Back to Haitian Creole Bible online homepage (Contents Page of Online Bible)

 

Genesis 32

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12] [13] [14] [15] [16] [17] [18] [19] [20] [21] [22] [23] [24] [25] [26] [27] [28] [29] [30] [31] [32] [33] [34] [35] [36] [37] [38] [39] [40] [41] [42] [43] [44] [45] [46] [47] [48] [49] [50]

GEN 32:1 ¶ Jakòb menm ale chemen chemen l'. Li kontre kèk zanj Bondye sou wout li.
GEN 32:2 Lè li wè yo, li di: -Sa se lame Bondye a. Se konsa li rele kote a Manayim.
GEN 32:3 ¶ Jakòb voye kèk komisyonè devan al jwenn Ezaou, frè li a, nan peyi Seyi, kote Edon te rete a.
GEN 32:4 Men sa li ba yo lòd pou yo di: -Men sa n'a di Ezaou, mèt mwen: Jakòb, nèg pa ou la, voye di ou konsa, li te pase tout tan sa a lakay Laban. Se poutèt sa li te pran tout reta sa a pou l' tounen.
GEN 32:5 Li gen bèf, bourik, mouton, kabrit, domestik ak sèvant. Li voye di ou sa pou ou ka fè pa l'.
GEN 32:6 Lè mesaje yo tounen vin jwenn Jakòb, yo di l': -Nou t ale kote Ezaou, frè ou la. Koulye a li gen tan sou wout pou l' vin kontre ou. Li gen katsan (400) moun ak li.
GEN 32:7 Jakòb te pè anpil. Li te boulvèse. Li pran moun ki te avè l' yo, li fè yo fè de pòsyon. Li fè menm bagay la ak mouton, bèf, chamo li te genyen yo.
GEN 32:8 Li t'ap di nan kè l': -Si Ezaou vin atake yon pòsyon, lòt pòsyon an va gen tan chape.
GEN 32:9 ¶ Jakòb lapriyè, li di: -O Bondye Abraram granpapa m' lan, Bondye Izarak papa m' lan! O Seyè, ou menm ki te di m' tounen nan peyi m' kote m' te fèt la! W'a fè tout bagay mache byen pou mwen.
GEN 32:10 Mwen menm k'ap sèvi ou la, mwen pa wè poukisa ou fè m' tout favè sa yo, poukisa ou toujou kenbe pawòl ou avè m'. Lè m' t'ap travèse larivyè Jouden, se annik yon baton mwen te gen nan men m'. Koulye a m'ap tounen, mwen tèlman genyen, mwen ka separe yo fè de pòsyon.
GEN 32:11 Tanpri, delivre m' non anba men Ezaou, frè mwen an! Mwen pè pou l' pa vin atake nou, pou l' pa touye ata fanm yo ak timoun yo.
GEN 32:12 Chonje sa ou te di m' lan: M'ap fè tout bagay mache byen pou ou. M'ap si tèlman ba ou pitit pitit, moun p'ap ka konte yo. Y'ap tankou grenn sab bò lanmè.
GEN 32:13 ¶ Jakòb rete pase nwit la kote l' te ye a. Apre sa, nan sa l' te gen avè l' yo, li chwazi ladan yo pou fè Ezaou, frè l' la, kado.
GEN 32:14 Li pran desan (200) fenmèl kabrit ak vin bouk, desan fenmèl mouton ak vin belye,
GEN 32:15 trant fenmèl chamo nouris ak tout ti chamo yo dèyè yo, karant manman bèf, dis towo, vin fenmèl bourik ak dis mal bourik.
GEN 32:16 Li pran bèt yo, li mete chak kalite apa, li renmèt chak kalite bay yonn nan domestik li yo. Li di yo konsa: -Pran devan mwen. Chak moun ap kite yon distans nan mitan bèt pa l' yo ak bèt ki devan l' yo.
GEN 32:17 Epi li pase premye a lòd sa a: -Lè Ezaou, frè m' lan, va kontre ou, l'ap mande ou: Kilès ki mèt ou? Kote ou prale? Pou ki moun bèt sa yo w'ap pouse devan ou konsa a?
GEN 32:18 W'a reponn li: Se pou Jakòb, nèg pa ou la. Se yon kado li voye bay Ezaou, mèt mwen an. Li menm, li dèyè, l'ap vini.
GEN 32:19 Li pase dezyèm lan, twazyèm lan ak tout lòt moun ki t'ap mache dèyè bèt yo menm lòd la. -Men sa nou gen pou n' di Ezaou, lè nou kontre l'.
GEN 32:20 Se pou nou di: Wi, Jakòb, nèg pa ou la, ap vin dèyè nou pye pou pye. Jakòb t'ap di nan kè l'. Avèk tout kado m'ap voye devan m' lan, m'ap fè kè l' kontan. Konsa, lè n'a kontre, ou pa janm konnen, li ka fè pa m'.
GEN 32:21 Moun yo pran devan ak kado yo. Men Jakòb rete dèyè, li pase nwit la kote l' te ye a.
GEN 32:22 Menm jou lannwit sa a, Jakòb leve, li pran de madanm li yo, de sèvant li yo ak onz pitit gason li yo, li janbe lòt bò larivyè Jabòk, nan pas la.
GEN 32:23 Apre li fin fè yo janbe larivyè a, li fè janbe tout sa li te genyen tou.
GEN 32:24 ¶ Men li menm, li te rete pou kont li dèyè. Lè sa a, gen yon moun ki mare batay ak li, yo goumen jouk devanjou.
GEN 32:25 Lè nonm lan wè li pa t' ka bat li, li bay Jakòb yon kou nan ren l'. Se konsa zo ren l' dejwente pandan yo t'ap goumen an.
GEN 32:26 Nonm lan di l': -Kite m' ale, paske bajou pral kase. Jakòb reponn li: -Si ou pa beni mwen, mwen p'ap kite ou ale.
GEN 32:27 Nonm lan di: -Ki jan ou rele? Li reponn: -Jakòb.
GEN 32:28 Nonm lan di l': -Yo p'ap rele ou Jakòb ankò. Y'ap rele ou Izrayèl, paske ou goumen ak Bondye, ou goumen ak moun, se ou menm ki genyen batay la.
GEN 32:29 Jakòb mande l': -Tanpri, di m' ki jan ou rele? Li reponn: -Poukisa w'ap mande m' ki jan mwen rele? Apre sa li beni Jakòb.
GEN 32:30 Jakòb di konsa: -Mwen wè Bondye, mwen pa mouri. Se konsa, li rele kote l' te ye a Penyèl.
GEN 32:31 Solèy te gen tan ap leve lè Jakòb kite Penyèl, li t'ap bwete poutèt ren li.
GEN 32:32 Se poutèt sa, jouk jòdi a, pitit pitit Izrayèl yo pa manje venn ki kenbe zo ren an, paske se sou venn sa a Bondye te frape Jakòb.

