Back to Haitian Creole Bible online homepage (Contents Page of Online Bible)

 

Numbers 34

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12] [13] [14] [15] [16] [17] [18] [19] [20] [21] [22] [23] [24] [25] [26] [27] [28] [29] [30] [31] [32] [33] [34] [35] [36]

NUM 34:1 ¶ Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
NUM 34:2 -Men lòd w'a bay moun Izrayèl yo pou mwen. Lè n'a antre nan peyi Kanaran mwen pral ban nou an, men fwontyè ki pral limite peyi a.
NUM 34:3 Sou bò sid la, n'a gen dezè Zin ki toupre Edon an pou limit. Fwontyè a va konmanse bò solèy leve nan pwent sid Lanmè Sale a.
NUM 34:4 L'a chankre desann nan direksyon sid bò pas Eskòpyon yo, l'a travèse dezè Zin lan, jouk li rive anba nèt bò Kadès-Banea. L'a pran direksyon nò, l'a moute bò Aza ada, l'a rive Achmon,
NUM 34:5 l'a chankre bò ravin ki sèvi fwontyè ak peyi Lejip la, epi l'a bout nan Lanmè Mediterane.
NUM 34:6 Sou bò solèy kouche, teritwa a nou an va rive jouk sou rivaj gwo lanmè a. Se Lanmè Mediterane a ki va sèvi nou fwontyè.
NUM 34:7 Sou bò nò a, fwontyè a va swiv yon liy dwat ki soti depi gwo lanmè a rive sou mòn Or la.
NUM 34:8 Antan nou la, n'a trase yon liy dwat ankò jouk nou rive nan Pas Amat la, ale pi lwen toujou jouk nou rive Zedad.
NUM 34:9 N'a pouse pi lwen toujou nan direksyon Zifwon jouk nou rive Aza-Enan. Men fwontyè nou sou bò nò a.
NUM 34:10 Fwontyè sou bò solèy leve a va soti Aza-Enan pou rive Chefam.
NUM 34:11 L'a desann soti Chefam nan direksyon Ribla, sou kote Ayen bò solèy leve. L'a desann pi ba toujou jouk l'a rive sou rivaj lanmè Galile a, sou bò solèy leve.
NUM 34:12 Fwontyè a va swiv larivyè Jouden an pou l' al bout sou lanmè Sale a. Men fwontyè k'ap limite peyi nou an sou kat bò.
NUM 34:13 Moyiz bay moun Izrayèl yo lòd sa yo: -Men peyi nou pral separe yonn ak lòt la. Nou pral tire osò pou fè sa. Men peyi Seyè a bay pou nèf branch fanmi ak mwatye yon branch fanmi nan pèp Izrayèl la.
NUM 34:14 Branch fanmi Woubenn lan ak branch fanmi Gad la ansanm ak mwatye nan branch fanmi Manase a deja resevwa tè pa yo, chak fanmi apa.
NUM 34:15 Yo resevwa pòsyon tè pa yo ki anfas lavil Jeriko, lòt bò larivyè Jouden, sou bò solèy leve.
NUM 34:16 ¶ Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
NUM 34:17 -Men non moun ki pral fè pataj tè a pou nou: se va Eleaza, prèt la, Jozye, pitit gason Noun lan,
NUM 34:18 avèk douz chèf n'a chwazi pou fè pataj la, yonn nan chak branch fanmi.
NUM 34:19 Men non chèf yo. Pou branch fanmi Jida a, se va Kalèb, pitit gason Jefoune a.
NUM 34:20 Pou branch fanmi Simeyon an, se va Chemwèl, pitit gason Amiyoud la.
NUM 34:21 Pou branch fanmi Benjamen an, se va Elidad, pitit gason Kislòn lan.
NUM 34:22 Pou branch fanmi Dann lan, se va chèf Bouki, pitit gason Jogli a.
NUM 34:23 Pou branch fanmi Jozèf la, va gen chèf Aniyèl, pitit gason Efòd la, pou fanmi Manase a,
NUM 34:24 ak chèf Kemwèl, pitit gason Chiftan an, pou fanmi Efrayim lan.
NUM 34:25 Pou branch fanmi Zabilon an, se va chèf Elichafan, pitit gason Panak la.
NUM 34:26 Pou branch fanmi Isaka a, se va chèf Paltiyèl, pitit gason Azan an.
NUM 34:27 Pou branch fanmi Asè a, se va chèf Akiyoul, pitit gason Chelomi a.
NUM 34:28 Pou branch fanmi Neftali a, se va chèf Pedayèl, pitit gason Amiyoud la.
NUM 34:29 Men moun Seyè a te mete reskonsab pou fè pataj tè a pou bay chak moun nan pèp Izrayèl la pòsyon pa yo nan peyi Kanaran.

 


Search the online bible

Back to Jesus Work Ministry main home page

Back to Jesus Work Ministry home for spiritual warfare and Christian deliverance ministry

Back to Jesus Work Ministry home for resources on Christian living

Christian deliverance and Spiritual warfare book 1

Christian deliverance and Spiritual warfare book 2

Christian deliverance and Spiritual warfare book 3

Christian deliverance and Spiritual warfare book 4

Spiritual warfare and Christian deliverance ministry classics

Other spiritual warfare and Christian deliverance resources on Jesus Work Ministry

Christian deliverance and spiritual warfare audio sermons (free Christian MP3 audio downloads)

Read online Bible - Haitian Creole Bible online. Free online bible on SpiritualWarfare.JesusWork.org -An evangelical online ministry website of Jesus Work Ministry revealing biblical truth and recent errors on spiritual warfare and deliverance ministry principles. Wrong spiritual warfare is harmful when practiced. Avoid the snare of end-time false doctrine and its sad consequences. Free deliverance and spiritual warfare books, spiritual warfare sermons, spiritual warfare audio sermons (free Christian mp3 downloads) and other resources reveal what is bible based and false Christian spiritual warfare and Christian deliverance. Spiritual growth and Christian living resources on spiritual warfare and Christian deliverance ministry principles.

Essential resources for fellow evangelicals whether in Pentecostalism, charismatic movement, Baptist, Presbyterian, AG, AME, non-denominations, Christian fundamentalists, moderates and liberals. Non-evangelicals and non-Christians most welcome. The Truth that brings true freedom knows no boundaries. Learn to distinguish between biblical and non-scripture based spiritual warfare, spiritual warfare prayers, deliverance prayers and other areas of deliverance ministry (deliverence ministry) such as casting out demons, binding demons, dealing with territorial spirits, breaking generational curses, etc.

Plus learn the truth on our spiritual armor (spiritual armour), spiritual weapons of warfare, prayer and fasting, the sword of the spirit, pleading the blood of Jesus, spiritual battles, fighting spiritual warfare, familiar spirits, spiritual authority, demonic attacks, demonic possession cases, demonic influence, casting out demons, demonic deliverance, spiritual healing, healing the wounded spirit, biblical financial freedom etc. Solving the confusion on what is spiritual warfare, deliverance ministry and bringing healing to victims of false doctrine practiced by some “deliverance ministries.” Ultimately revealing Christ, and his truth that came to set captives free from deception, spiritual bondage, the curse of the law and so on. “If you hold to my teaching, you are really my disciples. Then you will know the truth, and the truth will set you free,” Jn 8:31-32. “So if the Son sets you free, you will be free indeed,” Jn 8:36.