Back to Haitian Creole Bible online homepage (Contents Page of Online Bible)

 

Genesis 26

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12] [13] [14] [15] [16] [17] [18] [19] [20] [21] [22] [23] [24] [25] [26] [27] [28] [29] [30] [31] [32] [33] [34] [35] [36] [37] [38] [39] [40] [41] [42] [43] [44] [45] [46] [47] [48] [49] [50]

GEN 26:1 ¶ Te vin gen yon lòt grangou nan peyi a, pi rèd pase sa ki te tonbe sou peyi a nan tan Abraram lan. Lè sa a, Izarak ale yon kote yo rele Gera kay Abimelèk, wa moun Filisti yo.
GEN 26:2 Izarak fè yon vizyon, li wè Seyè a parèt devan l'. Seyè a di l': -Pa desann nan peyi Lejip, rete kote m'ap di ou rete a.
GEN 26:3 W'a pase kèk tan nan peyi sa a. M'ap avè ou, m'ap beni ou, paske mwen pral ba ou tout tè sa a pou ou menm ak pou tout ras ou. m'a kenbe sèman mwen te fè bay Abraram, papa ou.
GEN 26:4 M'ap ba ou anpil anpil pitit tankou zetwal nan syèl la. M'ap ba yo tout tè sa yo. Gremesi pitit pitit ou yo, tout nasyon sou latè pral jwenn benediksyon.
GEN 26:5 tout sa, paske Abraram te tande m' lè m' te pale avè l', li te swiv tout lòd mwen yo ak tout kòmandman mwen yo. Li te fè tout sa mwen mande l', li te obeyi tout lwa mwen yo.
GEN 26:6 ¶ Se konsa Izarak rete kote yo rele Gera a.
GEN 26:7 Lè mesye ki te rete nan peyi a mande l' kisa madanm li ye pou li, li reponn yo se sè l' li ye, paske li te pè di se madanm li Rebeka te ye pou mesye yo pa t' touye l' pou yo te ka pran Rebeka ki te bèl anpil.
GEN 26:8 Izarak te gen kèk tan depi l' te rete la. Yon jou, Abimelek, wa moun Filisti yo, t'ap gade nan fennèt li, li te wè Izarak ki t'ap pase men sou Rebeka, madanm li.
GEN 26:9 Lè sa a, Abimelèk voye chache Izarak. Li di l' konsa: -Gade non, monchè, se madanm ou li ye! Poukisa ou di se sè ou li ye! Izarak reponn li: -Mwen te di sa paske mwen te kwè yo ta ka touye m', si m' te di se madanm mwen li ye.
GEN 26:10 Abimelèk di l': -Kisa ou fè nou konsa? Yonn nan mesye nou yo ta ka byen rive kouche avèk madanm ou! Se ou ki ta lakòz nou fè peche sa a.
GEN 26:11 Se konsa Abimelèk pase lòd sa a bay tout pèp la: -Si yon moun manyen nonm sa a, osinon madanm li, y'ap touye l'.
GEN 26:12 ¶ Izarak fè jaden nan peyi a. Lè lanne a bout, li rekòlte san fwa valè sa l' te plante a, paske Seyè a te beni l'.
GEN 26:13 Msye te vin rich. Li t'ap fè lajan toujou, jouk li rive vin rich anpil anpil.
GEN 26:14 Li te gen kantite kabrit, mouton ak bèf, ak anpil moun ki t'ap sèvi l'. Sa te fè moun Filisti yo rayi sò li.
GEN 26:15 Se konsa yo konble tout pi domestik Abraram yo te fouye sou tan Abraram, papa Izarak. Yo plen yo tè.
GEN 26:16 Lèfini, Abimelèk di Izarak: -Pati, al fè wout ou! Ou pi grannèg pase nou.
GEN 26:17 Se konsa Izarak pati kite kote l' te ye a, li ale nan Fon Gera a. Se la li moute kay li pou l' rete.
GEN 26:18 Li fè refouye tout pi dlo yo te fouye sou tan Abraram, papa l'. Se pi sa yo moun Filisti yo te bouche apre lanmò Abraram. Izarak ba yo menm non papa l' te ba yo a.
GEN 26:19 Domestik Izarak yo te fouye ankò nan fon an. Yo te jwenn yon sous dlo k'ap ponpe.
GEN 26:20 Men, gadò mouton peyi Gera yo leve yon sèl kont avèk gadò mouton Izarak yo. Yo t'ap di: -Dlo sa a, se pou nou li ye. Se konsa Izarak rele pi a Pi dezagreman paske yo te chache l' dezagreman pou dlo a.
GEN 26:21 Domestik Izarak yo fouye yon lòt pi ki te lakòz yo chache yo kont ankò. Se konsa Izarak rele pi a Pi ki fè lènmi.
GEN 26:22 Lè l' wè sa, li wete kò l' kote l' te ye a, li fouye yon lòt pi pou sa pa t' fè kont. Se poutèt sa li rele pi a Pi ki pa nan kont. Li di: -Koulye a Seyè a ban nou kont espas nan peyi a pou nou pa nan kont. Se atò zafè nou pral mache nan peyi a.
GEN 26:23 Izarak pati, li moute Bècheba.
GEN 26:24 Menm jou sa a, nan mitan lannwit, Seyè a parèt nan yon vizyon, li di Izarak konsa: -Mwen se Bondye Abraram, papa ou. Ou pa bezwen pè anyen, paske mwen la avèk ou. M'ap beni ou, m'ap ba ou anpil pitit pitit, poutèt Abraram, sèvitè m' lan.
GEN 26:25 Izarak bati yon lotèl la, li fè sèvis pou Seyè a. Li moute kay li la. Domestik li yo fouye yon lòt pi.
GEN 26:26 ¶ Abimelèk soti Gera, li vin wè Izarak. Li te gen avè l' Akouzat, yon bon zanmi l', ak Pikòl, kòmandan lame li a.
GEN 26:27 Izarak mande yo: -Poukisa nou vin wè m' koulye a? Jan nou te rayi m' sa a jouk nou te rive mete m' deyò nan peyi nou an!
GEN 26:28 Yo reponn li: -Koulye a nou konnen Seyè a avèk ou. Se poutèt sa nou di n'ap fè yon kontra avè ou, n'ap sèmante yonn bay lòt.
GEN 26:29 W'ap sèmante ou p'ap janm fè nou anyen, menm jan nou pa t' janm fè ou anyen. W'ap sèmante nou te toujou aji byen avè ou. Nou kite ou ale san bri san kont. Koulye a, ou gen benediksyon Bondye sou ou.
GEN 26:30 Izarak fè gwo fèt pou yo. Yo manje, yo bwè.
GEN 26:31 Nan granmaten, yo leve, yo sèmante yonn bay lòt. Apre sa, moun Filisti yo di Izarak orevwa. Yo separe tankou de bon zanmi, epi y al fè wout yo.
GEN 26:32 Menm jou sa a, domestik Izarak yo vin ba l' nouvèl pi yo t'ap fouye a. Yo di l': -Nou jwenn dlo.
GEN 26:33 Izarak rele pi a Chibeya. Se poutèt sa, jouk jòdi a, yo rele lavil la Bècheba.
GEN 26:34 ¶ Ezaou te gen karantan lè l' marye ak Jidit, pitit fi Beri, yon moun Et. Li te gen yon lòt madanm tout yo te rele Basmat, pitit fi Elon, yon moun Et tou.
GEN 26:35 Medam sa yo te rann Izarak ak Rebeka lavi minab.

