Back to Haitian Creole Bible online homepage (Contents Page of Online Bible)

 

Numbers 35

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12] [13] [14] [15] [16] [17] [18] [19] [20] [21] [22] [23] [24] [25] [26] [27] [28] [29] [30] [31] [32] [33] [34] [35] [36]

NUM 35:1 ¶ Antan yo nan plenn Moab yo, lòt bò larivyè Jouden, sou bò solèy leve anfas lavil Jeriko, Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
NUM 35:2 -W'a bay moun pèp Izrayèl yo lòd pou yo pran nan pòsyon tè yo resevwa a kèk lavil pou yo bay moun Levi yo pou yo rete, ansanm ak savann ki toutotou lavil sa yo pou yo ka fè gadinaj.
NUM 35:3 Se nan lavil sa yo moun Levi yo va rete. Savann sa yo va rete pou yo, y'a sèvi pou zannimo yo ak pou tout lòt bèt y'a genyen.
NUM 35:4 Savann yo va toutotou lavil yo. Y'a mezire mil senksan (1.500) pye depi ranpa lavil la nan chak direksyon.
NUM 35:5 Konsa, savann yo va fè yon gwo teren kare kare ki va mezire twamil (3.000) pye sou chak bò: twamil pye sou bò lès, twamil pye sou bò lwès, twamil pye sou bò nò, twamil pye sou bò sid ak lavil la nan mitan l'. Y'a sèvi kote pou bèt moun Levi ki rete nan lavil la jwenn manje.
NUM 35:6 Nan lavil n'a bay moun Levi yo, gen sis ladan yo ki va sèvi pou bay moun ki touye moun pwoteksyon. Apa sis lavil sa yo, n'a bay moun Levi yo karannde lòt lavil ankò.
NUM 35:7 Antou, se pou nou bay moun Levi yo karantwit lavil ak tout savann pou bèt yo.
NUM 35:8 Lè n'ap wete nan pòsyon ki pou pèp Izrayèl la lavil pou moun Levi yo, chak fanmi va bay dapre pòsyon tè li te resevwa. Sa ki gen pi gwo pòsyon an va bay plis. Sa ki gen ti pòsyon an va bay mwens.
NUM 35:9 ¶ Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
NUM 35:10 -Pale ak moun pèp Izrayèl yo, di yo pou mwen. Lè n'a janbe lòt bò larivyè Jouden an pou nou antre nan peyi Kanaran an,
NUM 35:11 se pou nou chwazi kèk lavil kote yon moun ki touye yon lòt san li pa fè espre ka kouri chache pwoteksyon.
NUM 35:12 Se la y'a pwoteje l' anba fanmi mò a ki ta chache tire revanj mò a. Yo p'ap gen dwa touye l' toutotan yo pa jije l' devan tout moun.
NUM 35:13 Nan lavil n'a bay moun Levi yo, sis va sèvi pou bay moun konsa pwoteksyon,
NUM 35:14 twa lòt bò larivyè Jouden an sou bò solèy leve, twa bò isit nan peyi Kanaran an.
NUM 35:15 Sis lavil sa yo va sèvi ni pou moun peyi a ni pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou osinon ki depasaj. Se la tout moun ki touye yon lòt san fè espre va kouri chache pwoteksyon.
NUM 35:16 Si yon moun frape yon lòt ak yon bout fè epi li touye l', se ansasen li ye, se pou yo touye l' tou.
NUM 35:17 Si yon moun bay yon lòt yon kout wòch epi li touye l', se ansasen li ye, se pou yo touye l' tou.
NUM 35:18 Si yon moun bay yon lòt yon kout bwa epi li touye l', se ansasen li ye, se pou yo touye l' tou.
NUM 35:19 Moun ki fanmi pi pre moun yo touye a va reskonsab pou li touye ansasen an, nenpòt kilè li bare avè l'.
NUM 35:20 Si yon moun rayi yon lòt epi li ba li yon move bourad pou li touye l', osinon si li voye yon bagay dèyè l' pou touye l',
NUM 35:21 oswa ankò, paske li pa vle wè l' li bat li ak koutpwen pou l' touye l', epi li touye l' vre, li gen pou l' mouri tou. Se yon ansasen li ye. Moun ki fanmi pi pre moun li touye a va reskonsab pou touye l' tou, nenpòt lè li bare avè l'.
NUM 35:22 Men, sipoze yon moun bay yon lòt yon move bourad san li pa fè espre, san li pa rayi l', osinon li voye yon bagay konsa konsa, epi l' al pran yon moun move kote san li pa t'ap voye l' dèyè l',
NUM 35:23 oswa ankò, sipoze li voye yon wòch epi li pa wè sa, wòch la al tonbe sou yon moun, li touye l' frèt, san li pa t' rayi moun lan ni li pa t'ap chache fè moun lan mal,
NUM 35:24 nan ka sa yo, men regleman pou moun pèp Izrayèl yo swiv pou yo regle bagay la ant moun ki te touye lòt la ak fanmi pi pre moun mouri a ki reskonsab pou tire revanj la.
NUM 35:25 Pèp la va sove moun ki te touye lòt la anba men fanmi pi pre moun li touye a, l'a fè l' tounen nan lavil kote li te al kache kò l' la. Moun ki te touye lòt la va rete la jouk granprèt ki la lè sa a pou fè sèvis Bondye a va mouri.
NUM 35:26 Si moun ki touye lòt la ta rive soti andeyò limit lavil kote li kache a,
NUM 35:27 si moun ki fanmi pi pre moun li touye a bare avè l', epi li touye l', yo pa gen dwa fè fanmi pre a peye pou sa l' fè a.
NUM 35:28 Paske moun ki touye yon lòt san li pa fè espre a fèt pou rete nan lavil kote li te kache a jouk granprèt ki la lè sa a va mouri. Se apre lanmò granprèt la ase l'a ka tounen lakay li.
NUM 35:29 Regleman sa yo va sèvi tankou yon lwa pou nou pou tout tan, de pitit an pitit, kote nou pase.
NUM 35:30 Lè yon moun touye yon lòt, anvan yo touye l', se pou yo gen depozisyon divès temwen kont li. Depozisyon yon sèl temwen pa kont pou kondannen yon moun.
NUM 35:31 Nou pa gen dwa asepte lajan pou sove lavi yon moun yo kondannen pou mouri paske li touye yon lòt. Wè pa wè se pou nonm sa a mouri.
NUM 35:32 Ni nou pa gen dwa asepte lajan pou penmèt yon moun ki kite lavil kote l' te kache a pou l' al lakay li anvan granprèt ki la lè sa a mouri.
NUM 35:33 Piga nou janm fè bagay ki pou fè Bondye vire do bay peyi kote nou pral viv la. Lè yon moun touye yon lòt moun, se sa k'ap mete peyi a nan kondisyon li derespekte Bondye ak san ki koule a. Lè konsa, pa gen lòt mwayen pou fè Bondye padonnen peyi a pase se touye pou nou touye moun ki touye a.
NUM 35:34 Piga nou janm fè bagay ki pou fè Bondye vire do bay peyi kote nou rete a, paske mwen menm Seyè a, se nan mitan moun pèp Izrayèl yo, nan mitan peyi kote yo rete a, mwen rete tou.

