Back to Haitian Creole Bible online homepage (Contents Page of Online Bible)
Genesis 39 [1]
[2]
[3]
[4]
[5]
[6]
[7]
[8]
[9]
[10]
[11]
[12]
[13]
[14]
[15]
[16]
[17]
[18]
[19]
[20]
[21]
[22]
[23]
[24]
[25]
[26]
[27]
[28]
[29]
[30]
[31]
[32]
[33]
[34]
[35]
[36]
[37]
[38]
[39]
[40]
[41]
[42]
[43]
[44]
[45]
[46]
[47]
[48]
[49]
[50]
GEN 39:1 ¶ Moun Izmayèl yo te mennen Jozèf nan peyi Lejip. Rive la, Potifa, yon moun peyi Lejip ki te chèf nan gouvènman farawon an ak kòmandan gad palè yo, achte l' nan men yo.
GEN 39:2 Seyè a te kanpe la avèk Jozèf. Li te fè tout bagay mache byen pou li. Jozèf te rete kay mèt li, moun peyi Lejip la.
GEN 39:3 Mèt li tout te wè Seyè a te avèk Jozèf. Seyè a te fè tout zafè l' mache byen.
GEN 39:4 Potifa te kontan ak Jozèf ak jan li t'ap sèvi li. Li mete l' reskonsab kay li, li renmèt li tout sa li te genyen.
GEN 39:5 Depi lè Potifa te renmèt kay li ansanm ak tout sa li te genyen bay Jozèf, Seyè a beni kay moun peyi Lejip la poutèt Jozèf. Seyè a beni tout sa li te gen lakay li ak nan jaden l'.
GEN 39:6 Potifa te lage tout zafè l' nan men Jozèf. Li pa t' okipe anyen ankò, se annik vin chita manje. Jozèf te vin yon bèl gason byen kanpe.
GEN 39:7 ¶ Se konsa madanm mèt li a vin tonbe pou li. Li di l': -vin kouche avè m' non!
GEN 39:8 Men Jozèf derefize, li di l': -Mèt mwen an pa okipe anyen k'ap pase nan kay li a, paske mwen la. Li lage tout bagay nan men m'.
GEN 39:9 Mwen gen menm otorite avè l' nan kay la, li pa defann mwen manyen anyen, esepte ou menm, paske se madanm li ou ye. Ki jan ou ta vle pou m' fè yon bagay konsa, pou m' fè peche sa a kont Bondye?
GEN 39:10 Se chak jou li te nan kò Jozèf. Men, Jozèf te toujou derefize kouche avè l'.
GEN 39:11 Yon jou, Jozèf vin pou fè travay li nan kay la. Lè sa a pesonn pa t' la:
GEN 39:12 Madanm lan kenbe rad Jozèf, li di l': -Jòdi a, se pou ou kouche avè m'. Lè Jozèf wè sa, li chape kò l' met deyò, li kite rad la nan men madanm lan.
GEN 39:13 ¶ Madanm lan menm, lè li wè Jozèf te kite rad la nan men l' pou l' kouri ale deyò,
GEN 39:14 li rele domestik li yo, li di yo: -Nou wè sa! Mari mwen mennen yon ebre nan kay la, men koulye a li soti pou avili m'. Li vini jwenn mwen jouk isit la, li vle pou m' kouche avè l'. Mwen pete rele.
GEN 39:15 Lè li tande m' rele a, msye kouri, li met deyò, li kite rad li la bò kote m'.
GEN 39:16 Madanm lan kite rad la bò kote l', li tann mèt Jozèf la tounen lakay la.
GEN 39:17 Li rakonte l' menm bagay la, li di l': -Esklav ebre ou mennen lakay la vin jwenn mwen jouk isit la pou avili m'.
GEN 39:18 Men, mwen pete yon rèl, li kouri met deyò, li kite rad li bò kote m'.
GEN 39:19 ¶ Lè Potifa tande madanm li di l' sa domestik li a te fè l', li move sou Jozèf.
GEN 39:20 Li fè arete l', mete l' nan prizon kote yo fèmen tout prizonye wa a. Se konsa Jozèf twouve l' nan prizon.
GEN 39:21 Men Seyè a te kanpe la avèk Jozèf. Li moutre l' jan l' te renmen l', li fè chèf prizon an gen Jozèf konfyans.
GEN 39:22 Li mete l' veye tout lòt prizonye yo. Se li menm ki te reskonsab tout bagay nan prizon an.
GEN 39:23 Depi li te renmèt yon bagay nan men Jozèf, li pa t' bezwen okipe anyen ankò paske Seyè a te la avèk Jozèf. Seyè a te fè tout zafè l' mache byen.
Search the online bible
Back to Jesus Work Ministry main home page
Back to Jesus Work Ministry home for spiritual warfare and Christian deliverance ministry
Back to Jesus Work Ministry home for resources on Christian living
Christian deliverance and Spiritual warfare book 1
Christian deliverance and Spiritual warfare book 2
Christian deliverance and Spiritual warfare book 3
Christian deliverance and Spiritual warfare book 4
Spiritual warfare and Christian deliverance ministry classics
Other spiritual warfare and Christian deliverance resources on Jesus Work Ministry
Christian deliverance and spiritual warfare audio sermons (free Christian MP3 audio downloads)