 


Search the online bible

Back to Jesus Work Ministry main home page

Back to Jesus Work Ministry home for spiritual warfare and Christian deliverance ministry

Back to Jesus Work Ministry home for resources on Christian living

Christian deliverance and Spiritual warfare book 1

Christian deliverance and Spiritual warfare book 2

Christian deliverance and Spiritual warfare book 3

Christian deliverance and Spiritual warfare book 4

Spiritual warfare and Christian deliverance ministry classics

Other spiritual warfare and Christian deliverance resources on Jesus Work Ministry

Christian deliverance and spiritual warfare audio sermons (free Christian MP3 audio downloads)

Read online Bible - Haitian Creole Bible online. Free online bible on SpiritualWarfare.JesusWork.org -An evangelical online ministry website of Jesus Work Ministry revealing biblical truth and recent errors on spiritual warfare and deliverance ministry principles. Wrong spiritual warfare is harmful when practiced. Avoid the snare of end-time false doctrine and its sad consequences. Free deliverance and spiritual warfare books, spiritual warfare sermons, spiritual warfare audio sermons (free Christian mp3 downloads) and other resources reveal what is bible based and false Christian spiritual warfare and Christian deliverance. Spiritual growth and Christian living resources on spiritual warfare and Christian deliverance ministry principles.

Essential resources for fellow evangelicals whether in Pentecostalism, charismatic movement, Baptist, Presbyterian, AG, AME, non-denominations, Christian fundamentalists, moderates and liberals. Non-evangelicals and non-Christians most welcome. The Truth that brings true freedom knows no boundaries. Learn to distinguish between biblical and non-scripture based spiritual warfare, spiritual warfare prayers, deliverance prayers and other areas of deliverance ministry (deliverence ministry) such as casting out demons, binding demons, dealing with territorial spirits, breaking generational curses, etc.

Plus learn the truth on our spiritual armor (spiritual armour), spiritual weapons of warfare, prayer and fasting, the sword of the spirit, pleading the blood of Jesus, spiritual battles, fighting spiritual warfare, familiar spirits, spiritual authority, demonic attacks, demonic possession cases, demonic influence, casting out demons, demonic deliverance, spiritual healing, healing the wounded spirit, biblical financial freedom etc. Solving the confusion on what is spiritual warfare, deliverance ministry and bringing healing to victims of false doctrine practiced by some “deliverance ministries.” Ultimately revealing Christ, and his truth that came to set captives free from deception, spiritual bondage, the curse of the law and so on. “If you hold to my teaching, you are really my disciples. Then you will know the truth, and the truth will set you free,” Jn 8:31-32. “So if the Son sets you free, you will be free indeed,” Jn 8:36.