwayaj yo.
NUM 33:3 Moun pèp Izrayèl yo te kite lavil Ranmsès jou ki te kenzyèm jou nan premye mwa a, yon jou apre premye Fèt Delivrans lan. Yo soti kite peyi a devan je tout moun peyi Lejip yo san pesonn pa di yo anyen.
NUM 33:4 Lè sa a, moun peyi Lejip yo t'ap antere premye pitit gason yo. Se Seyè a menm ki te touye yo. Se konsa li te fè wè li gen plis pouvwa pase bondye moun peyi Lejip yo
NUM 33:5 Moun pep Izrayèl yo kite lavil Ranmsès, yo rive yon kote ki rele Soukòt. Se la yo moute kan yo.
NUM 33:6 Apre sa, yo kite Soukòt, y' al moute kan yo Etam ki sou limit dezè a.
NUM 33:7 Yo kite Elam, yo tounen sou Pi ayiwòt, ki anfas Baal-Sefon, bò solèy leve, epi yo moute kan yo devan Migdòl.
NUM 33:8 Yo kite Pi ayiwòt, yo travèse Lanmè Wouj la, yo rive nan dezè a. Yo pase twa jou ap mache nan dezè Etam lan, yo rive Mara kote yo moute kan yo.
NUM 33:9 Yo kite Mara, yo rive Elim kote ki te gen douz sous dlo ak swasanndis pye palmis. Yo moute kan yo la.
NUM 33:10 Yo kite Elim, y' al moute kan yo toupre Lanmè Wouj la.
NUM 33:11 Yo kite Lanmè Wouj, y' al moute kan yo nan dezè Zin lan.
NUM 33:12 Yo kite dezè Zin lan, y' al moute kan yo Dofka.
NUM 33:13 Yo kite Dofka, y' al moute kan yo Alouch.
NUM 33:14 Yo kite Alouch, y' al moute kan yo Refidim kote pèp la pa t' jwenn dlo pou yo bwè a.
NUM 33:15 Yo kite Refidim, y' al moute kan yo nan dezè Sinayi a.
NUM 33:16 Yo kite dezè Sinayi a, y' al moute kan yo Simityè Grangou.
NUM 33:17 Yo kite Simityè Grangou, y' al moute kan yo Azewòt.
NUM 33:18 Yo kite Azewòt, y' al moute kan yo Ritma.
NUM 33:19 Yo kite Ritma, y' al moute kan yo Rimonn Perèz.
NUM 33:20 Yo kite Rimonn Perèz, y' al moute kan yo Libna.
NUM 33:21 Yo kite Libna, y' al moute kan yo Risa.
NUM 33:22 Yo kite Risa, y' al moute kan yo Keyelata.
NUM 33:23 Yo kite Keyelata, y' al moute kan yo sou mòn Chefè a.
NUM 33:24 Yo kite mòn Chefè a, y' al moute kan yo Arada.
NUM 33:25 Yo kite Arada, y' al moute kan yo Makelòt.
NUM 33:26 Yo kite Makelòt, y' al moute kan yo Tayat.
NUM 33:27 Yo kite Tayat, y' al moute kan yo Tara.
NUM 33:28 Yo kite Tara, y' al moute kan yo Mitka.
NUM 33:29 Yo kite Mitka, y' al moute kan yo Asmona.
NUM 33:30 Yo kite Asmona, y' al moute kan yo Mosewòt.
NUM 33:31 Yo kite Mosewòt, y' al moute kan yo Benè-Jakan.
NUM 33:32 Yo kite Benè-Jakan, y' al moute kan yo Ogidgad.
NUM 33:33 Yo kite Ogidgad, y' al moute kan yo Jotbata.
NUM 33:34 Yo kite Jotbata, y' al moute kan yo Abwona.
NUM 33:35 Yo kite Abwona, y' al moute kan yo Ezyongebè.
NUM 33:36 Yo kite Ezyongebè, y' al moute kan yo nan dezè Zin lan, ki vle di Kadès.
NUM 33:37 Yo kite Kadès, y' al moute kan yo sou mòn Or, toupre fwontyè peyi Edon an.
NUM 33:38 Dapre lòd Seyè a te bay la, Arawon, prèt la, moute sou tèt mòn lan. Se la li mouri. Lè sa a, moun pèp Izrayèl yo te gen trantnevan kat mwa yon jou depi yo te soti kite peyi Lejip.
NUM 33:39 Lè Arawon mouri sou mòn Or la, li te gen sanvenntwazan sou tèt li.
NUM 33:40 Wa Arad, yon moun Kanaran ki te rete nan pati sid peyi Kanaran yo rele Negèv la, vin konnen moun Izrayèl yo t'ap rive.
NUM 33:41 Se konsa, moun Izrayèl yo kite Mòn Or la, y' al moute kan yo Zalmona.
NUM 33:42 Yo kite Zalmona, y' al moute kan yo Pounon.
NUM 33:43 Yo kite Pounon, y' al moute kan yo Obòt.
NUM 33:44 Yo kite Obòt, y' al moute kan yo Ije abrarim nan peyi Moab la.
NUM 33:45 Yo kite Ije abrarim nan peyi Moab la, y' al moute kan yo Dibon Gad.
NUM 33:46 Yo kite Dibon Gad, y' al moute kan yo Almon-Diblatayim.
NUM 33:47 Yo kite Almon-Diblatayim, y' al moute kan yo sou mòn Abarim yo, anfas Mòn Nebò, bò solèy leve.
NUM 33:48 Yo kite mòn Abarim yo, y' al moute kan yo nan plenn Moab yo, lòt bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko.
NUM 33:49 Yo te moute kan yo nan tout plenn Moab yo, toupre larivyè Jouden an, depi Bèt ayechimòt jouk Abèl-Chitim.
NUM 33:50 ¶ Antan yo la nan plenn Moab yo, toupre larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko, Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
NUM 33:51 -Men sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo pou mwen. Lè n'a janbe lòt bò larivyè Jouden pou nou antre nan peyi Kanaran an,
NUM 33:52 se pou nou mete tout moun ki rete nan peyi a deyò. N'a kraze tout estati zidòl yo fè nan moul, osinon ki fèt ak wòch, n'a demoli mete atè dènye kay kote moun yo fè sèvis pou bondye yo.
NUM 33:53 N'a pran peyi a pou nou, n'a rete ladan l' paske se mwen menm ki ban nou li pou bitasyon nou.
NUM 33:54 N'a tire osò pou nou ka separe l' bay chak branch fanmi pa yo. N'a bay branch fanmi ki anpil la yon gwo pòsyon. N'a bay branch fanmi ki pa anpil la yon ti pòsyon. Chak branch fanmi va resevwa pòsyon ki va vin pou l' a. Se konsa n'a separe tè a bay chak branch fanmi zansèt nou yo pa yo.
NUM 33:55 Men, si nou pa mete moun ki rete nan peyi a deyò, sa ki va rete yo pral ban nou gwo pwoblèm. Y'ap tankou yon pay ki tonbe nan je nou, osinon tankou pikan k'ap pike nou nan tout kò nou. Yo pral tounen yon tizon pou nou lè n'a fin tabli nan peyi a.
NUM 33:56 Lè sa a, sa m' te fè lide fè yo a, se nou m'ap fè l'.

