Back to Haitian Creole Bible online homepage (Contents Page of Online Bible)

 

Numbers 7

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12] [13] [14] [15] [16] [17] [18] [19] [20] [21] [22] [23] [24] [25] [26] [27] [28] [29] [30] [31] [32] [33] [34] [35] [36]

NUM 7:1 ¶ Jou Moyiz te fin moute kay Bondye a, li vide lwil sou li pou mete l' apa pou Bondye, li fè sèvis pou mete l' apa pou Bondye ansanm ak tout bagay ki mache avè l' nan tant lan, lotèl la ak tout bagay ki sèvi sou lotèl la.
NUM 7:2 Apre sa, chèf fanmi moun Izrayèl yo, chèf douz branch fanmi pèp Izrayèl la, vin pote ofrann yo. Se chèf sa yo ki te reskonsab fè resansman an.
NUM 7:3 Men sa yo te ofri bay Seyè a: sis kabwa ak douz towo bèf, ki vle di yon kabwa pou chak de chèf ak yon bèf pou chak chèf. Yo mennen yo devan kay Bondye a epi yo ofri yo bay Bondye.
NUM 7:4 Lè sa a, Seyè a di Moyiz konsa:
NUM 7:5 -Ou mèt asepte kado sa yo nan men yo. W'a sèvi ak yo nan travay ki gen pou fèt nan Tant Randevou a. W'a bay moun fanmi Levi yo kabwa yo, dapre travay ki sou kont yo.
NUM 7:6 Se konsa, Moyiz pran kabwa yo ak bèf yo, li bay moun Levi yo.
NUM 7:7 Li bay moun fanmi Gèchon yo de kabwa ak kat bèf, dapre travay li konnen ki sou kont yo.
NUM 7:8 Li bay moun fanmi Merari yo kat kabwa ak wit bèf, dapre travay li konnen ki sou kont yo, travay pou yo fè sou lòd Itama, pitit Arawon, prèt la.
NUM 7:9 Men li pa bay noun Keyat yo anyen, paske se sou zepòl yo pou yo pote tout bagay ki nan kote ki apa nèt pou Bondye a.
NUM 7:10 ¶ Chèf yo te fè lòt ofrann pou lotèl la, jou yo t'ap vide lwil sou li pou mete l' apa pou sèvis Bondye a. Yo mete ofrann yo devan lotèl la.
NUM 7:11 Seyè a di Moyiz konsa: -Chèf yo va pote ofrann yo pou sèvis y'ap fè pou mete lotèl la apa pou mwen. Y'a vini yonn apre lòt, yonn chak jou.
NUM 7:12 Chèf yo vini vre, yo fè ofrann yo yonn apre lòt. Premye jou a, se te tou pa Nakchon, pitit gason Aminadab la, chèf branch fanmi Jida a.
NUM 7:13 Men sa li te ofri: yon bòl an ajan ki peze twa liv enka, yon plat an ajan ki peze yon liv twaka, dapre sistèm yo sèvi nan tanp lan. Ni bòl la ni plat la te plen farin frans melanje ak lwil ki te sèvi pou ofrann grenn jaden yo.
NUM 7:14 Li te ofri tou yon kiyè an lò, ki peze yon ka liv, plen lansan,
NUM 7:15 yon jenn ti towo bèf, yon belye mouton ak yon ti mouton ki poko gen ennan, tou sa pou yo boule nèt pou Seyè a.
NUM 7:16 Li te ofri ankò yon bouk pou yo touye pou repare sa yo fè ki mal,
NUM 7:17 de towo, senk belye, senk bouk, senk ti mouton ki poko gen ennan pou ofrann pou di Bondye mèsi. Se ofrann sa a Nakchon, pitit gason Anminadab la, te ofri bay Seyè a.
NUM 7:18 Dezyèm jou a, se te tou pa Netanèl, pitit gason Zwa a, chèf branch fanmi Isaka a.
NUM 7:19 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:20 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:21 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:22 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:23 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:24 Twazyèm jou a, se te tou pa Eliyab, pitit gason Elon an, chèf branch fanmi Zabilon an.
NUM 7:25 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:26 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:27 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:28 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:29 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:30 Katriyèm jou a, se te pou pa Elizou, pitit gason Chedeyou a, chèf branch fanmi Woubenn lan.
NUM 7:31 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:32 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:33 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:34 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:35 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:36 Senkyèm jou a, se te tou pa Cheloumyèl, pitit gason Sourichadayi a, chèf branch fanmi Simeyon an.
NUM 7:37 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:38 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:39 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:40 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:41 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:42 Sizyèm jou a, se te tou pa Elyasaf, pitit gason Dewèl la, chèf branch fanmi Gad la.
NUM 7:43 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:44 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:45 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:46 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:47 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:48 Setyèm jou a, se te tou pa Elichama, pitit gason Amiyoud la, chèf branch fanmi Efrayim lan.
NUM 7:49 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:50 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:51 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:52 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:53 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:54 Uityèm jou a, se te tou pa Gamliyèl, pitit gason Pedachou a, chèf branch fanmi Manase a.
NUM 7:55 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:56 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:57 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:58 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:59 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:60 Nevyèm jou a, se te tou pa Abidan, pitit gason Gideyoni an, chèf branch fanmi Benjamen an.
NUM 7:61 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:62 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:63 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:64 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:65 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:66 Dizyèm jou a, se te tou pa Ayezè, pitit gason Amichadayi a, chèf branch fanmi Dann lan.
NUM 7:67 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:68 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:69 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:70 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:71 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:72 Onzyèm jou a, se te tou pa Pagiyèl, pitit gason Okran an, chèf branch fanmi Asè a.
NUM 7:73 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:74 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:75 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:76 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:77 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:78 Douzyèm jou a, se te tou pa Ayira, pitit gason Enan an, chèf branch fanmi Neftali a.
NUM 7:79 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:80 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:81 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:82 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:83 Li ofri menm bagay ak Nakchon.
NUM 7:84 Men ofrann tout chèf yo te pote pou lotèl la, jou yo t'ap vide lwil sou li pou mete l' apa pou sèvis Bondye a: douz bòl an ajan, douz plat an ajan, douz kiyè an lò.
NUM 7:85 Chak bòl an ajan te peze twa liv enka, chak plat an ajan te peze yon liv twaka. Sa te fè antou swasant liv ajan, dapre sistèm yo sèvi nan tanp lan.
NUM 7:86 Chak kiyè an lò pou lansan an te peze yon ka liv, dapre sistèm pèz yo sèvi nan kay Bondye a. Sa te fè antou pou douz kiyè yo twa liv lò.
NUM 7:87 Men kantite bèt yo te ofri antou pou boule nèt pou Seyè a ansanm ak ofrann grenn jaden ki mache ak yo: douz towo, douz belye, douz ti mouton ki poko gen ennan. Yo te bay douz bouk tou pou yo touye pou repare sa yo fè ki mal.
NUM 7:88 Men kantite bèt yo te ofri an total pou di Bondye mèsi: vennkat jenn ti towo, swasant belye, swasant bouk ak swasant ti mouton ki poko gen ennan. Se ofrann sa a yo te fè pou mete lotèl la apa nèt pou sèvis Seyè a, apre yo te fin vide lwil sou li.
NUM 7:89 Chak fwa Moyiz te antre nan Tant Randevou a pou l' pale ak Seyè a, li te tande vwa Seyè a ki t'ap pale avè l' anwo kouvèti espesyal ki sou Bwat Kontra a, nan mitan de zanj cheriben yo.