 


Search the online bible

Back to Jesus Work Ministry main home page

Back to Jesus Work Ministry home for spiritual warfare and Christian deliverance ministry

Back to Jesus Work Ministry home for resources on Christian living

Christian deliverance and Spiritual warfare book 1

Christian deliverance and Spiritual warfare book 2

Christian deliverance and Spiritual warfare book 3

Christian deliverance and Spiritual warfare book 4

Spiritual warfare and Christian deliverance ministry classics

Other spiritual warfare and Christian deliverance resources on Jesus Work Ministry

Christian deliverance and spiritual warfare audio sermons (free Christian MP3 audio downloads)

Read online Bible - Haitian Creole Bible online. Free online bible on SpiritualWarfare.JesusWork.org -An evangelical online ministry website of Jesus Work Ministry revealing biblical truth and recent errors on spiritual warfare and deliverance ministry principles. Wrong spiritual warfare is harmful when practiced. Avoid the snare of end-time false doctrine and its sad consequences. Free deliverance and spiritual warfare books, spiritual warfare sermons, spiritual warfare audio sermons (free Christian mp3 downloads) and other resources reveal what is bible based and false Christian spiritual warfare and Christian deliverance. Spiritual growth and Christian living resources on spiritual warfare and Christian deliverance ministry principles.

Essential resources for fellow evangelicals whether in Pentecostalism, charismatic movement, Baptist, Presbyterian, AG, AME, non-denominations, Christian fundamentalists, moderates and liberals. Non-evangelicals and non-Christians most welcome. The Truth that brings true freedom knows no boundaries. Learn to distinguish between biblical and non-scripture based spiritual warfare, spiritual warfare prayers, deliverance prayers and other areas of deliverance ministry (deliverence ministry) such as casting out demons, binding demons, dealing with territorial spirits, breaking generational curses, etc.

Plus learn the truth on our spiritual armor (spiritual armour), spiritual weapons of warfare, prayer and fasting, the sword of the spirit, pleading the blood of Jesus, spiritual battles, fighting spiritual warfare, familiar spirits, spiritual authority, demonic attacks, demonic possession cases, demonic influence, casting out demons, demonic deliverance, spiritual healing, healing the wounded spirit, biblical financial freedom etc. Solving the confusion on what is spiritual warfare, deliverance ministry and bringing healing to victims of false doctrine practiced by some “deliverance ministries.” Ultimately revealing Christ, and his truth that came to set captives free from deception, spiritual bondage, the curse of the law and so on. “If you hold to my teaching, you are really my disciples. Then you will know the truth, and the truth will set you free,” Jn 8:31-32. “So if the Son sets you free, you will be free indeed,” Jn 8:36.