 


Search the online bible

Back to Jesus Work Ministry main home page

Back to Jesus Work Ministry home for spiritual warfare and Christian deliverance ministry

Back to Jesus Work Ministry home for resources on Christian living

Christian deliverance and Spiritual warfare book 1

Christian deliverance and Spiritual warfare book 2

Christian deliverance and Spiritual warfare book 3

Christian deliverance and Spiritual warfare book 4

Spiritual warfare and Christian deliverance ministry classics

Other spiritual warfare and Christian deliverance resources on Jesus Work Ministry

Christian deliverance and spiritual warfare audio sermons (free Christian MP3 audio downloads)

Read online Bible - Haitian Creole Bible online. Free online bible on SpiritualWarfare.JesusWork.org -An evangelical online ministry website of Jesus Work Ministry revealing biblical truth and recent errors on spiritual warfare and deliverance ministry principles. Wrong spiritual warfare is harmful when practiced. Avoid the snare of end-time false doctrine and its sad consequences. Free deliverance and spiritual warfare books, spiritual warfare sermons, spiritual warfare audio sermons (free Christian mp3 downloads) and other resources reveal what is bible based and false Christian spiritual warfare and Christian deliverance. Spiritual growth and Christian living resources on spiritual warfare and Christian deliverance ministry principles.

Essential resources for fellow evangelicals whether in Pentecostalism, charismatic movement, Baptist, Presbyterian, AG, AME, non-denominations, Christian fundamentalists, moderates and liberals. Non-evangelicals and non-Christians most welcome. The Truth that brings true freedom knows no boundaries. Learn to distinguish between biblical and non-scripture based spiritual warfare, spiritual warfare prayers, deliverance prayers and other areas of deliverance ministry (deliverence ministry) such as casting out demons, binding demons, dealing with territorial spirits, breaking generational curses, etc.

Plus learn the truth on our spiritual armor (spiritual armour), spiritual weapons of warfare, prayer and fasting, the sword of the spirit, pleading the blood of Jesus, spiritual battles, fighting spiritual warfare, familiar spirits, spiritual authority, demonic attacks, demonic possession cases, demonic influence, casting out demons, demonic deliverance, spiritual healing, healing the wounded spirit, biblical financial freedom etc. Solving the confusion on what is spiritual warfare, deliverance ministry and bringing healing to victims of false doctrine practiced by some “deliverance ministries.” Ultimately revealing Christ, and his truth that came to set captives free from deception, spiritual bondage, the curse of the law and so on. “If you hold to my teaching, you are really my disciples. Then you will know the truth, and the truth will set you free,” Jn 8:31-32. “So if the Son sets you free, you will be free indeed,” Jn 8:36.