Back to Haitian Creole Bible online homepage (Contents Page of Online Bible)

 

Genesis 2

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12] [13] [14] [15] [16] [17] [18] [19] [20] [21] [22] [23] [24] [25] [26] [27] [28] [29] [30] [31] [32] [33] [34] [35] [36] [37] [38] [39] [40] [41] [42] [43] [44] [45] [46] [47] [48] [49] [50]

GEN 2:1 ¶ Konsa, Bondye te fin fè syèl la, latè a ansanm ak tout sa ki ladan yo.
GEN 2:2 Sou sis jou, Bondye te fin fè tout sa l' t'ap fè a. Setyèm jou a, li sispann travay.
GEN 2:3 Li beni setyèm jou a, li mete l' apa pou li, paske se jou sa a li te sispann travay apre li te fin kreye tout sa l' t'ap kreye a.
GEN 2:4 ¶ Se konsa sa te pase lè Bondye t'ap kreye syèl la ak latè a. Lè Seyè a, Bondye a, t'ap fè latè ansanm ak tou sa ki nan syèl la,
GEN 2:5 pa t' gen yon ti pyebwa sou tè a. Ankenn zèb pa t' ankò pouse nan jaden, paske Bondye pa t' voye lapli tonbe sou tè a. Lèfini, pa t' gen moun pou travay latè.
GEN 2:6 Men, yon vapè dlo leve soti nan tè a, li wouze tout tè a.
GEN 2:7 Lè sa a, Seyè a, Bondye a, pran pousyè tè, li fè yon nonm. Li soufle nan twou nen nonm lan pou l' ba li lavi. Epi nonm lan vin vivan.
GEN 2:8 ¶ Seyè a, Bondye a, plante yon jaden yon kote yo rele Edenn, bò kote solèy leve a. Se la li mete nonm li te fè a.
GEN 2:9 Seyè a, Bondye a, te fè tout kalite pyebwa leve nan jaden an, bèl pyebwa ki donnen fwi ki bon pou manje. Nan mitan jaden an te gen de gwo pyebwa. Yonn se te pyebwa ki bay lavi a, lòt la se te pyebwa ki fè moun konnen sa ki byen ak sa ki mal la.
GEN 2:10 Yon gwo larivyè soti nan peyi Edenn, li wouze jaden an. Larivyè a te fè kat branch.
GEN 2:11 Premye branch lan te rele Pichon. Se larivyè sa a ki wouze tout peyi Avila a, peyi kote yo jwenn anpil lò a.
GEN 2:12 Se nan peyi sa a yo jwenn pi bon lò ansanm ak pyebwa gonm arabik ak yon pyè wouj ki koute chè yo rele oniks.
GEN 2:13 Dezyèm larivyè a rele Giyon. Se li ki wouze tout peyi Kouch la.
GEN 2:14 Twazyèm larivyè a rele Tig. Se li ki pase nan peyi Lasiri, sou bò solèy leve a. Katriyèm larivyè a se Lefrat.
GEN 2:15 Seyè a, Bondye a, pran nonm lan, li mete l' nan jaden Edenn lan pou l' travay li, pou l' pran swen l'.
GEN 2:16 ¶ Seyè a, Bondye a, bay nonm lan lòd sa a. Ou mèt manje donn tout pyebwa ki nan jaden an.
GEN 2:17 Men, piga ou manje donn pyebwa ki fè moun konnen sa ki byen ak sa ki mal la. Paske, jou ou manje l', w'ap mouri.
GEN 2:18 ¶ Seyè a, Bondye a, di ankò. Sa pa bon pou nonm lan rete pou kont li. M'ap fè yon lòt moun sanble avè l' pou ede l'.
GEN 2:19 Se konsa, Seyè a, Bondye a, pran pousyè tè, li fè tout kalite zannimo ki nan savann ak tout kalite zwazo k'ap vole nan syèl la. Lè l' fini, li mennen yo bay nonm lan pou wè ki non li tapral ba yo. Se non li te ba yo a ki rete pou yo nèt.
GEN 2:20 Se konsa, nonm lan bay tout bèt yo gade, tout bèt nan bwa ak tout zwazo ki nan syèl la non yo. Men, pa t' gen yonn ki te sanble avè l', ki ta ka ede l'.
GEN 2:21 ¶ Lè sa a, Seyè a, Bondye a, fè dòmi pran nonm lan. Msye dòmi nèt ale. Pandan l'ap dòmi an, Bondye louvri bò kòt li, li wete yon zo kòt. Apre sa, li fèmen twou a byen fèmen.
GEN 2:22 Avèk zo kòt li te wete nan nonm lan, li fè yon fanm, li mennen l' ba li.
GEN 2:23 Lè nonm lan wè l', li di. Aa! Fwa sa a, men yonn ki menm jan avè m'! Zo l' se zo mwen. Chè l' se chè mwen. Y'a rele l' fanm, paske se nan gason li soti.
GEN 2:24 Se poutèt sa, gason an va kite papa l' ak manman l' pou l' mete tèt li ansanm ak madanm li, pou tout de fè yon sèl.
GEN 2:25 Nonm lan ak madanm li te toutouni. Men, yo pa t' wont rete konsa.

