Back to Haitian Creole Bible online homepage (Contents Page of Online Bible)

 

Genesis 11

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12] [13] [14] [15] [16] [17] [18] [19] [20] [21] [22] [23] [24] [25] [26] [27] [28] [29] [30] [31] [32] [33] [34] [35] [36] [37] [38] [39] [40] [41] [42] [43] [44] [45] [46] [47] [48] [49] [50]

GEN 11:1 ¶ Nan konmansman, tout moun sou latè te pale yon sèl lang, yonn te konprann lòt.
GEN 11:2 Apre yo pati soti kote solèy leve a, yo rive nan yon plenn nan peyi Chenea. Yo moute kay yo la, yo rete.
GEN 11:3 Lè sa a, yonn di lòt. Mezanmi, vini non! Ann fè brik. Ann kwit yo nan dife. Se konsa, yo pran brik sèvi wòch pou bati kay, yo pran asfat sèvi mòtye.
GEN 11:4 Apre sa, yo di. Annou wè! Ann bati yon gwo lavil pou nou rete ak yon gwo gwo kay tout won byen wo ki rive jouk nan syèl la. Konsa tout moun va respekte nou, yo p'ap ka gaye nou toupatou sou latè.
GEN 11:5 ¶ Seyè a desann pou l' wè lavil la ansanm ak gwo kay won moun yo t'ap bati a.
GEN 11:6 Epi li di. Koulye a, gade! Yo tout fè yon sèl pèp. Yo tout yo pale yon sèl lang. Gade sa yo konmanse ap fè. Talè konsa y'ap pare pou yo fè sa yo vle.
GEN 11:7 Bon. N'ap desann, n'ap mele lang yo. Konsa, yonn p'ap ka konprann sa lòt ap di.
GEN 11:8 Se konsa Seyè a gaye yo toupatou sou latè. Yo sispann bati lavil la.
GEN 11:9 Se poutèt sa yo rele lavil la Babèl, paske se la Seyè a te mele lang tout moun ki rete sou latè, li fè yo pati, li gaye yo toupatou sou latè.
GEN 11:10 ¶ Men pitit pitit Sèm yo. Dezan apre inondasyon an, Sèm te gen santan (100 an) lè li fè yon pitit gason yo rele Apachad.
GEN 11:11 Apre sa, li viv senksanzan (500 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi.
GEN 11:12 Apachad te gen trannsenkan lè li te fè yon pitit gason yo rele Chela.
GEN 11:13 Apre sa, li viv katsantwazan (403 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi.
GEN 11:14 Chela te gen trantan lè li fè yon pitit gason yo rele Ebè.
GEN 11:15 Apre sa, li viv katsantwazan (403 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi.
GEN 11:16 Ebè te gen trannkatran lè li fè yon pitit gason yo rele Pelèg.
GEN 11:17 Apre sa, li viv katsantrantan (430 an). Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi.
GEN 11:18 Pelèg te gen trantan lè li fè yon pitit gason yo rele Reou.
GEN 11:19 Apre sa, li viv desannevan (209 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi.
GEN 11:20 Reou te gen tranndezan lè li fè yon pitit gason yo rele Sewoug.
GEN 11:21 Apre sa, li viv desansetan (207 an) ankò. Li fè lòt pitit gason ak pitit fi.
GEN 11:22 Sewoug te gen trantan lè li fè yon pitit gason yo rele Nakò.
GEN 11:23 Apre sa, li viv desanzan (200 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi.
GEN 11:24 Nakò te gen ventnevan lè li fè yon pitit gason yo rele Terak.
GEN 11:25 Apre sa, li viv sandiznevan (119 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi.
GEN 11:26 Terak te gen swasanndizan lè li fè twa pitit gason yo rele Abram, Nakò ak Aran.
GEN 11:27 ¶ Men pitit ak pitit pitit Terak yo: Terak te papa Abram, Nakò ak Aran. Aran te papa Lòt.
GEN 11:28 Aran mouri anvan papa l'. Li mouri lavil Our nan peyi Kalde kote l' te fèt la.
GEN 11:29 Abram ak Nakò te fè pozisyon. Abram marye ak Sarayi, Nakò marye ak Milka, pitit fi Aran. Aran te gen yon lòt pitit ankò yo te rele Jiska.
GEN 11:30 Sarayi pa t' gen pitit, li pa t' ka fè pitit.
GEN 11:31 Terak pran pitit li, Abram, pitit pitit li, Lòt, ki te pitit Aran, ansanm ak bèlfi li Sarayi ki te madanm Abram, pitit li. Li pati ak yo, li kite lavil Our nan peyi Kalde pou li ale nan peyi Kanaran. Men lè yo rive lavil Karan, yo te rete la.
GEN 11:32 Se la Terak mouri. Li te gen desansenkan (205 an).

 


Search the online bible

Back to Jesus Work Ministry main home page

Back to Jesus Work Ministry home for spiritual warfare and Christian deliverance ministry

Back to Jesus Work Ministry home for resources on Christian living

Christian deliverance and Spiritual warfare book 1

Christian deliverance and Spiritual warfare book 2

Christian deliverance and Spiritual warfare book 3

Christian deliverance and Spiritual warfare book 4

Spiritual warfare and Christian deliverance ministry classics

Other spiritual warfare and Christian deliverance resources on Jesus Work Ministry

Christian deliverance and spiritual warfare audio sermons (free Christian MP3 audio downloads)

Read online Bible - Haitian Creole Bible online. Free online bible on SpiritualWarfare.JesusWork.org -An evangelical online ministry website of Jesus Work Ministry revealing biblical truth and recent errors on spiritual warfare and deliverance ministry principles. Wrong spiritual warfare is harmful when practiced. Avoid the snare of end-time false doctrine and its sad consequences. Free deliverance and spiritual warfare books, spiritual warfare sermons, spiritual warfare audio sermons (free Christian mp3 downloads) and other resources reveal what is bible based and false Christian spiritual warfare and Christian deliverance. Spiritual growth and Christian living resources on spiritual warfare and Christian deliverance ministry principles.

Essential resources for fellow evangelicals whether in Pentecostalism, charismatic movement, Baptist, Presbyterian, AG, AME, non-denominations, Christian fundamentalists, moderates and liberals. Non-evangelicals and non-Christians most welcome. The Truth that brings true freedom knows no boundaries. Learn to distinguish between biblical and non-scripture based spiritual warfare, spiritual warfare prayers, deliverance prayers and other areas of deliverance ministry (deliverence ministry) such as casting out demons, binding demons, dealing with territorial spirits, breaking generational curses, etc.

Plus learn the truth on our spiritual armor (spiritual armour), spiritual weapons of warfare, prayer and fasting, the sword of the spirit, pleading the blood of Jesus, spiritual battles, fighting spiritual warfare, familiar spirits, spiritual authority, demonic attacks, demonic possession cases, demonic influence, casting out demons, demonic deliverance, spiritual healing, healing the wounded spirit, biblical financial freedom etc. Solving the confusion on what is spiritual warfare, deliverance ministry and bringing healing to victims of false doctrine practiced by some “deliverance ministries.” Ultimately revealing Christ, and his truth that came to set captives free from deception, spiritual bondage, the curse of the law and so on. “If you hold to my teaching, you are really my disciples. Then you will know the truth, and the truth will set you free,” Jn 8:31-32. “So if the Son sets you free, you will be free indeed,” Jn 8:36.