 


Search the online bible

Back to Jesus Work Ministry main home page

Back to Jesus Work Ministry home for spiritual warfare and Christian deliverance ministry

Back to Jesus Work Ministry home for resources on Christian living

Christian deliverance and Spiritual warfare book 1

Christian deliverance and Spiritual warfare book 2

Christian deliverance and Spiritual warfare book 3

Christian deliverance and Spiritual warfare book 4

Spiritual warfare and Christian deliverance ministry classics

Other spiritual warfare and Christian deliverance resources on Jesus Work Ministry

Christian deliverance and spiritual warfare audio sermons (free Christian MP3 audio downloads)

Read online Bible - Haitian Creole Bible online. Free online bible on SpiritualWarfare.JesusWork.org -An evangelical online ministry website of Jesus Work Ministry revealing biblical truth and recent errors on spiritual warfare and deliverance ministry principles. Wrong spiritual warfare is harmful when practiced. Avoid the snare of end-time false doctrine and its sad consequences. Free deliverance and spiritual warfare books, spiritual warfare sermons, spiritual warfare audio sermons (free Christian mp3 downloads) and other resources reveal what is bible based and false Christian spiritual warfare and Christian deliverance. Spiritual growth and Christian living resources on spiritual warfare and Christian deliverance ministry principles.

Essential resources for fellow evangelicals whether in Pentecostalism, charismatic movement, Baptist, Presbyterian, AG, AME, non-denominations, Christian fundamentalists, moderates and liberals. Non-evangelicals and non-Christians most welcome. The Truth that brings true freedom knows no boundaries. Learn to distinguish between biblical and non-scripture based spiritual warfare, spiritual warfare prayers, deliverance prayers and other areas of deliverance ministry (deliverence ministry) such as casting out demons, binding demons, dealing with territorial spirits, breaking generational curses, etc.

Plus learn the truth on our spiritual armor (spiritual armour), spiritual weapons of warfare, prayer and fasting, the sword of the spirit, pleading the blood of Jesus, spiritual battles, fighting spiritual warfare, familiar spirits, spiritual authority, demonic attacks, demonic possession cases, demonic influence, casting out demons, demonic deliverance, spiritual healing, healing the wounded spirit, biblical financial freedom etc. Solving the confusion on what is spiritual warfare, deliverance ministry and bringing healing to victims of false doctrine practiced by some “deliverance ministries.” Ultimately revealing Christ, and his truth that came to set captives free from deception, spiritual bondage, the curse of the law and so on. “If you hold to my teaching, you are really my disciples. Then you will know the truth, and the truth will set you free,” Jn 8:31-32. “So if the Son sets you free, you will be free indeed,” Jn 8:36.