 


Search the online bible

Back to Jesus Work Ministry main home page

Back to Jesus Work Ministry home for spiritual warfare and Christian deliverance ministry

Back to Jesus Work Ministry home for resources on Christian living

Christian deliverance and Spiritual warfare book 1

Christian deliverance and Spiritual warfare book 2

Christian deliverance and Spiritual warfare book 3

Christian deliverance and Spiritual warfare book 4

Spiritual warfare and Christian deliverance ministry classics

Other spiritual warfare and Christian deliverance resources on Jesus Work Ministry

Christian deliverance and spiritual warfare audio sermons (free Christian MP3 audio downloads)

Read online Bible - Haitian Creole Bible online. Free online bible on SpiritualWarfare.JesusWork.org -An evangelical online ministry website of Jesus Work Ministry revealing biblical truth and recent errors on spiritual warfare and deliverance ministry principles. Wrong spiritual warfare is harmful when practiced. Avoid the snare of end-time false doctrine and its sad consequences. Free deliverance and spiritual warfare books, spiritual warfare sermons, spiritual warfare audio sermons (free Christian mp3 downloads) and other resources reveal what is bible based and false Christian spiritual warfare and Christian deliverance. Spiritual growth and Christian living resources on spiritual warfare and Christian deliverance ministry principles.

Essential resources for fellow evangelicals whether in Pentecostalism, charismatic movement, Baptist, Presbyterian, AG, AME, non-denominations, Christian fundamentalists, moderates and liberals. Non-evangelicals and non-Christians most welcome. The Truth that brings true freedom knows no boundaries. Learn to distinguish between biblical and non-scripture based spiritual warfare, spiritual warfare prayers, deliverance prayers and other areas of deliverance ministry (deliverence ministry) such as casting out demons, binding demons, dealing with territorial spirits, breaking generational curses, etc.

Plus learn the truth on our spiritual armor (spiritual armour), spiritual weapons of warfare, prayer and fasting, the sword of the spirit, pleading the blood of Jesus, spiritual battles, fighting spiritual warfare, familiar spirits, spiritual authority, demonic attacks, demonic possession cases, demonic influence, casting out demons, demonic deliverance, spiritual healing, healing the wounded spirit, biblical financial freedom etc. Solving the confusion on what is spiritual warfare, deliverance ministry and bringing healing to victims of false doctrine practiced by some “deliverance ministries.” Ultimately revealing Christ, and his truth that came to set captives free from deception, spiritual bondage, the curse of the law and so on. “If you hold to my teaching, you are really my disciples. Then you will know the truth, and the truth will set you free,” Jn 8:31-32. “So if the Son sets you free, you will be free indeed,” Jn 8:36.