 


Search the online bible

Back to Jesus Work Ministry main home page

Back to Jesus Work Ministry home for spiritual warfare and Christian deliverance ministry

Back to Jesus Work Ministry home for resources on Christian living

Christian deliverance and Spiritual warfare book 1

Christian deliverance and Spiritual warfare book 2

Christian deliverance and Spiritual warfare book 3

Christian deliverance and Spiritual warfare book 4

Spiritual warfare and Christian deliverance ministry classics

Other spiritual warfare and Christian deliverance resources on Jesus Work Ministry

Christian deliverance and spiritual warfare audio sermons (free Christian MP3 audio downloads)

Read online Bible - Haitian Creole Bible online. Free online bible on SpiritualWarfare.JesusWork.org -An evangelical online ministry website of Jesus Work Ministry revealing biblical truth and recent errors on spiritual warfare and deliverance ministry principles. Wrong spiritual warfare is harmful when practiced. Avoid the snare of end-time false doctrine and its sad consequences. Free deliverance and spiritual warfare books, spiritual warfare sermons, spiritual warfare audio sermons (free Christian mp3 downloads) and other resources reveal what is bible based and false Christian spiritual warfare and Christian deliverance. Spiritual growth and Christian living resources on spiritual warfare and Christian deliverance ministry principles.

Essential resources for fellow evangelicals whether in Pentecostalism, charismatic movement, Baptist, Presbyterian, AG, AME, non-denominations, Christian fundamentalists, moderates and liberals. Non-evangelicals and non-Christians most welcome. The Truth that brings true freedom knows no boundaries. Learn to distinguish between biblical and non-scripture based spiritual warfare, spiritual warfare prayers, deliverance prayers and other areas of deliverance ministry (deliverence ministry) such as casting out demons, binding demons, dealing with territorial spirits, breaking generational curses, etc.

Plus learn the truth on our spiritual armor (spiritual armour), spiritual weapons of warfare, prayer and fasting, the sword of the spirit, pleading the blood of Jesus, spiritual battles, fighting spiritual warfare, familiar spirits, spiritual authority, demonic attacks, demonic possession cases, demonic influence, casting out demons, demonic deliverance, spiritual healing, healing the wounded spirit, biblical financial freedom etc. Solving the confusion on what is spiritual warfare, deliverance ministry and bringing healing to victims of false doctrine practiced by some “deliverance ministries.” Ultimately revealing Christ, and his truth that came to set captives free from deception, spiritual bondage, the curse of the law and so on. “If you hold to my teaching, you are really my disciples. Then you will know the truth, and the truth will set you free,” Jn 8:31-32. “So if the Son sets you free, you will be free indeed,” Jn 8:36.